Kreyol

Published on

Archives

Fòk Ariel demisyonen pou lajistis ka fè travay li san kè sote
Konbit Oganizasyon Politik Sendikal ak Popilè a ap suiv ak je li byen kale, ankèt k ap
mennen sou dosye Jovenel Moïse la ak divès lòt ankèt k ap make pa sou plas, sou krim san ak
krim finansye ki fèt sou rejim PHTK diferan vèsyon yo. Se vre Jovenel Moïse se yon ansasen
ki te toujou fèmen je li sou masak ki t ap fèt nan katye popilè yo ak krim ki t ap fèt kont divès
pèsonalite politik, entèlektyèl, jounalis ak lòt sitwayen nan sosyete a, men sa pa vle di pou
limyè pa fèt sou dosye li a. Nou, nan KONBIT la, nou te batay kont Jovenel, men nou pa t
batay pou se ansasen ki ranplase ansasen.
KONBIT la aprann jij Walter, ki sou dosye Jovenel la, mande PM defakto Aryel
Henry ak plizyè minis ak direktè jeneral nan pouvwa defakto a, pou yo vin bay esplikasyon
sou ansasinay Jovenel Moïse la. KONBIT la swete envitasyon sa yo se pa yon teyat anplis
pou eseye blanchi sèten moun ki gen non yo site nan dosye a. Nou deja konstate gen plizyè
moun ki soti nan kabinè enstriksyon ki vin santi yo pi konfòtab, apre yo soti devan jij la.
Nan sans sa a, KONBIT la mande demisyon gouvènman defakto Ariel Henry a, pou
fasilite bonjan dewoulman diferan ankèt k ap fèt sou krim finansye ak krim san ki fèt sou
diferan vèsyon pouvwa PHTK yo. KONBIT la kwè, pa gen okenn posiblite pou gen yon jistis
k ap fè travay li kòrèkteman, lè se kriminèl, mafya ak dilè dwòg ki pran Leta a ann otaj. Se
pou sa, demisyon oubyen depa Aryel Henry ak ekip li a, se yon kondisyon endispansab pou
dosye jistis yo vanse epi pou kriz la rezoud. Pa gen okenn moun ki gen enterè nan siye yon
branch bwa li chita sou li. Se nan sans sa a, KONBIT la pa kwè nan pawòl k ap di Ariel Henry
dwe fè pati solisyon kriz la. Solisyon kriz la, se demisyon oubyen dechoukaj pouvwa Kò
Gwoup-Ariel-Mateli-SDP-Fizyon an.
Se pou tout rezon sa yo, KONBIT la ap kontinye mande popilasyon an, nan kat kwen
peyi a ak nan dyaspora a, kontinye kenbe mouvman Bwa Kale a epi kontinye mobilize pou
nou jwenn depa pouvwa Kò Gwoup, PHTK ak alye yo.
Lajistis libere Bourik de Latalay, Percutant Flow ak 4 lòt jèn gason ki te akonpaye 2 atis yo.
Pakè Pòtoprens libere jou ki te mèkredi 9 daout la, Kernizan Wilkinson anpil moun konnen
sou non atis li ki se Bourik de Latalay, Edmond Gesnelson Junior ki gen non atis Percutant
Flow plis 4 lòt jèn gason ki se Fatal Guerson, Lestin Garlynsky, Juste Ismitchel ak François
Ricky Butervens. Lapolis te arete yo tout, madi 25 jiyè pase a, epi fè konnen yo te gen
akizasyon moun nan popilasyon bò lakay yo ki ta fè kwè yo ta pral choute videyo mizik
anndan Vilaj de Dye. Se yon akizasyon anpil moun te voye jete epi fè konnen ti mesye yo se
Kafoufèy yo ta prale, pandan yo pa t sispann mande liberasyon yo e menm lanse petisyon.
Depi yè madi a, yo te tande tout nèg yo nan Pakè men yo pa t rive libere yo, sa ki te fè anpil
moun fache ki t ap tann nèg yo libere, sitou Bourik de Latalay. Maten an, lapolis te monte ak
nèg yo nan pakè epi yo ta pral jwenn liberasyon yo, kèk èd tan aprè. Se yon liberasyon ki fè
anpil moun kontan ki te nan lakou Pakè a. Moun bò kay Bourik De Latalay te akonpaye l sot
nan Pakè rive nan blòk li, ki se Riyèl Vaillant, Ravin Pentad ak lokalite Site Choun (twa katye
ki kole). Atis la pa t fè okenn deklarasyon nan mikwo laprès jiskaske li rive lakay li ak yon
vizaj ki montre li fatige, twomatize, aprè l fin pase 15 jou nan gadavi komisarya Pòtoprens.
Depi arestasyon an, 2 atis yo pa t sispann resevwa sipò fanatik, atis ki te kanpe ak yo epi vin
wè yo. Nou ka site Izolan, TonyMix, Atroce Rockfam elatriye. N ap raple pandan arestasyon
6 nèg yo, lapolis te met lapat sou yo pandan yo te nan yon machin mak Honda CRV koulè ble
ki pa t gen plak pa dèyè. Lapolis pa t twouve anyen sou yo ni nan machin lan nan moman
arestasyon an.
Kèk moun, aprè arestasyon an, denonse konpòtman PNH ki renmen pibliye foto ak
videyo moun san lajistis poko pwononse l sou dosye yo. Yo estime sèten fwa, konpòtman sa
sal imaj kèk moun ki inosan.

Minis Nesmy Manigat distribye plizyè lo «Liv unik an kreyòl ayisyen»
Direktè lekòl Dèlma ak Site Solèy resevwa plizyè lo «Liv unik an kreyòl ayisyen» nan men minis
Nesmy Manigat. Plizyè dizèn direktè lekòl, ki sòti nan distri eskolè Dèlma ak Site-Solèy,
resevwa lendi 7 dawout, nan men minis edikasyon nasyonal la, Nesmy Manigat , plizyè lo
«Liv unik an kreyòl ayisyen» pou elèv premye ak dezyèm ane fondamantal. Liv sa yo pral
jwenn paran yo, nan non elèv ki pral nan de klas sa yo. Distribisyon sila ki te fèt nan Repiblik
Kanada antre nan kad preparatif k ap fèt pou ane akademik 2023-2024 la, dapre yon kominike
ministè edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl. Globalman, ministè a ap genyen pou li
distribiye, nan yon premye moman, 12 000 liv nan de distri eskolè sa yo. Nan depatman lwès
la, operasyon distribisyon sila a la ap rapousuiv nan 14 lòt distri eskolè yo, tankou Taba,
Kwadèboukè, Lagonav, Kafou ak Gantye. Menm operasyon ap gen pou li deplòtonnen nan 9
lòt direksyon depatmantal edikasyon yo, dapre MENFP. Nan entèvansyon li fè nan okazyon
an, minis Nesmy Manigat di li gen fèm konviksyon distribisyon gratis «Liv unik an kreyòl
ayisyen» reprezante yon gwo soulajman pou paran yo, kote majorite ladan yo ap fè fas ak gwo
difikilte pou prepare timoun yo pou rantre lekòl la. Anplis avantaj sosyal yo, minis Nesmy
Manigat te mete aksan sou avantaj pedagojik yo, sitou lè li konsidere liv sa a ap fasilite tout
elèv premye ak dezyèm ane fondamantal, nan kèlkeswa lekòl yo ye, nenpòt kote anndan peyi
a, suiv menm pwogram eskolè a.
Eliacin Evens

Popular articles

Conférence de commémoration du 199ème anniversaire de la dette de l’indépendance d’Haïti:

" Impact de la dette de l'indépendance dans le sous-développement d'Haïti"Le Mouvement Point Final...

Instabilite

De l'instabilité sociopolitique dégradante aux ingérences des puissances impérialistes occidentales en Haïti, le peuple...

Mythe ou vérité ? Le peuple haïtien, pour son propre malheur, choisirait-il des bandits comme leaders?

 Les analystes politiques prennent le vilain plaisir de culpabiliser les victimes en guise de...

Un Conseil Présidentiel de 7 membres, à la tête du pays, est-ce pour bientôt?

C’est une démarche boiteuse au mieux, bizarre certainement, mais il fallait bien entreprendre quelque...

Latest News

Biwo Suivi Akò Montana a denonse kont maltaye ki fèt pou mete Edgard Leblanc Fils nan tèt Konsèy Prezidansyèl la

Biwo Suivi Akò Montana a (BSA) fè konnen se yon kont maltaye yon kowalisyon...

Kreyol

Ayiti: tantativ evazyon nan prizon sivil Ench lan : 2 prizonye mouri epi 10 lòt...

Kreyol

Gang yo kontinye ap touye moun an Ayiti Soti 2021 rive 2024, se anviwon 400...