Kreyol

Published on

Archives

Tansyon nan ONA
Plizyè polisye debake byen bonè nan maten lendi 7 dawout 2023 a, devan Ofis Nasyonal Asirans
(ONA), nan Delma 17. Yo mete dife devan baryè a, yo boule kawoutchou, anpeche anplwaye yo antre
nan espas la. Daprè enfòmasyon jounal Ayiti Pwogrè jwenn, polisye sa a yo fè mouvman an pou
mande direktris la siyen chèk prè yo ta fè pou yo, depi kèk mwa.
Patrick Gaspard ap pale
Patrick Gaspard, ansyen direktè politik nan Mezon Blanch, sou Prezidan Obama, deklare sou twitter:
M ap swiv ak gwo enkyetid entèvansyon sekiritè pwopoze pou Ayiti ke Kenya vle dirije a. Sa a se yon
pwoblèm. Aktè Ozetazini, Nasyonzini ak entènasyonal yo bezwen konprann ke kriz sekirite an Ayiti
pa ka rezoud andeyò kriz gouvènans lan ak yon tranzisyon reyèl.
Lajitis ak Dreadlòks (Dwèd): èske genyen yon deriv totalitè nan koupe cheve jèn yo ?
Apèn enstale, nouvo komisè gouvènman nan Pakè Kap-Ayisyen an, Mèt Durand Charles Édouard,
gen tan ap fè pale de li. Revòlvè bò kòt, tankou moun ansyen tan yo, akompaye ak yon banm polisye
maske ak plizyè manm BSAP, Mèt Durand Charles Édouard vle koupe cheve pasan ki gen dwèd ou
tout jèn gason ki trese cheve yo. 2 jèn gason te gen tan tonbe anba sizo Komisè gouvènman an, nan
dezyèm vil peyi a.
Èske moun ki gen cheve trese ou sa ki gen dwèd (dreadlocks) reprezante yon danje pou
sosyete ayisyèn lan? Èske komisé gouvènman an ap suiv yon politik otoritè kèk reprezantan lajistis
deja lanse nan plizyè vil peyi a? E ki repons moun ki adopte estil sa a ? Se kesyon sa yo nou pral tande
abòde nan atik sa a ?
Dwèd: danje ou non?
Deba sou si wi ou non otorite yo gen dwa koupe drèdlòk ou moun ki trese cheve yo ap fèt lontan nan
peyi a… Gen kèk moun ki kwè drèdlòk, se yon siy pou idantifye moun ki nan gang, e pafwa yo
konsidere dwèd yo tankou yon estil ki kont kòd abiman fòmèl kèk enstitisyon tankou: lapolis, lekòl,
inivèsite ak legliz. Kèk moun kwè yon ofisye polis, yon pwofesè, yon pastè ou yon pè ki gen drèdlòk,
se yon siy ki montre yo manke respè pou pwofesyon sa yo.
Selon kèk otorite nan lapolis ak lajistis, depi ou gen dwèd si ou pa yon atis koni e rekoni, yo
tou konsidere w tankou yon danje pou sosyete a. Polisye ousnon yon komisè, san agiman jiridik, san
lòd fòmèl, gen dwa koupe cheve yo, san bri san kont, apati yon prejije, san okenn respè pou libète
endividyèl yo. Otorite itilize agiman sa yo pou komèt fòfè yo a. Youn nan yo, drèdlòk yo, moun cheve
trese yo, souvan yo asosye yo ak moun k ap itilize mariwana ou byen lòt dwòg.
Drèdlòk, se yon koup cheve ki egziste depi lontan. Se yon koup zansèt nou yo te konn fè, depi
nan peyi Bantou, Masay, Etyopi, Mau-Mau, e li menm nan Labib, pou kretyen yo. Jean-Baptist ak
Samson se 2 pi gwo figi biblik ki te gen dwèd, akote solda Wa Salomon yo, ki te gen gwo dwèd yo
nan tèt yo.
Se yon estil ki makonnen tou ak mouvman Rastafari nan Jamayik. Dwèd yo, nan mouvman sa
a, se yon senbòl espirityalite ak kwayans nan yon relijyon, e li pa siy delenkans ni yon senbòl pou
idantifye moun k ap fimen dwòg ou byen ki nan gang.
Gen moun ki adopte estil sa a, e sa pa ni akòz yon kwayans relijye ni akòz yon apatenans ak
mouvman politik oubyen ak yon gwoup etnik. Yo fè l senpman paske se yon koup cheve ki alamòd.
Nan okenn ka, komisè Durand pa dwe koupe cheve yo. Zak sa a se yon vyolasyon dwa pou moun yo
pratike yon relijyon ak yon derespektans pou libète endividyèl yo, jan Konstitisyon 1987 ayisyen an
garanti yo.
Pratik koupe cheve: yon avangou, yon mesaj pou l’anse yon politik bout di?
Pou Pwofesè Rodolphe Mathurin, bagay sa a, se yon lòt bagay, li pa senp. Pratik sa a, se pa yon ti
vyolasyon libète endividyèl dwèd yo, li deklare nan yon pòs sou kont ofisyèl Facebook li. Li denonse
pratik sa a ak tout fòs li, e li ekri: «Atansyon : se pa yon pwoblèm ak ” dwèd” ki poze. Sa komisè
Okap la fè a, se yon tès, menm jan gen dòt ki konn fèt deja, nan lide pou retounen ak lojik abitrè a,
kòm nouvo referans. E pèsonn pa dwe aksepte l ni chache jistifye l».

Nan menn pòs sa a, Pwofesè Mathurin ta vle fè referans ak pratik gouvènman boutdi François
Duvalier ki, nan lane 1970 yo, te konn atake mouvman IPI yo. Makout ak lame te konn mache koupe
cheve tout ipi e te entèdi estil ipi nan peyi a, Papa Doc te konsidere IPI yo tankou kamoken.
Li konsidere pratik sa a tankou yon pratik totalitè ki se siy pourisman Leta ayisyen an: Se yon
klasik: «Apre tan deperisman sistèm pouri a, y ap prepare peyi a, e se yon tandans k ap mondyal, pou
retounen nan lojik rejim boutdi yo. Gen moun ki rele sa fachis», li te ajoute «pratik sa a, se yon repons
ak deperisman Leta a, e li kwè: Devan demand istorik pou JISTIS, pou yon LÒT ETIK pèp yo ap
reklame a, sistèm mondyal la pral reponn ak vyolans, terè».
Li te kontinye pou di: «resere ran nou, mare ren nou pou mennen gwo konba sa a. Se aki
demokratik yo ki menase». Menm jan ak IPI yo, gen dwèd, se yon repons, yon deklarasyon politik
kont opresyon ak dominisayon. Li nesesè pou nou pwoteje l.
Pa manyen dwèd nou yo, yon defi lanse pou pwoteje fason yo deside viv
Chantè angaje rege, Chango Bastia, lanse yon chalenj sou move desizyon komisè gouvènman Okap la
pou koupe cheve trese ak dreadlock yo. Li rele defi a: «Mwen ayisyen, Mwen drèd, ki pwoblèm ?»
Chalenj sa a pwopoze pou dwèd yo poste foto yo ou foto zanmi ki dwèd, pou denonse vyolasyon
flagran dwa moun ak dwa pou moun lan fè sa li vle ak kò li. Defi sa a limen epi gaye sou tout rezo
sosyal yo. Entènòt yo reaji pozitivman ak chalenj sa a, tankou jounalis Mirlène Joanis, powèt, ekriven,
atis; gerisèz, Velina Elysée Charlier; reyalizatè fim, aktivis, Gilbert Mirambeau Jr.; pwofesè, James
Darbouze, militan aktivis politik dwèd, Armand ak plizyè lòt dwèd ki poze komisè gouvènman
Durand yon sèl kesyon: ki moun ki ba w dwa pou koupe cheve nou ? E ak defi sa a, yo deside goumen
pou fè respekte dwa pou yo defini fason pou yo viv jan yo vle, kote yo vle.
Se yon chalenj ki pouse komisè gouvènman Okap la, Met Édouard Charles Durand demanti
tout akizasyon vyolasyon dwa moun ki tonbe sou do li, apre li te finn koupe cheve 2 jen gason nan lari
Kap-Ayisyen. Komisè gouvènman Édouard Charles Durand te menn rive mande padon pou zak li a.
«Mwen rekonèt se pa bon reyaksyon an e mwen mande eskiz pou sa. Se te yon erè. Mwen te rekonèt
li, depi nan kòmansman, e sa pa p kontinye ankò», li te ajoute nan mikro yon jounalis nan vil Okap.
Ronald Léon

Popular articles

Conférence de commémoration du 199ème anniversaire de la dette de l’indépendance d’Haïti:

" Impact de la dette de l'indépendance dans le sous-développement d'Haïti"Le Mouvement Point Final...

Instabilite

De l'instabilité sociopolitique dégradante aux ingérences des puissances impérialistes occidentales en Haïti, le peuple...

Mythe ou vérité ? Le peuple haïtien, pour son propre malheur, choisirait-il des bandits comme leaders?

 Les analystes politiques prennent le vilain plaisir de culpabiliser les victimes en guise de...

Un Conseil Présidentiel de 7 membres, à la tête du pays, est-ce pour bientôt?

C’est une démarche boiteuse au mieux, bizarre certainement, mais il fallait bien entreprendre quelque...

Latest News

Kreyol

Gang yo kontinye ap touye moun an Ayiti Soti 2021 rive 2024, se anviwon 400...

Kreyol

Men konsta yon sitwayen ayisyen Lidè Politik ayisyen yo pran *lajan peyi* a, chanje yo...

Pati Popilè Nasyonal (PPN) denonse plan lanmò Kò Gwoup la

Pati Popilè Nasyonal salye laprès pale, ekri, televize ak medya an liy yo, pou...