Kreyol

Published on

Archives

Zak kriminèl bandi ak zam yo ogmante anpil anpil
Kantite zak kriminèl bandi ak zam yo ogmante anpil anpil, nan dènye semenn sa yo, nan
Pòtoprens ak lòt zòn nan peyi d Ayiti, kote moun kontinye ap kouri kite kay yo, pa bann e pa
pakèt, dapre yon ranmase AlterPresse ak AlterRadio.
Lendi 24 jiyè 2023 a, anpil moun nan komin Taba (nan lès kapital la) t ap eseye kite
kote yo rete yo, akoz gwo tansyon, gwo kout zam k ap kontiye chante, depi plizyè jou, nan
komin lan, dapre enfòmasyon yo.
Yon valè abitan zòn lan, blije al chèche refij arebò anbasad ameriken, pandan gang yo
ap opere tou pre anbasad la.
Ameriken te deja anonse, depi plizyè semèn, sitiyasyon an t a pral gate pi rèd nan
Taba, san Leta pa pran ankenn dispozisyon pou pwoteje popilasyon an.
Gen kouri tou nan Bellevue, La Montagne, nan Petyonvil (toujou nan lès Pòtoprens).
Anpil abitan kite zòn lan, akoz degenn gang ak zam, dapre temwayaj yo.
Paralèlman, gang nan zòn nò kapital la fè va sou kamyon ki al pran gaz nan tèminal
Vare a, nan Site-Solèy. Konpayi yo blije peye gwo ranson lajan epi gaz pou yo kab al chaje
epi soti ak pwodui pou al distribye l.
Leta peyi d Ayiti a montre li pa ekziste ditou, lè li kite gang ak zam yo kontinye ap
dechèpiye konpayi gaz yo: se dizon ekonomis ak espesyalis nan politik Joseph Harold Pierre.
Komin Lyankou: 3 moun mouri, anpil kay boule
Dimanch 23 jiyè 2023 a, gwoup gang ak zam ki bay tèt yo non Baz Gran Grif Savyen,
ansasinen, pou pi piti, 3 moun, blese yon dizèn lòt moun, kidnape 10 lòt moun, boule yon
dizèn kay, pami yo: Radyo Antatik, nan komin Lyankou, depatman Latibonit, dapre temwayaj
ki vin jwenn AlterPresse ak AlterRadio.
Depi koumansman lane 2023 a, Baz Gran Grif Savyen yo fè anpil dega nan komin
Lyankou. Mèkredi 25 janvye 2023 a, bandi ak zam Gran Grif yo te ansasinen 6 polisye
nasyonal, nan yon atak yo te fè kont komisarya polis Lyankou a.
Polisye nasyonal, ki te pèdi lavi yo, se te Kether Louis, Mackès Badin, Donalson
Innocent, Norabert Aurélus, James Junior Félix et Camille Pierre. Gen yon 7tyèm polisye
nasyonal, Osny Mesadieu, ki te blese anba bal nan atak lan, k al rann dènye souf li lopital ,
dapre yon ranmase Rezo nasyonal k ap defann dwa moun yo (Rnddh).
Eliacin Evens

Popular articles

Interrogations sur les motifs de refoulement des Haïtiens munis de visa américain, canadien ou Schengen

Le refoulement des Haïtiens, munis de visa américain, canadien ou Schengen, débarquant dans les...

Conférence de commémoration du 199ème anniversaire de la dette de l’indépendance d’Haïti:

" Impact de la dette de l'indépendance dans le sous-développement d'Haïti"Le Mouvement Point Final...

Instabilite

De l'instabilité sociopolitique dégradante aux ingérences des puissances impérialistes occidentales en Haïti, le peuple...

Mythe ou vérité ? Le peuple haïtien, pour son propre malheur, choisirait-il des bandits comme leaders?

 Les analystes politiques prennent le vilain plaisir de culpabiliser les victimes en guise de...

Latest News

Kreyol

Wilson Pierre alyas Balans, anba kòd Sibtiti komisè gouvènman Aken an, Mèt Rousseau Libin, nan...

Biwo Suivi Akò Montana a denonse kont maltaye ki fèt pou mete Edgard Leblanc Fils nan tèt Konsèy Prezidansyèl la

Biwo Suivi Akò Montana a (BSA) fè konnen se yon kont maltaye yon kowalisyon...

Kreyol

Ayiti: tantativ evazyon nan prizon sivil Ench lan : 2 prizonye mouri epi 10 lòt...