Kreyol

Published on

Archives

Ariel fè de zan ap ranse sou pouvwa a
Prezidan Group òganizasyon pou Chanjmn d Ayiti (GOCH Ayiti), mèt Wilfrid Michel, drese
yon bilan katastrofik pandan 24 mwa PM defakto Ariel Henry deja pase nan tèt Primati
repiblik la, kote plis pase 2 971 moun pèdi lavi yo anba bal, 2115 moun kidnape ak 17 masak
ki fèt nan diferan katye anndan peyi a. Dirijan estrikti GOCH Ayiti a, mèt Wifrid Michel, pa
mete dlo nan bouch li pou kritike lokatè ilegal Primati a ki pa deside desann pri gaz la sou
mache lokal la, alòske pri pwodwi petwolye yo pa sispann bese sou mache entènasyonal la.
Nan sans sa a, dirijan politik la anonse mobilizasyon yo ap kontinye nan kat kwen peyi a, nan
lide pou dechouke gouvènman anplas la ki pa p regle anyen serye nan tèt peyi a.
Aba Ariel Henry!
20 jiyè 2021 – 20 jiyè 2023, fè Ariel Henry 24 mwa depi li ap koupe rache nan tèt peyi a,
pandan sitiyasyon popilasyon an ap vin pi mal chak jou, ak fenomèn ensekirite a ki pa sispann
taye banda. Gran Sid ak Gran Nò peyi a bloke, se bandi k ap fè lalwa. Pou tout rezon sa yo,
plizyè òganizasyon sosyopolitik te foule beton an, jedi 20 jiyè 2023 a, pou mande Ariel Henry
ak tout akolit li yo, bay Primati a blanch. Pi lwen, kèk dirijan kontinye pou mande Kominote
Entènasyonal la, notaman Kò Gwoup la, pou vini pran Ariel, paske se yo ki te mete l sou
pouvwa a ak yon tweet.
«Koripsyon se yon kansè pou devlopman Ayiti»
OCNH, yon òganizasyon k ap defann dwa moun nan peyi d Ayiti, te òganize, jou vandredi 21
jiyè a, yon atelye travay pou plizyè òganizasyon k ap defan dwa moun, tankou: MODELA,
PLAFODA ak plizyè manm Sosyete Sivil la, nan depatman Latibonit. Atelye travay sa te
dewoule sou tèm: «la Corruption est un Cancer pour développement d’Haïti».
Eliacin Evens
Nèf (9) ane pou Eddy Alexandre, PDG Cryptocurrency
Eddy Alexandre, PDG Cryptocurrency ak platfòm komèsyal Forex EminiFx, kondane pou li
pase nèf lane oubyen 108 mwa nan prizon, pou patisipsyon li nan konplo pou detounen 240
milyon dola envestisè li yo. Damian Williams, Prokirè Etazini pou Distri Sid Nouyòk la, te
anonse 18 jiye a, Jij Distri Ameriken, John P. Cronan, te kondane Eddy Alexandre a nèf ane
prizon, poutèt li t ap fè fwod ak rakèt sou do manm konimote ayisyen an. Alexandre te lidè
yon swadizan kriptomonnen ak echanj («foreks») platfòm komès ki rele EminiFX, epi li te
twonpe ak kase ponyèt plis pase 25 000 envestisè nan platfòm EminiFX, pou plis pase 248
milyon dola. Prokirè Ameriken, Damian Williams, te deklare: «Eddy Alexandre te twonpe
plizyè dizèn milye envestisè òdinè pou prèske yon ka milya dola, nan tronpri ak yon swadizan
envestisman kripto. Fwod Alexandre la te oze anpil e li te ofri moun omwen 5% sou kapital
lajan yo, a chak semen san okenn baz e li te pran pòz li t ap sèvi ak yon teknoloji entèlijans
atifisyèl komèsyal ki pa t menm egziste. Sa ki pi rèd la, Alexandre te rekrite anpil nan
envestisè li yo nan mitan legliz epi te eksplwate konfyans moun yo te fè li nan legliz li a, pou
twonpe moun nan kominote ayisyèn lan. Li te ale pi lwen toujou, nan angaje manm nan legliz
la, pou ede l rekrite envestisè EminiFX. Santans jodi a montre dirijan lajan kripto k ap bay
manti ak tronpe kliyan, y ap responsab pou krim yo a. Nan ak akizasyon ak lòt deklarasyon yo
te fè nan tribinal la, yo jwenn Eddy Alexandre:

  • Te itilize yon swadizan platfòm envestisman EminiFX, Inc. («EminiFX»), li te fonde, e pou
    li te jwenn plis pase $248 milyon dola envestisman nan men plis pase 25 000 envestisè
    endividyèl, nan peryòd septanm 2021 ale jiska anviwon me 2022;
  • Li te di envestisè yo t ap touche revni pasif, atravè envèstisman otomatik nan
    cryptocurrency ak komès foreks;
  • Alexandre te ofri envestisè li yo «garanti» y ap tire gwo avantaj, lè yo sèvi avèk nouvo
    teknoloji sa a, ki te yon sekrè;
  • Espesyalman, Alexandre te bay envestisè yo manti, lè li te di yo ka double lajan yo nan senk
    mwa, apre yo te envesti, e yo t ap touche omwen 5% deretou, chak semèn, sou envestisman
    yo, lè l sèvi avèk yon «Konsèy Robo Asistans», pou fè komès.
    Alexandre te refize bay non teknoloji sa a. Lè yo te mande l non sa a li deklare: se
    «sekrè komèsyal» li, epi li te refize di envestisè yo ki sa teknoloji sa a te ye. Chak semèn, sit
    entènèt EminiFX a bay manti epi te prezante envestisè yo ke yo te touche omwen 5% sou
    envestisman yo an, ke yo te kapab retire oswa re-envesti. An verite e an reyalite, Alexandre te
    byen konnen, EminiFX pa t touche okenn 5% deretou sou envestisman, chak semèn, pou
    envestisè li yo.
    Alexandre pa t menm envesti yon bon pati nan fon envestisè yo te konfye li a e
    Alexandre te plis pèdi plizye milyon dola sou yon ti pòsyon limite nan fon yo, li te envesti. E
    sa, li pa t janm di envestisè li yo. Olye pou l ta envesti lajan envestisè yo, jan li te pwomèt la,
    Alexandre te prefere kaze ponyèt manm li yo, li detounen apeprè $ 14 700 000 sou kont
    labank pèsonèl li. Pa egzanp, Alexandre te itilize 155 000 dola nan lajan envestisè yo pou
    achte yon machin BMW pou tèt li, epi li te depanse yon lòt $13 000 nan lajan envestisè yo,
    pou peye machin, pami yo: yon Mercedes Benz.
    Eddy Alexandre, yon dirijan nan legliz Advantis Maranatha 7yèm jou nan Queens
    Village, nan Nouyòk, yon moun ki gen lafwa men pe de fwa, trayi konfyans anpil travayè ak
    klas mwayen defavorize nan kominote ayisyen nan peyi Etazini. Jij Cronan te fè konnen tan
    maksimòm legal la se 120 mwa, men li te deside kondane kasè d ponyèt la, a 108 mwa prizon,
    e li te di Eddy Alexandre te kanpe, sèlman paske yo te kenbe l. E li ajoute eskwo yo rele
    Alexandre lan, ta dwe konnen chak zak li poze gen konsekans reyèl li.
    Rapè ayisyen MechansT: yo akize li sèvi ak entèlijans atifisyèl (AI), pou fè vwa
    Kendrick Lamar sou nouvo album li a
    Rapè ayisyen, MechansT, sanble twonpe HMI ak yon vwa sispèk, Kendrick Lamar, nan
    albòm tou nèf li a ki rele: «A Table». MechansT, ki rele tout bon vre Wens Jonathan Desire,
    te anonse Kendrick Lamar chante yon mizik ki rele, «G.O.A.T.» nan albòm li an, ki te soti 10
    jiyè, e dapre Haitian Times ki te menmen ankèt sou sitiyasyon an, li fè konnen track sa a te
    kapab pwodwi ak vwa entèlijans atifisyèl (A.I.) ki imite kòd vokal sipèsta entènasyonal la,
    Kendrick Lamar. Nan yon premye tan, Platfòm Apple Music ak Spotify retire mizik,
    «G.O.A.T.,» ak vwa sispèk Kendrick Lamar ak yon lòt ki gen vwa sispèk, L.A.X., «Amanda»,
    nan albòm «A Table» la, paske li ta sanble twonpe yo ak 2 fo vwa 2 gwo atis entènasyonal.
    Nan yon pòst, vandredi 14 jiyè, sou kont Instagram li a, MechansT te di se akòz
    enkapasite li pou pwouve otantisite vwa Kendrick Lamar sou dènye albòm «À Table» li a, ki
    fè Platfòm yo te retire Goat sou Apple Music ak Spotify. Kanta chante «Amanda» ak vwa
    L.A.X, se akòz atis nijeryen an ta chanje labèl ki lakòz retrè tit sa a».
    Nan menn deklarasyon sa a, MechansT te mande Carel Pedre eskiz, paske se sou
    Chokarella li te anonse an premye, kolaborasyon li yo ak Kendrick Lamar ak L.A.X.
    Revelasyon sa a mete HMI nan gwo difikilte. Anpil moun ap mande pou ki sa MechansT ta
    twonpe sosyete a nan itilize yon vwa atifisyèl pou 2 kolaborasyon sa yo ? Eskiz MechansT yo
    tou akize l kòm yon vrè fo rape. Èske HMI gen rezon ou gen pouvwa pou entèdi MechansT
    pwodwi nan mond mizikal ayisyen an?
    Ronald Léon

Popular articles

Interrogations sur les motifs de refoulement des Haïtiens munis de visa américain, canadien ou Schengen

Le refoulement des Haïtiens, munis de visa américain, canadien ou Schengen, débarquant dans les...

Conférence de commémoration du 199ème anniversaire de la dette de l’indépendance d’Haïti:

" Impact de la dette de l'indépendance dans le sous-développement d'Haïti"Le Mouvement Point Final...

Instabilite

De l'instabilité sociopolitique dégradante aux ingérences des puissances impérialistes occidentales en Haïti, le peuple...

Mythe ou vérité ? Le peuple haïtien, pour son propre malheur, choisirait-il des bandits comme leaders?

 Les analystes politiques prennent le vilain plaisir de culpabiliser les victimes en guise de...

Latest News

Kreyol

Wilson Pierre alyas Balans, anba kòd Sibtiti komisè gouvènman Aken an, Mèt Rousseau Libin, nan...

Biwo Suivi Akò Montana a denonse kont maltaye ki fèt pou mete Edgard Leblanc Fils nan tèt Konsèy Prezidansyèl la

Biwo Suivi Akò Montana a (BSA) fè konnen se yon kont maltaye yon kowalisyon...

Kreyol

Ayiti: tantativ evazyon nan prizon sivil Ench lan : 2 prizonye mouri epi 10 lòt...