HomeNouvèl kout an kreyòlAyiti gen pi plis krim…

Ayiti gen pi plis krim…

Published on

Archives

Ayiti gen pi plis krim pase Lafrik-di-sid, Onduras, Siri, Jamayik men Repiblik Dominikèn,
Jamayik, Brezil devan Ayiti nan peyi ki gen pi gwo pousantaj kote yo touye moun pa abitan
(pou 100,000 popilasyon).
Dapre sa World of Statistics poste sou sitwèb li nan dat 12 jiyè 2023, pou 11 jiyè sa a,
Ayiti pami 10 peyi ki pi krimimèl nan mond lan, jiska 11 jiyè 2023. Ayiti klase katriyèm.
Devan li, nou jwenn: 1. Venezyela; 2. Papouasie-Nouvelle-Guinée, ann angle: Papua New-
Guinea; 3. Afganistan e 6 lòt peyi yo apre Ayiti se: 5. Lafrik-di-Sid; 6. Ondiras; 7. Trinidad
ak Tobago; 8. Siri; 9. Giyàn, 10. Jamayik.
Nan kèk peyi ki yon dyaspora ayisyen, n ap site tankou: 13. Brezil; 32. Chile; 38.
Lafrance; 40. Meksik; Etazini 57; Kanada 79.
Nan 10 peyi ki pi gen plis krim sou latè, nou jwenn de peyi nan Amerik-di-Sid:
Venezyela ki ofisyèlman rele Repiblik Bolivaryen Venezyela ak Giyàn, ofisyèlman Repiblik
Koperativ Giyàn, nan nò Amerik-di-Sid la.
2 peyi nan Azi: Afganistan, yon peyi miltietnik ki nan kè sid Azi santral, ak Siri,
ofisyèlman Repiblik Arab Siryen, ki nan lwès peyi azyatik yo, men ki sitiye nan lès
Mediterane a.
Yon peyi nan kontiman Oseyani, Papouasie-Nouvelle-Guinée, an angle: Papua New
Guinea, se yon zile nan sidwès Oseyan Pasifik, ki endepandan men gen monachi Wayòm Ini
ki sou tèt li.
Ondiras, ofisyèlman Repiblik Ondiras, se yon peyi nan Amerik Santral la. Ayiti,
Trinidad, Jamayik se twa zile nan Karayib la. Lafrik-di-Sid, ofisyèlman Repiblik Afrik-di-Sid,
se peyi ki pi nan sid an Afrik.
Peyi ki gen pi gwo pousantaj kote yo touye moun (pou yon popilasyon 100 000 moun)
Pousantaj krim jeneral yo kalkile lè w divize kantite total krim ki rapòte pa kantite popilasyon
total la, epi miltipliye rezilta a pa 100 000 (paske to krim an jeneral rapòte kòm X kantite krim
pou chak 100 000 moun). Pousantaj krim yo varye anpil, de peyi an peyi, e gen anpil faktè ki
enfliyanse li. Pa egzanp, nivo povrete ki wo ak to chomaj gen tandans pou gonfle to krim nan
yon peyi.
Okontrè, ranfòsman strikti lapolis ak gwo santans lajistis gen tandans diminye
pousantaj krim nan yon peyi.
Genyen tou yon gwo korelasyon ant laj ak krim, pifò krim, espesyalman krim vyolan,
se jèn ki gen ant 20-30 lane ki komèt yo.
Pousantaj krim jeneral nan peyi Dayiti se 6,68, dapre Global Index. Pousantaj krim
vyolan an Ayiti te ogmante anpil, pandan 25 ane ki sot pase yo. Men, kantite moun yo touye
sou 100 000 moun an Ayiti pa anpil. Malgre to ensekirite a wo anpil, nan kèk vil nan peyi a.
Ayiti klase 35yèm. Premye a, El Salvador: 52,02; Ozetazini:47,70; Jamayik: 43,85; Lesoto:
43,56; Onduras: 38,93; Belize : 37,79; Venezyela : 36,69; Lafrik-di-Sid: 36,40; Nigeria:
34,52, Bahamas : 31,96.
Pousantaj krim jeneral nan peyi panyòl, kay vwazen an, se 10,05. Malgre sa, peyi
vwazen an parèt pi estab, e touris kontinye vizite l, malgre to kriminalite sa a.
Fòk nou konnen pousantaj yo ka diferan, selon sit nou konsilte yo, e diferans yo soti
apati metòd yo itilize pou kalkile yo. Men, redaksyon Tinouvel te konsilte 2 sit nou ka verifye
sou wèb paj yo.
World of Statistics se yon Sitwèb ki pibliye regilyèman estatistik ak enfòmasyon ajou,
sou evènman ak aktivite ki gen rapò ak estatistik atravè lemond. World of Statistics gen ladan
l sosyete pwofesyonèl estatistik nasyonal ak entènasyonal, kolèj ak inivèsite, lekòl primè ak
segondè, biznis, ajans estatistik gouvènmantal, ak enstiti rechèch. Òganizasyon sa yo sitiye
nan 131 peyi nan mond lan.

The Global_Index se yon Sitwèb ki bay enfòmasyon sou Estatistik Mondyal:
Ekonomi, Syans ak Edikasyon, Vwayaj, Atizana, Teknoloji, Demografi, Jeyografi, Politik,
Militè, Kat, Espò e latriye, ak plis ankò.
Ronald Léon

Popular articles

Conférence de commémoration du 199ème anniversaire de la dette de l’indépendance d’Haïti:

" Impact de la dette de l'indépendance dans le sous-développement d'Haïti"Le Mouvement Point Final...

Instabilite

De l'instabilité sociopolitique dégradante aux ingérences des puissances impérialistes occidentales en Haïti, le peuple...

Mythe ou vérité ? Le peuple haïtien, pour son propre malheur, choisirait-il des bandits comme leaders?

 Les analystes politiques prennent le vilain plaisir de culpabiliser les victimes en guise de...

Un Conseil Présidentiel de 7 membres, à la tête du pays, est-ce pour bientôt?

C’est une démarche boiteuse au mieux, bizarre certainement, mais il fallait bien entreprendre quelque...

Latest News

Biwo Suivi Akò Montana a denonse kont maltaye ki fèt pou mete Edgard Leblanc Fils nan tèt Konsèy Prezidansyèl la

Biwo Suivi Akò Montana a (BSA) fè konnen se yon kont maltaye yon kowalisyon...

Kreyol

Ayiti: tantativ evazyon nan prizon sivil Ench lan : 2 prizonye mouri epi 10 lòt...

Kreyol

Gang yo kontinye ap touye moun an Ayiti Soti 2021 rive 2024, se anviwon 400...