[tds_menu_login inline="yes" guest_tdicon="td-icon-profile" toggle_txt="My account" logout_tdicon="td-icon-log-out" menu_gh_txt="Get into your account." tdc_css="eyJhbGwiOnsibWFyZ2luLWJvdHRvbSI6IjAiLCJkaXNwbGF5IjoiIn19" f_uh_font_family="653" f_links_font_family="653" f_uf_font_family="653" f_uh_font_size="eyJhbGwiOiIxMyIsInBvcnRyYWl0IjoiMTIifQ==" f_links_font_size="eyJhbGwiOiIxMyIsInBvcnRyYWl0IjoiMTIifQ==" f_uf_font_size="eyJhbGwiOiIxMyIsInBvcnRyYWl0IjoiMTIifQ==" f_uh_font_weight="500" f_links_font_weight="500" f_uf_font_weight="500" f_toggle_font_family="653" f_toggle_font_size="eyJhbGwiOiIxMyIsInBvcnRyYWl0IjoiMTIifQ==" f_toggle_font_weight="500" ia_space="8" menu_offset_top="15" show_version="" f_gh_font_family="653" f_btn1_font_family="653" f_btn2_font_family="653" f_gh_font_size="eyJhbGwiOiIxMyIsInBvcnRyYWl0IjoiMTIifQ==" f_btn1_font_size="eyJhbGwiOiIxMyIsInBvcnRyYWl0IjoiMTIifQ==" f_btn2_font_size="eyJhbGwiOiIxMyIsInBvcnRyYWl0IjoiMTIifQ==" f_gh_font_weight="500" f_btn1_font_weight="500" f_btn2_font_weight="500" menu_gc_btn1_bg_color="#ec3535" menu_gc_btn1_bg_color_h="#000000" menu_gc_btn2_color="#000000" menu_gc_btn2_color_h="#ec3535" menu_gc_btn1_radius="4" menu_ul_link_color="#000000" menu_ul_link_color_h="#ec3535" menu_uf_txt_color="#000000" menu_uf_txt_color_h="#ec3535" show_menu="yes"]

Kreyol

Archives

spot_img

IPAM mande pèp la leve kanpe
Patriyòt pa gen dwa rete bra kwaze ! Ayiti an danje ! Oligak kontrebandye, politisyen raketè, ak
konplisite Kò Gwoup, lage peyi an nan yon katastwòf san parèy. Yo deside jwe tout ti vis pou
renouvle kawo a k a fè lavirwonn, epi kenbe sistèm gwo vale piti a, tennfas. Inisyativ Patriyòt
Maryen (IPAM) kwè li nesesè pou tout pitit peyi a, ki pa gen grenn zanno kay òfèv, leve kanpe
pou batay kont malè pandye sa a. IPAM kwè konba tout patriyòt jodi a, tout pwogresis, dwe
chita sou ansanm pwen fondamantal sa yo :

  1. «Kesyon Sekirite» : Popilasyon an dwe kontinye òganize brigad vijilans pou pwoteje
    tèt li pou l sispann pitimi san gadò. Brigad nan tout rakwen peyi a se zouti efikas pou kwape
    bandi, ansasen, kidnapè, boujwa kriminèl, ofisyèl ak soubreka pouvwa tèt kale Ariel Henry a. Se,
    an menm tan, remèd ki pi efikas pou kaba fenomèn ensekirite a, devan konplisite leta.
  2. «Grangou, Mizè ak Krim Ekonomik» : Mobilizasyon san pran souf kont oligak
    kontrebandye, pouvwa Aryel la, politisyen raketè ak tout sipòtè yo nan kominote Entènasyonal la
    ki t ap ede yo defilfare lajan leta, pandan mas pèp la ap viv nan malsite. Malgre gaz desann sou
    mache entènasyonal la, l ap vann tèt nèg nan peyi a, epi boujwa kontrebandye ap kreye rate
    atifisyèl pou fè mache nwa.
  3. «Gouvènans ak Tranzisyon Koupefache»: Oganizasyon k ap goumen kòtakòt ak mas
    yo, dwe travay pou yo ranfòse estrikti ki pèmèt yo jwenn solisyon pou retire peyi a nan
    katchouboumbe pouvwa delenkan Aryèl Henri a. Pa gen wout pa bwa, sèl yon Tranzisyon Koupe
    Fache kapab mennen n sou wout devlòpman dirab. Nan mitan n, pa fèt pou gen trèt.
  4. «Sanksyon Entènasyonal»: Sanksyon divèsyon pa dwe vire lòlòj nou pou n sispann
    batay. Se anba je entènasyonal la yo defilfare 2.3 milya dola PetroKaribe, Bidjè Leta nan Dwann,
    DGI, APN, Fon Paspò, Kowona, elatriye…. Se ansanm ak yo, Bill Clinton defilfare 14 milya
    dola CIRH. Si sanksyon yo te pi serye, kòwonpi tout plim, tout plimay t ap vole gagè, paske
    lajistis t ap mache sou yo. O kontrè, oligak yo, alye kidnapè yo vin pi awogan, yo kontinye ap
    salopete peyi a, nan menm lojik apre nou se nou an.
  5. «Masak KODEVI nan Wanament»: Ouvriyèz ak ouvriye KODEVI dwe pwoteje tèt yo
    pandan y ap devlope kapasite pou defann dwa yo. 2 ouvriye ak yon timoun tonbe, san pèp la
    koule kou laviday. Se twòp atò ! Fòk lakwa sispann plante kay pèp la. Anplis, pandan
    Pwopriyetè KODEVI ap itilize metòd gwo ponyèt kont ouvriye, yo pwofite fè dappiyan sou tè
    peyizan akote Pak KODEVI nan Pitobè. Se menm tray peyizan nan Nòdès anba grif oligak nan
    Pòtoprens ki poze lapat sou tè nan rejyon an, depi avènman rejim Tèt Kale yo.
  6. «Enjerans Etranje»: Batay la dwe kare kont enjerans Anbasad Kò Gwoup yo ki pa
    sispann imilye Ayisyen. Nan lonè ak respè, nouvo dirijan responsab dwe tabli bon jan
    koperasyon ak tout peyi pou kwape modèl koperasyon charite sa k ap ranfòse lamizè a. Yon
    koperasyon efikas dwe bay jarèt ak envèstiman pwodiktif, epi bon jan politik piblik, nan sante ak
    edikasyon ki se prensipal zouti devlopman.
    Pou yon Ayiti politikman estab, ekonomikman pwospè, sosyalman ekitab, IPAM mande,
    san pran souf, inite nan mitan tout fòs pwogresis peyi a, pou n retire l anba grif Aryel Henry ak
    konplisite BINUH ak Anbasad Kò Gwoup yo. Se konsa n ap kapab rive mete yon bout nan kriz
    la, pou yon veritab tranzisyon koupe fache.
    IPAM, pou yon sosyete san fòs kote !
    Dezobeyisans sivil
    Ayisyèn ak Ayisyen, anndan tankou nan tout Dyaspora. Nou leve. N ap kontinye viv. E nou dwe
    kontinye viv. Pa nan nenpòt kondisyon. Pou sa, fòk genyen yon revèy total kapital. Fòk tout

moun ki pa dakò ak mòd lavi sa y ap benyen ladan l lan, manifeste kòlè yo. Tout moun ki kwè
moun pa dwe viv nan kras konsa, fòk yo revòlte. Tout moun ki wè Leta sa pa itil anyen, okontrè,
se toufe l ap toufe n, aksyon an se : dezobeyisans sivil.
Pou fèmen vann tout kote gouvènman enkonsyan, ensousyan, san koutya sa a ap pran
lajan sou nou. Nou pa dwe peye okenn Redevans ak Leta a. An nou koupe tout sous rantre yo:
depi nan DGI, pase nan Ladwann pou rive nan tout lòt espas kote Leta parazit sa ap fè
aspirasyon, ap fè ponksyon, ap koupe pòch nou Ayisyèn ak Ayisyen anndan tankou nan tout
dyaspora. Se pou n antre nan dezobeyisans sivil la, pou n montre ekip gouvènman Ariel Henry a,
ki se w senbòl Leta parazit la, nou fout bouke ak yo, paske sèl sèvis yo ba nou, se bâton,
kidnapping, grangou ak maladi.
Se pou n antre nan dezobeyisans sivil la, pou n koupe tout sous kote ekip gouvènman
sansi
Ariel Henry ak HCT madanm Mirlande Hyppolite Manigat ak ekip akò, akwòkò dezakò,
ekip krizokal Edmonde Supplice Beauzile ensousyan, Rosemond Pradel hébété, alkolik Alex
Larsen, zaboka pouri, gra pi mal pase chat kay Monseyè, André Michel, fiyèt lalo Rosemila
Petit-Frère, kameleyon Sorel Jacinthe, Ti pretansye Jean Tolbert Alexis, ekip boujwa rapas ak
Laurent Saint-Cyr nan Tèt yo Manb HCT ansanm ak tout Anti Chanb(ADIH, ACHAM…) k ap
souse dènye gout sang nou.
Dezobeyisans sivil la dwe pi gwo zouti batay nou kont tout antipatriyòt, antinasyonal,
anti pèp sa yo. Depi yo pa kapab vòlò y ap blije fè bak. Paske ekip bandi legal PHTK 3yèm
vèsyon sa yo, pa gen okenn lòt fonksyon y ap regle nan tèt peyi a.
Marcel P. Mondesir / Eliacin Evens

Popular articles

BYRON LARS PRESENTS IN EARNEST 

NYFW Spring 2024 By Ann Cooper I will always remember the first time that I came...

Pourquoi ne puis-je pas pleurer, même si je suis triste?

Vous est-il déjà arrivé d'avoir besoin d'un bon cri, mais d’être incapable de pleurer...

La solution à l’insécurité, de plus en plus loin

Les signataires du National Memorandum of Understanding (PEN) annoncent une série de mobilisations, à...

Que dit la Loi? Du Conseil Supérieur de la Police Nationale

Si la loi accorde une certaine autonomie à la Direction Générale de la Police...

Latest News

Kreyol

Bandi nan Kanaran anvayi Komin Sodo, maspinen popilasyon an epi boule Komisarya a Se depi...

Kreyol

Komedyen René Fiallo mouri René Fiallo, ki se yon selèb komedyen nan peyi Repiblik dominikèn,...

Kreyol

Depatman Grandans: yon nouvo direktè polis enstale Komisè Louis Edner Yacinth enstale kòm nouvo Direktè...