Kreyol

Published on

Archives

Yaël Johanna Clerié Zuraik kase ponyèt 25 ti komèsan e detounen 2 milyon dola
ameriken
Lapolis arete Yaël Johanna Clerié Zuraik, madan Fahim Zuraik, youn nan pitit mèt Casami
an, jedi 15 jen an, lakay li, daprè mèt Caleb Jean-Baptiste.
Yo akize Yaël Johanna Clerié Zuraik dèske li detounen 2 milyon dola ameriken e li
genyen 4 gwo chèf akizasyon ki pandye sou tèt li, pami yo fo ak izaj fo, asosyasyon malfektè,
eskwokri ak abi konfyans. Selon mèt Caleb Jean-Baptiste, akize a pran pretèks l ap chanje
goud pou dola ameriken pou plizyè dizen kliyan, olye li bay dola, li remèt yo fo chèk ak chèk
san pwovizyon.
Sou demann plizyè kabinè avoka, pakè Pòtoprens te mande pou lapolis mete yon avi
rale mennen vini e pou arete Yaël Johanna Clerié Zuraik. Selon mèt Caleb Jean-Baptiste,
Biwo Afè Finansyè (BAF) te refize mete manda sa a, e lapolis pa t menote prevni an akòz
stati sosyal li ak koulè po li, dapre avoka viktim yo. Mèt Caleb Jean-Baptiste denonse atitid
de-pwa de-mezi otorite jidisyè yo, kote li wè genyen yon jistis pou moun rich ak yon jistis
pou moun pòv, e li mande pou sosyete a rete veyatif, pou otorite lajistis pa libere Yaël
Johanna Clerié Zuraik, san viktim yo pa jwenn jistis.
AJHE di li kontan apre liberasyon jounalis senyò, Marie Lucie Bonhomme
Nan yon Kominike pou laprès, Asosyasyon Jounalis Ayisyen Aletranje (AJHE) di li kontan
anpil jounalis Marie Lucie Bonhomme libere, kèk tan apre manm gang Kraze Baryè te
kidnape li, madi 13 jen an, lakay li, nan Tabarre 23. AJHE di li enkyè tou akòz chèf gang
Kraze Baryè te «entèwoje» jounalis la, pandan ti bout tan anlèvman sa a. Dapre AJHE, «chèf
gang sa a ap fonksyone, san kè sote, anba je lapolis ak otorite an plas yo».
«Apre yon peryòd lapenn ak apre anpil efò ansanm otorite konpetan yo, yo jwenn
Madam Bonhomme byen vivan e an sekirite. Bon nouvèl sa a mete yon fen nan ensètitid ki te
peze sou fanmi, kòlèg ak admiratè Madan Bonhomme», se sa nou te ka li nan kominike pou
laprès la. Asosyasyon Jounalis Ayisyen Aletranje di l ap kontinye pran angajman pou sipòte
jounalis ki riske lavi yo pou defann laverite epi enfòme popilasyon an. «Nou mande otorite
konsène yo, pou yo pran mezi konkrè, pou mete gang yo sou kote». Asosyasyon Jounalis
Ayisyen Aletranje di l ap «kontinye suiv dosye sa a ak anpil atansyon, epi sipòte Marie Lucie
Bonhomme nan batay pou yon laprès lib e endepandan».
Minis Zafè Etranjè Jamayiken an anonse tout sèvis konsilè li yo kanpe an Ayiti
Pandan aktè politik ak sosyete sivil ayisyen yo t ap diskite, nan Kingston, sou nesesite pou
jwenn yon akò pou rezoud kriz k ap travèse Ayiti depi kèk tan, bridsoukou bandi ame atake
nan lannwit lendi 12 jen rive madi 13 jen, nan Tabarre, Konpayi vant ak reparasyon machin
«Sun Auto» ak Konsila Jamayik la. Bandi ak zam atake, piye epi boule lokal konpayi Sun
Auto, dapre Président Directeur Général, Daniel-Gérard Rouzier, nan jounal Le Nouvelliste,
epi li anonse plizyè ajan sekirite enstitisyon an ta disparèt.
Yo ta lonje dwèt sou manm gang Torcel, Vitelhomme Innocent ap dirije a, ki ta
responsab atak sa a ki te fèt sou Sun Auto nan Tabarre 45. Se nan menn lokal Sun Auto a,
konsila Jamayiken an ye, e aktyèl PDG a, Daniel-Gérard Rouzier se, an menn tan, Konsil
onorè Jamayik pou Ayiti.
Apre atak ak piyay lokal Konsila a, pou pwoteste kont zak sa a, Minis Zafè Etranjè
Jamayiken, Kamina J Smith, nan yon deklarasyon televize, li anonse peyi Jamayik sispann
sèvis konsila li yo ann Ayiti, pou yon tan kip a defini, e li voye tout senpati li bay Konsil la,
fanmi li ak anplwaye li yo.
Pou kounye a, PNH sekirize blòk Sun Auto ak vwazinay Anbasad Ameriken an. Sèten
entènòt ap poze anpil kesyon sou ki relasyon zak sa a genyen ak rankont entè-ayisyen nan
Jamayik la? Èske se pa konsila Jamayik la ki te vrè sib la? Ki sektè krim sa a ap pi pwofite?

Eliacin Evens

Popular articles

Interrogations sur les motifs de refoulement des Haïtiens munis de visa américain, canadien ou Schengen

Le refoulement des Haïtiens, munis de visa américain, canadien ou Schengen, débarquant dans les...

Conférence de commémoration du 199ème anniversaire de la dette de l’indépendance d’Haïti:

" Impact de la dette de l'indépendance dans le sous-développement d'Haïti"Le Mouvement Point Final...

Instabilite

De l'instabilité sociopolitique dégradante aux ingérences des puissances impérialistes occidentales en Haïti, le peuple...

Mythe ou vérité ? Le peuple haïtien, pour son propre malheur, choisirait-il des bandits comme leaders?

 Les analystes politiques prennent le vilain plaisir de culpabiliser les victimes en guise de...

Latest News

Kreyol

Wilson Pierre alyas Balans, anba kòd Sibtiti komisè gouvènman Aken an, Mèt Rousseau Libin, nan...

Biwo Suivi Akò Montana a denonse kont maltaye ki fèt pou mete Edgard Leblanc Fils nan tèt Konsèy Prezidansyèl la

Biwo Suivi Akò Montana a (BSA) fè konnen se yon kont maltaye yon kowalisyon...

Kreyol

Ayiti: tantativ evazyon nan prizon sivil Ench lan : 2 prizonye mouri epi 10 lòt...