Kreyol

Published on

spot_img

Archives

Pozisyon KONBIT la sou sitiyasyon malouk k ap brase bil peyi a
Konbit Oganizasyon Politik, Sendikal e Popilè yo ap suiv, ak anpil atansyon, jistis popilè a ki
pote non Mouvman Bwa Kale a k ap deplòtonnen nan kat kwen peyi a. Mouvman sa a rive nan
yon kontèks kote:
 Sitiyasyon grangou ak mizè ap taye banda toupatou nan peyi a;
 Gang ak sapat, k ap travay men nan men ak gang ak kravat, nan enterè kriminèl Kògwoup,
ansanm ak rejim ki te kreye yo a, kont enterè peyi nou an, ap simen dèy toupatou nan peyi a,
anba je konplis pouvwa anplas la ak aktè entènasyonal yo;
 Rate gaz pwograme ap fè popilasyon an monte lesyèl pa do, pri transpò ak pri machandiz monte
17 wotè;
 Konpayi telefòn yo (Digicel ak Natcom) ap koupe kou popilasyon an, ak pri sèvis yo ki kontinye
monte, san gade dèyè;
 Boujwazi a, atravè labank yo, kidnape dola kliyan yo depoze nan bank yo;
 Anseyan yo leve kanpe depi 17 avril pase, pou fè tande vwa yo, elèv yo kontinye leve kanpe
ansanm ak anseyan yo. Men jiskaprezan olye, minis defakto a, Nesmy Manigat, chita negosye
jan sendika anseyan ekzije sa, li prefere ap fè jwèt dilatwa ak divèsyon pou tante kraze
mobilizasyon sa a k ap deplòtonnen nan tout peyi a. Kidonk douvan atitid iresponsab sila a,
anseyan yo oblije, nan katryèm semèn mobilizasyon an, lanse yon mouvman koukouwouj dèyè
dirijan yo epi mande tout aktè nan tout sektè yo, pou potekole nan operasyon Koukouwouj la,
yon mannyè pou rive jwenn bonjan satisfaksyon pou tout revandikasyon jis e lejitim sila yo;
 Ouvriye yo leve kanpe pou denonse move kondisyon travay ak move kondisyon lavi nan izin yo,
kote y ap ekzije yon salè minimòm kòrek ak lòt avantaj sosyal ki ka pèmèt yo viv nòmalman ak
fanmi yo.
KONBIT la pwofite okazyon sa a pou li voye yon gwo kout Ayibobo pou popilasyon an
ki leve kanpe kont vyolans gang ak sapat yo, nan Mouvman Bwa Kale a. KONBIT la kore, ak
tout fòs li, mobilizasyon anseyan yo k ap ranfòse nan moman sa a, atravè operasyon
Koukouwouj la. KONBIT la kore mobilizasyon ouvriye yo lanse pou 8-9 ak 10 me, semèn sa a.
Pou tout rezon sa yo, KONBIT la mande:

  1. Pou popilasyon an kontinye ak Mouvman Bwa Kale kont tout gwoup gang yo, pandan n ap mete
    plis disiplin ladan l, pou inosan pa peye pou koupab. Bwa kale pou tout mafya ak enstitisyon k
    ap koupe kou pèp la;
  2. Demisyon tout CSPN nan. Ni Ariel Henry, ni Frantz Elbe ki se PDG konpayi «Sécurité Plus S.
    A. » ki montre yo se alye gang yo, yo pa gen ni volonte ni kapasite pou rezoud pwoblèm sekirite
    a;
  3. Pou popilasyon an, nan kat kwen peyi a ak nan dyaspora a, leve kanpe pou pouse do tout mafya
    lokal ak entènasyonal k ap konplote pou kenbe pèp la nan sitiyasyon lanfè yo mete l la.
    Pou KONBIT: Guy NUMA

Viv Premye Me
Premye Me, se jou ouvriye ak travayè, atravè lemond, chwazi pou komemore tout batay yo konn
mennen yo, epi pou relanse batay sa yo, pi djanm toujou. Premye Me, se yon jou BATAY!
Premye Me gen orjin li nan batay ouvriye te mennen, nan fen 19yèm syèk la, nan diferan peyi,
kont abi ak eksplwatasyon san limit yo, anba men kapitalis yo. Alepòk, ni manman, ni papa, ni
pitit te konn blije travay 14 zè d tan chak jou, pou defann lavi yo. Plizyè dizèn milye ouvriye te

konn mouri nan aksidan travay, chak ane. Revandikasyon prensipal batay sa yo, se te yon jounen
travay 8 tè d tan, ak yon salè ki te ka pèmèt tout ouvriye viv.
Premye Me, se fèt ouvriye ak travayè nan plis pase 140 peyi. Komemorasyon Premye Me
te koumanse Ozetazini an 1886, alokazyon yon kokenn grèv jeneral ki te koumanse premye me
pou egzije jounen travay 8 tè d tan an. Plis pase 300 mil ouvriye te patisipe nan grèv sa a. Nan
jou ki te 4 me 1886, lapolis nan Chicago te tire sou grevis yo, nan sa ki te vin rele Masak
Haymarket la. Jounen jodi a, nou selebre Premye Me, sètadi Jounen Entènasyonal Travayè, pou
komemore ewo Klas ouvriyè a ki te pèdi lavi yo nan batay Haymarket la. Atravè lemond,
Premye Me se jou ouvriye ak travayè chwazi pou pran lari pou mande dwa yo epi pou pwoteste
kont britalite lapolis. 1890 se te dat premye grèv entènasyonal Premye Me.
Fòs mobilizasyon ouvriye yo vin fòse Leta kapitalis nan anpil peyi obsève Premye Me
kòm jou ferye. Men Leta kapitalis yo, toujou chèche devye lit ouvriye ak travayè, nan
selebrasyon ak kolaborasyon. Ozetazini, se premye lendi mwa septanm, yo selebre «Fèt Travay
la». Ann Ayiti, se depi sou Divalye, Premye Me te tabli ofisyèlman antanke Fèt Agrikilti ak
Travay, kote ouvriye ak travayè sipoze kolabore ak patwon ak grandon, pou fete epi pou
ogmante pwodiksyon an. Se an 1987, ak konstriksyon KSPM (Kòdinasyon Sendikal Premye Me)
ki te regwoupe 4 sendika ak plizyè komite ouvriye, klas ouvriye a ann Ayiti vin koumanse
reprann sans Premye Me, antanke yon jounen batay ak komemorasyon lit li. Se konsa tradisyon
lit ak manifestasyon klas ouvriye a, jou premye me ann Ayiti, vin konstwi piti piti, chak ane,
malgre koudeta, okipasyon, ak tranbleman d tè.
An 2009, mobilizasyon premye me yo te deklannche pou egzije ajisteman salè minimòm
lan a 200 goud apre salè minimòm 70 goud lan pa t ajiste, depi 2003. Mobilizasyon sa yo te
gonfle, jiska yon kokenn manifestasyon, kote plizyè milye ouvriye ak etidyan, out 2009, yo te
vin fòse gouvènman Preval la, nan konfylo ak boujwa soutretans yo, pwomilge ajisteman salè
minimòm la a 125 goud pa jou pou soutretans lan, malgre palman te fin vote 200 goud la.
Se konsa tradisyon lit Premye Me yo vin konstwi ann Ayiti, kote Premye Me vin tounen
okazyon klas ouvriye a pou manifeste revandikasyon li yo, epi relanse lit li yo. Ane sa a, sendika
soutretans yo nan Karakòl, nan Wanament ak nan zòn metwolpolitèn Pòtoprens, ap relanse lit yo
pou yon ajisteman salè minimòm la a 2 mil 500 goud, pou piti, ansanm ak sibvansyon Leta pou
manje, transpò, lojman epi ajisteman kont lavichè a ki konn manje tout ogmantasyon yo, anvan
menm ouvriye yo konn jwenn yo. Epi tou, pou ouvriye yo rive jwenn bonjan sèvis nan ONA ak
OFATMA.
Eliacin Evens

Popular articles

COUN : le CPT inaugure le Centre d’opérations d’urgence national

Le Centre d’Opérations d’Urgence National a été inauguré par les membres du Conseil Présidentiel...

Interrogations sur les motifs de refoulement des Haïtiens munis de visa américain, canadien ou Schengen

Le refoulement des Haïtiens, munis de visa américain, canadien ou Schengen, débarquant dans les...

Conférence de commémoration du 199ème anniversaire de la dette de l’indépendance d’Haïti:

" Impact de la dette de l'indépendance dans le sous-développement d'Haïti"Le Mouvement Point Final...

Instabilite

De l'instabilité sociopolitique dégradante aux ingérences des puissances impérialistes occidentales en Haïti, le peuple...

Latest News

5 juin 2024, Journée mondiale l’environnement :

MEDIC Haïti propose un Plan national de Gestion intégrée des ressources en Eau (GIRE)...

Garry Conille présente les grandes lignes de son Gouvernement aux représentants des pays amis d’Haïti.

Le mercredi 5 juin 2024 le Premier ministre Garry Conille a eu un déjeuner...

6èm edisyon Festival Entènasyonal Literati Kreyòl la nan kizin

Ak plis pase 60% popilasyon kreyolofòn ki nan Karayib la, Ayiti reprezante pi gwo...
spot_img