Kreyol

Published on

spot_img

Archives

8 pati, ki siyen akò 21 desanm lan, plede pou gen dyalòg pou jwenn bout ensekirite a
Plizyè estrikti politik, ki siyen akò 21 desanm lan, mande pou chita pale fèt pou jwenn bout
ensekirite a, epi kontinye mete kanpe KEP a. Yon gwoup siyatè Akò 21 desanm 2022 a, pami yo:
SDP, FUSION, INITE, VERITE, NOULHA, VEYE YO, elatriye, plede pou aktè politik yo ak
manb sosyete sivil la fè yon chita pale. Inisyativ sa a ap pèmèt yo jwenn solisyon pou ensekirite
k ap boulvèse peyi a epi pou mete KEP a sou pye, dapre estrikti sila a yo.
Nan yon nòt pou laprès pati sa yo te pibliye nan jou madi 24 avril la, 8 estrikti politik ki
siyen Akò 21 desanm lan fè konnen yo te kwè Gouvènman an ta pral mete ak HCT a pou
reyalize tab dyalòg sou sekirite a, jan konsansis 21 desanm lan te vle l la. Men, jiskaprezan, yo di
yo poko wè rezilta tout pawòl ak aksyon sa yo. «Nou toujou ap tann, jan Premye minis la te dil
la, li pral fè lame a travay ak lapolis la pou kwape gang yo. Nou panko wè rezilta tout aksyon sa
yo, nou konprann anviwònman an malouk, men li enpòtan pou nou, kòm pati politik ki dwe
toujou rete kote popilasyon an, pou n wè klè ki kote n ap bouske lespwa pou pote pou li», siyatè
nòt sa a ekri. Sou menm lanse a, estrikti sila yo mande manm HCT yo fè plis dilijans pou rive
reyalize tab konsètasyon politik yo. Yo fè konnen yo disponib, bò kote pa yo, e ta kontan chèche
tout lòt gwoup ki renmen peyi a ki pa ka fè yo konplis destriksyon, tout fòs fè nwa yo pwograme
pou nou an. «Mete tout divizyon dèyè, an nou chita ansanm pou n mete bout nan koze ensekirite
sa a, pou n kontinye nan mete kanpe KEP epi fè bon jan eleksyon k ap mete peyi a sou ray
demokrasi ak «Etat de droit». Se sa estrikti sa yo di, pandan yo raple batay pou lendepandans lan
ak souverènte, se zansèt nou yo ki te fè l, nan kole fòs yo ansanm.
Pi lwen, pati politik sa yo mande premye minis Ariel Henry pou li mete pawòl li yo an
aksyon, pou popilasyon an santi, tout bon vre, gouvènman l ap dirije a konprann doulè li. «Fòk
ou kreye konfyans e jwenn estrateji ak mwayen pou Lapolis kontinye jèfò li ak lame a, epi travay
tout bon, ansanm, jan w te anonse l la. N ap raple li ijan pou peyi a jwenn tout ekipman ki te
kòmande yo, pou ede nan mete bout ak fenomèn gangsterizasyon sa a». Se sa yo mande.
Reprezantan pati politik ki siyen nòt sa a pwofite tou pou salye travay lapolis ap fè, dènye
jou sa yo, nan plizyè katye anndan peyi a, sitou nan depatman Lwès la. Yo mande pou otorite
konpetan yo bay kò sila a, tout mwayen materyèl pou kontinye fè travay li. «Nou vle remèsye
lapolis, pou tout jefò li fè, nan dènye tan sa yo, pou retabli lòd ak lapè nan katye yo,
patikilyèman nan zòn Lwès la, malgre kontrent yo. Nou di PNH mèsi pou sa li fè nan Laboul ak
nan Kabarè, pou limite dega yo, men gen anpil travay toujou ki dwe fèt». Se sa nou kapab li nan
nòt sila a.
Minis edikasyon nasyonal la chita pale ak plizyè òganizasyon sendikal
Malgre Minis Ledikasyon nasyonal la, Nesmy Manigat, te rankontre, jedi 21 avril 2023 a, ak yon
senkantèn sendikalis ki reprezante yon trantèn òganizasyon sendikal, sa pa anpeche grèv pwofesè
te mòde nan plizyè Lekòl Piblik nan peyi a. Pandan chita pale sa a, sendikalis yo k ap defann
anseyan yo te soulve nesesite pou gen pase men ki fèt nan kaye revandikasyon yo te soumèt bay
otorite yo nan MENFP, akòz deteryorasyon sitiyasyon sosyal ak ekonomik la.
Pandan rankont sa a tou, responsab MENFP a te vle tande sendikalis sa yo sou plizyè sijè
tankou: nominasyon, regilarizasyon sitiyasyon sila a yo k ap travay san yo pa gen lèt
nominasyon, ajisteman salè, aryere salè, kat debi ak kesyon chèk salè ki livre ak anpil jou reta.
Senkantèn sendikalis sa a yo te pwofite moman sa a pou bay lide yo sou yon pakèt pwoblèm k ap
toumante sektè edikasyon ayisyen an. Yo te pale sou kesyon lekòl k ap mal fonksyone, paske yo
pa gen bon lokal; lekòl ki oblije deplase ou nan sèten ka oblije fèmen pòt yo, pou kòz vyolans;

oubyen ankò anseyan ki pa ka travèse kèk zòn danjere pou al travay nan yon lòt zòn. Kèk nan
sendikalis yo te soulve nesesite pou gen pase men ki fèt nan kaye revandikasyon yo te soumèt
bay otorite yo nan ministè Edikasyon nasyonal akòz deteryorasyon sitiyasyon sosyal ak
ekonomik la, men sijè sa a pa t fè inanimite nan mitan yo, paske sèten lòt estime kaye
revandikasyon an byen ranmase tout ekspresyon lit òganizasyon sendikal la nan sektè edikatif la.
Sou bò pa l, Minis Nesmy Manigat deklare: «genyen nan revandikasyon sa yo,
gouvènman tranzisyon an kapab fè jefò pou panche sou yo, konsa tou gen lòt, se sèl yon
gouvènman, ki sòti nan eleksyon ak yon palman, ki kapab fasilite yo abouti. Sepandan, anyen pa
anpeche dyalòg la rapousuiv, paske se yon nesesite sosyal», pandan l bay garanti l ap kontinye
travay ansanm ak rès gouvènman an sou dosye anseyan yo.
Minis edikasyon an pale tou sou koze chèk pwofesè kèk Direksyon depatmantal
edikasyon kenbe, paske yo pa janm prezante nan klas. Li fè konnen mezi sa a gen tout sans li,
paske Leta a pa kapab kontinye ap livre chèk pou anseyan ki toujou absan, san li pa menm
konnen si anseyan sa yo toujou nan peyi a ou si yo entèrese ak metye a toujou. Pandan peryòd
kontwòl sa a, okenn lòt moun pa otorize retire chèk pou yon anseyan. Se konsène a, li menm
menm, ki dwe fè sa. Daprè minis Manigat, se yon mezi ki ta dwe bay Leta a plis mwayen nan
sekirize lajan pou nonmen oubyen regilarize dosye anpil anseyan ki an atant.
Emmanuel Saintus

Popular articles

 

Happy Father’s Day: Dismantling Stereotypes Affecting Black Fathers                                              Malika Jallow  This past Sunday, June 16th, we...

COUN : le CPT inaugure le Centre d’opérations d’urgence national

Le Centre d’Opérations d’Urgence National a été inauguré par les membres du Conseil Présidentiel...

Interrogations sur les motifs de refoulement des Haïtiens munis de visa américain, canadien ou Schengen

Le refoulement des Haïtiens, munis de visa américain, canadien ou Schengen, débarquant dans les...

Conférence de commémoration du 199ème anniversaire de la dette de l’indépendance d’Haïti:

" Impact de la dette de l'indépendance dans le sous-développement d'Haïti"Le Mouvement Point Final...

Latest News

Niger : le suspense et la tension montent après l’attaque du pipeline par le Front Patriotique pour la Libération

Dans la nuit du 16 juin, le Front Patriotique pour la Libération (FPL) a...

Juneteenth and Reparations

 Rena Black The commemoration of Juneteenth, which acknowledges the end of slavery, takes place on...

 

Happy Father’s Day: Dismantling Stereotypes Affecting Black Fathers                                              Malika Jallow  This past Sunday, June 16th, we...
spot_img