HomeNouvèl kout an kreyòlNouvèl kout an kreyòl

Nouvèl kout an kreyòl

Published on

Archives

spot_img

Joseph Lambert ak Youri Latortue gen entèdiksyon pou antre Etazini ak Kanada

Prezidan tyè Sena Repiblik la, Joseph Lambert, ak ansyen senatè Youri Latortue gen entèdiksyon antre Etazini. Administrasyon Biden di politisyen sa yo patisipe nan trafik dwòg epi yo gen koneksyon ak rezo kriminèl ak gang. « Joseph Lambert ak Youri Latortue abize fonksyon ofisyèl yo pou fè trafik dwòg, yo kolabore ak rezo kriminèl epi gang pou kraze « État de droit » an Ayiti ». Se deklarasyon Sou-Sekretè deta depatman Trezò ameriken an, Brian E. Nelson, fè nan yon kominike ki pibliye sou sit entènèt enstitisyon sila a, vandredi 4 novanm lan. Responsab ameriken an di Joseph Lambert gen 20 lane depi l ap itilize pozisyon li pou dirije ak fasilite trafik kokayin soti Kolonbi pou vin Ayiti epi fasilite enpinite an Ayiti pou lòt trafikan dwòg. « Lambert te dirije lòt moun tou pou angaje yo nan vyolans sou non li. Trafik dwòg li, taktik koripsyon li yo, ak neglijans kontinyèl pou règ lalwa a te kontribye nan destabilizasyon ki ap kontinye an Ayiti », nou li nan kominike sila a.

« Menm jan ak Lambert, Latortue tou te gen anpil patisipasyon nan aktivite trafik dwòg. Latortue te angaje nan trafik kokayin soti nan Kolonbi an Ayiti e li te dirije lòt moun angaje yo nan vyolans sou non li », Brian E. Nelson rapouswiv nan kominike sila. Kòm rezilta anons sa a, Depatman Trezò ameriken an anonse li bloke tout pwopriyete ak enterè nan pwopriyete Joseph Lambert ak Youri Latortue ki Etazini oswa ki nan posesyon oswa kontwòl ameriken yo epi rapòte sa bay OFAC, ki se antite ki la pou aplike sanksyon entènasyonal Etazini pran nan domèn finans. Anplis de sa, nenpòt antite ki posede, dirèkteman oswa endirèkteman, 50 pousan oswa plis pa yon moun, yo tou bloke.

« Anplis de sa, moun ki angaje nan sèten tranzaksyon ak 2 palmantè sa yo ka ekspoze tèt yo a sanksyon oswa sijè a yon aksyon ranfòsman. Anplis de sa, sof si yon eksepsyon aplike, nenpòt enstitisyon finansye etranje ki fè espre fasilite yon tranzaksyon enpòtan oswa ki bay sèvis finansye enpòtan pou moun yo deziyen jodi a, kapab sijè a sanksyon Etazini », kominike a presize.

Fòk nou presize, Sekretè Deta Anthony Blinken te deja anonse administrasyon Biden mete pinga pou senatè depatman Sidès la antre Etazini. Li presize nan yon tweet, Etazini ap kontinye pran mezi sila a yo kont nenpòt moun ki patisipe nan enstabilite e ki kraze demokrasi a ann Ayiti. Nouvèl sa a vini nan menm moman ak anons gouvènman kanadyen an ki anonse li sanksyone Joseph Lambert ak Youri Latortue poutèt yo bay gang ann Ayiti sipò finansye ak soutyen operasyonèl ilegal. Kanada presize 2 pèsonalite politik sa yo pa p kapab fè tranzaksyon lakay li, sa ki gen pou efè jele tout byen yo posede nan peyi sa a.

Fritz Alphonse Jean demanti rimè li ta bay «estati Prezidan eli nan Akò Montana»

Nan yon tweet li fè sou kont ofisyèl li, Fritz Alphonse Jean ekri pou demanti yon rimè ki ta fè kwè li pa ta prezidan Montana ankò : «Mwen sezi pou mwen li ke mwen renonse ak estati mwen kòm Prezidan eli nan Akò Montana, an favè yon kelkonk negosyasyon. Mwen se emanasyon yon ansanm 1100 siyatè, pèsonalite ak òganizasyon. Mwen dwe yo menm respè ak CNT, ògan ki te vote mwen an». Li kontinye pou di :«Nou gen yon peyi ki an danje. Ann mete distraksyon sa yo sou kote epi travay pou jwenn konsansis pou sove nasyon an». Rete pou CNT klarifye ou demanti ofisyèlman rimè a e pou li montre si yo toujou gen konfyans nan Fritz Alphonse Jean ou byen si objektiman yo revoke l kòm prezidan Akò Montana a.

Lapolis Nasyonal pran kontwòl Tèminal Varreux a san viktim, san arestasyon

Jedi 3 novanm sa a, Lapolis rive rantre e pran kontwòl tèminal petwòl Varreux a ki te anba men gang G-9 depi septanm 2022. Selon Le Nouvelliste ki t ap site yon otorite nan lapolis : «operasyon sa a ki te kòmanse avanyè (mèkredi) e ki te kontinye pandan tout jounen jedi a, nou (PNH) reprann kontwòl tèminal la e nou planifye pou nou rete la. Avèk èd cha nou yo, e nou pral kontinye debloke wout la, retabli lòd pou relouvri yo pou trafik rekòmanse». «Se Inite Tanporè Anti-Gang (UTAG) ki te mennen operasyon an. Te gen echanj kout zam ant lapolis ak bandi yo». Nou pa kapab di si kèk nan bandi yo te motèlman touche, jan lapolis abitye vante, chak fwa yo touye yon swadizan bandi, dapre sous lapolis Le Nouvelliste la. Depi twa jou, inite espesyalize polis nasyonal yo tabli kò yo nan vwazinaj Tèminal Varreux. Yo te deja bouche divès twou ki paralize trafik nan antre pi gwo tèminal petwòl nan peyi a, yo konsolide pozisyon yo e yo pral retire tout kontenè yo ki te bloke espas sa a pandan plizyè mwa, daprè enfòmasyon yo.

Yon move senaryo

Lidè gang Jimmy Chérizier alyas Barbecue te bloke aksè nan tèminal la devan je tout moun. Li te konn parade ak gwo zam nan men l, ansanm ak manm gang G-9 li yo ki t ap siveye tèminal la. Reyalizatè ak pwodiktè ayisyen Richard Senecal gen gwo dout sou entèvasyon sa a, li twite : Varreux aparamman «libere» san yo pa fè yon viktim, san yo pa fè yon arestasyon. Menm mwen pa p ekri move senaryo sa a». Èske sa vle di gang te rantre sou lòd e retire kò yo sou menn lòd la?

N ap raple ke direktè jeneral Polis la, Frantz Elbé, te felisite tout inite ki te patisipe nan operasyon pou libere sant estokaj gaz sila a.

Emmanuel Saintus

Popular articles

14 août 2021 – 14 août 2024, 3ème anniversaire du séisme meurtrier du Grand Sud d’Haïti :

3 ans après, aucun projet de reconstruction du Grand Sud, a constaté le Mouvement...

Ouragan Béryl :

Le Mouvement Point Final a fait des visites des lieux dans le Sud -Est...

Les élections américaines 2024 :

Le Mouvement Point Final présente un petit compte-rendu sur les débats de Joe Biden...

 

Happy Father’s Day: Dismantling Stereotypes Affecting Black Fathers                                              Malika Jallow  This past Sunday, June 16th, we...
spot_img

Latest News

Haïti, Éducation et Insécurité :

Le cas du Professeur Sorel Jasmin, un cas typique de l'insécurité en milieu scolaire,...

Haïti Insécurité :

Le Mouvement Point Final présente 10 faits prouvant l'existence d'une Guérilla urbaine en Haïti.Un...

Le CSPJ lance le Guide de Déontologie des Magistrats

Le Conseil Supérieur du Pouvoir Judiciaire (CSPJ) a lancé un atelier d’appropriation du « Guide...
spot_img