HomeNouvèl kout an kreyòlAnalis ak Opinyon: KTPS, «New Look»

Analis ak Opinyon: KTPS, «New Look»

Published on

Archives

Moïse Jean-Charles kite chemiz wouj Chavis la, («abiman lidè revolisyon bolivaryen an ak patizan goch li yo»), pou li tonbe, dimanch 23 oktòb la, nan yon boubou jonn e blan, manch long,(«kostim tradisyonèl Afriken»), pandan li t ap prezante bay laprès non 9 manm «Konsèy Tranzisyon Pèp Souveren». Lidè Pati Pitit Dessalines lan montre klèman li pa nan chemiz wouj Hugo Chavez la ankò, depi apre l te soti nan yon vwayaj an Afrik, kote li te vizite kèk peyi ki pa gen anyen awè ak peyi lagoch nan Amerik Latin la. Malgre «New Look» Moïse Jean-Charles la, ansyen senatè a toujou kenbe menn diskou agresif li an, e li toujou vle pase pou chèf lopozisyon, san konsansis ak lòt pati yo. Ansyen senatè nò a prezante pwòp remèd politik li pou retire Ayiti nan enpas li ye la a: yon konsèy 9 manm ak plen pouvwa pou yon lane. Li pwomèt depi KTPS monte, tout zam ap bèbè e sitiyasyon ap retounen nan nòmalite anvan Ariel Henry a. Li fè pwopozisyon sa a an grennsenk, san li pa rantre l nan yon pwojè kolektif, selon sèten obsèvatè. Konpòtman sa a oblije nou poze kèk kesyon. Èske Moïse Jean-Charles rive kraze akò Montana a, jan l ap plede repete l la? Èske Lidè PPD a ap toujou kontinye mete sou kote Fritz Jean, malgre espwa ekonomis la toujou gen yen pou rive sou pouvwa a, san ou nan eleksyon? Èske se yon aksyon ki fèt pou gaye won lan nèt?

Lidè PPD a prezante 9 endividyalite sa yo : Doktè Eugénia Romain, Prezidan, Edgar Leblanc Fils, vis-prezidan. Kòm manm, li ajoute: Péguy Jean, Jacques Céus Joseph, Val Jean Élie, Jacques Rubins Bordenave, Jerry Moncœur, reprezantan dyaspora a, Jean Renald Nau Léonard, ak Jérémie Dupont. Li prezante yo toudenkou bay nasyon an.

Nan konferans prezantasyon non moun sa yo, li anonse KTPS la se rezilta yon gwo konsiltasyon ak òganizasyon popilè, òganizasyon de baz, pati politik, sendika, ki bay altènatif sa a nesans, men li pa mansyone ki jou e ki òganizasyon sa yo ki te nan konsiltasyon yo. Lè nou eseye kontakte kèk òganizsyon nan diaspora a, tankou SODH, nou te sezi tande yo di yo pa t janm konsilte yo.

Depi kriz politik la nan peyi dAyiti, chak pèsonalite ki santi yo fò sou sèn lan, ap eseye konkeri pwòp teritwa yo, nan lespwa pou yo vin tounen «rasanblè a». De jou an jou, nou konstate gen yen yon gwo twou vid ki ap grandi ant popilasyon an ak lidè tout kalte sa yo. Sa pa etone nou, paske pandan plizyè ane kriz politik sa a, endividyalis la tèlman gaye lakay yo, yo meprize totalman kolektivite a. Li difisil, nan kontèks sa a, pou yo reflechi epi reyalize yon pwojè sosyal ki ka rasanble tout moun, inifye ak mobilizatè. Anfen Èske nou pa ta dwe mande a kiyès krim sa a ap pwofite?

Fanmi Lavalas fè konnen solisyon peyi dAyiti chita nan men Ayisyen

Nan yon nòt pou laprès ki pote siyati komite egzekitif Fanmi Lavalas la, pati politik la plase kèk mo sou kriz sosyopolitik ak ekonomik la, epi fè konnen solisyon an se nan men pitit peyi a li ye, pandan l envite chak aktè nan sektè politik ak ekonomik anndan peyi a, pou yo chita ansanm, nan respè youn pou lòt. Nan nòt sa a, Fanmi Lavalas rete kwè si chodyè lamizè a pa chavire, p ap gen solisyon pou popilasyon an. Nan sans sa a, li envite chak grenn aktè pou dyaloge youn ak lòt, pandan l fè konnen solisyon an se nan men pitit peyi a (li ye). «Si n pa chavire chodyè mizè sa a, pa p gen lavi miyò pou Ayiti. Solisyon Ayiti chita nan men Ayisyen». «Mobilizasyon kont sistèm koripsyon sa a pa dwe kanpe. Nou tout ki pa dakò ak entèvansyon militè etranje, an n mete enterè peyi n avan ni anbisyon pouvwa politik, ni anbisyon pouvwa ekonomik», se sa nou ka li anndan nòt sa a, pandan l ajoute: «nou tout ki reprezante fòs ekonomik ak fòs politik, lè a rive pou n chita, nan respè youn pou lòt. Wi, lè a rive pou n jwenn ansanm, kijan n ap bloke machin ensekirite k ap simen lanmò toupatou nan peyi a. Wi, li pa twò ta».

Pati politik la fè yon rapèl sou soufrans pèp la ap andire moman sa yo, pandan l montre kote pwoblèm sa yo soti. «Peyi a, e sitou majorite pèp la, ki se premye viktim lan, sibi anpil, akoz koudeta sou koudeta, enjerans kominote entènasyonal la, koripsyon, enpinite, ak yon pouvwa ki osèvis mafia ekonomik lan». Nòt sa a souliyen tou, depi aprè koudeta 29 fevriye 2004 la, kont ansyen prezidan Jean-Bertrand Aristide, li fè konnen bagay yo vin plis dejenere anndan peyi a. «Depi koudeta kidnaping 29 fevriye 2004 la, okipasyon peyi a lakòz plis koripsyon, plis masak nan katye popilè yo, plis ensekirite, plis enpinite, plis grangou, plis mizè, plis bra ekonomik ki fè alyans ak plis gang k ap fouye twou lanmò a, chak jou pi plis.»

Anndan menm nòt sa a, Fanmi Lavalas raple tout kalte pwoblèm popilasyon an ap andire, yon sèl kou la a, tankou koze gaz la, pwoblèm prizonye yo nan Penitansye ak kesyon maladi kolera a ki reparèt tèt li, nan yon move moman. «Pandan epidemi kolera a retounen vin touye plis moun, prizonye yo ap mouri anba ni maladi, ni grangou, ni move tretman, lajounen kou lannwit. Kanta ogmantasyon pri gaz la menm, li tonbe sou tèt nou tout, tankou yon bonm lanmò.»

Nòt sa a siyen pa Komite Ekzekitif Fanmi Lavalas ki gen ladan l: doktè Maryse Narcisse, mèt Joël Edouard Vorbe, doktè Jean Myrto Julien ak agwonòm Anthony Dessources.

Kolektif Ansyen Depite Opozisyon ak Alye l yo (KADOA) mande demisyon Ariel Henry

Nan yon nòt pou laprès li pibliye lendi 24 oktòb 2022, Kolektif Ansyen Depite Opozisyon ak Alye l yo (KADOA) mande pou Premye Minis defakto a bay demisyon l. KADOA gen ladan l: Vikerson Garnier, Joseph Manès Louis ak Abel Descolines. Yo mande premye minis Ariel Henry pou l sispann pwovoke popilasyon an, se demisyon l pou l remèt, yo pa nan dyaloge ak li.

KADOA, nan kòmansman nòt sa a, pwofite salye kouraj popilasyon an ki pa sispann mobilize, selon sa l di, pou reziste anba gouvènman an plas la, li kalifye kòm «malpouwont» e li estime ki jwenn apui kominote entènasyonal la.

Pi lwen anndan nòt sa a, gwoup ansyen depite opozisyon an kritike deklarasyon Premye Minis lan ki kalifye moun ki ap manifeste yo pou koze gaz la, kòm gang. «KADOA sezi wè kouman ensousyan ki rele Ariel Henry a pa wont pou li deklare moun ki leve kanpe nan lari a pou frennen gouvènman ansasen sa a, k ap foure men l byen long nan pòch pèp la, nan miltipliye pri pwodui petwolye yo, se gang yo tout ye», selon sa yo ekri nan nòt sa a.

Nòt la di Kolektif la voye jete byen lwen deklarasyon Ariel Henry yo, li rete kwè k ap mete lwil sou dife. Nan anpil pawòl piman bouk, KADOA fè Premye Minis lan konnen se pa popilasyon an ki fè l pa ka ale nan Nasyon Zini ni nan fineray Rèn Elizabeth. Ansyen depite yo di l pinga li pase raj li sou pèp la.

Kolektif la di li voye jete byen lwen koze dyalòg Premye minis lan ap pale a, epi li konkli pou di: si chèf gouvènman gen an yon ti kras moun lakay li, se demisyon li pou l bay pou libere pèp ayisyen an.

Ronald Léon

Popular articles

79 ème Assemblée générale ordinaire des Nations Unies :

Le Mouvement Point Final salue le discours du Conseiller présidentiel, Edgard Leblanc Fils à...

Croix-des-Bouquets : La Nationale #8, débloquée par la PNH

La Police nationale a réalisé une intervention dans la commune de la Croix-des-Bouquets vendredi...

14 août 2021 – 14 août 2024, 3ème anniversaire du séisme meurtrier du Grand Sud d’Haïti :

3 ans après, aucun projet de reconstruction du Grand Sud, a constaté le Mouvement...

Ouragan Béryl :

Le Mouvement Point Final a fait des visites des lieux dans le Sud -Est...

Latest News

Afrique

Dossier tentative de coup d’État au Bénin : Olivier Boko et Oswald Homéky écoutés...

79 ème Assemblée générale ordinaire des Nations Unies :

Le Mouvement Point Final salue le discours du Conseiller présidentiel, Edgard Leblanc Fils à...

33ème anniversaire du Coup d’État du 30 septembre 1991:

Le Mouvement Point Final présente le rapport de l'insécurité actuelle avec le Coup d'État...