HomeNouvèl kout an kreyòlNouvèl kout an kreyòl

Nouvèl kout an kreyòl

Published on

Archives

Michael Benjamin, Aka Mikaben, kite nou dimanch 16 oktòb la, nan lè Pari

Michael Benjamin (Mika) youn nan chantè ayisyen ki gen anpil talan e ki popilè anpil, mouri jodi dimanch 16 oktòb 2022 nan vil Pari, an Frans, men nan samdi 15 oktòb, nan lè Ayiti.

Michael fèt 27 jen 1981. Li se pitit yon lòt gwo lejann ayisien, Lionel Benjamin, tout Ayisyen rele «Tonton Nwèl», pou angajman l nan akonpaye pèp ayisien, nan selebrasyon epòk sa ak chante Nwèl li yo.

Mikaben kòmanse karyè solo li nan fen ane 90 yo, lè li te patisipe nan «Konkou Nwel» Telemax, avèk «Nwèl tristès». Li ofri piblik la de albòm an solo «Vwayaj» ak «Mika» nan lane 2000 ak 2004 respektivman. An 2005, li te vin chantè Krezi Mizik. Nan mwa novanm 2006, premye album Krezi a «Ayiti San Manti» te lage. Se te yon eksperyans ki pa t dire lontan. E Mikaben te reprann karyè solo li.

Mikaben, ki mouri jodia, te gen 41 nan. Chantè, konpozitè, pwodiktè, Mika se yon atis konplè. Ansanm ak gita li, oswa tout gwoup li, Mikaben se youn nan ra atis nan jenerasyon li an ki briye nan tout estil mizik. Ke se konpa direk, Mizik Mondyal, Mizik Antiyè tout kalte, Reggae Jamayiken ak RnB/HipHop, pa gen yon estil ki pa pase anba men l.

Antanke atis, Mikaben ekri, pwodui e jwe plizyè chante ki gen siksè sou albòm Carimi, tankou «Baby I miss you», ki gen plis pase 3 milyon views sou Youtube, ak 1,4 milyon views pou «Fanm sa a Move». Yon lòt bò, li te travay tou ak T-Vice, Leila Chicot, Kreyol La, papa l Lionel, Bélo, Stanley Georges, Alan Cave, Izolan, Olivier Duret, J Perry, Wesli Band ak anpil lòt.

Jounal Ayiti Pwogrè ak tout ekip li voye gwo kondoleyans pou fanmi, fanatik ansanm ak tout pèp ayisyen ka p kriye pou gwo bout atis sa nou pèdi.

Biwo suivi Montana di blan meriken, je nan je, yo pa vle entèvansyon militè

Brian A. Nichols te rankontre, mèkredi sa a, ak Gwoup Akò Montana sou kriz politik k ap boulvèse peyi dAyiti nan anbasad ameriken nan Pòtoprens. Chita pale te fèt sou kouman pou yo jwenn konsansis sou yon akò ki ap mennen ak amelyorasyon sityasyon sekirite a, fè eleksyon ak kreye pwosperite pou tout Ayisyen, selon twit emisè ameriken an fè sou kont twitè anbasad la. Emisè a diskite ak Ted St-Dic ak Magalie Comeau sou nessite pou yo fè fas ak epidemi kolera a ak gang yo ki bloke gaz nan teminal Varreux. Dapre Nichols, ajisman gan ame yo anpeche yon repons imanitè.

Fas ak demach loni ki di l ap prepare yon entèvansyon militè pou Ayiti, Biwo Suivi Akò Montana di non, dapre sa yo te twite nan mèkredi swa : «Magali ak Ted, nan non BSA Montana, te rankontre ak emisè ameriken yo. Yo redi se ankadre Lapolis la pou li ka rezoud pwoblèm ensekirite peyi a ak yon konsansis pou yon lòt gouvènans. Yo di B. N. aklè vwa pa yo l ap chèche a, LI LA pou di NON ak entèvansyon militè li di ONU ap pare a.»

Brian A. Nichols ki te akonpaye ak Lt Jeneral Andrew A. Croft, Kòmandan Adjwen Militè, nan Kòmandman Sid Etazini, te rankontre tou ak Premye Minis defakto ayisyen an, Ariel Henry, ak Fritz A. Jean, Prezidan Akò Montana, men sanble premye minis Akò Montana a, Steven Benoit pa t prezan.

Ariel Henry e alye menm kote ak Conzé yo, nan poubèl listwa!

Tout moun an Ayiti pral sonje Ariel Henry, kòm yon Premye Minis ayisyen, defakto e ilejitim ki mande yon «entèvansyon militè imanitè» nan peyi a, paske li ak gouvènman lan enkapab pou yo retabli yon klima sekirite, konbat kolera yon fason efikas, rekòmanse distribisyon gaz, dapre sa nou li nan rezolisyon yo te pran, vandredi 7 oktòb, pandan yon Konsèy Minis ekstraòdinè.

Pa «entèvansyon imanitè», nou vle di itilizasyon fòs pa yon Leta, yon gwoup Eta oswa yon òganizasyon entènasyonal, ki entèvni militèman sou yon teritwa etranje nan objektif pou anpeche oswa mete fen nan vyolasyon grav ak masiv dwa fondamantal moun ki pa sitwayen Leta k ap entèvni yo e «avek»”ou san konsantman otorite lokal yo.

Nan mwa septanm 2000, gouvènman Kanadyen te kreye yon Komisyon Entènasyonal sou Entèvansyon ak Souverènte Leta. Nan Somè Mondyal 2005, komisyon an te prezante yon rapò pou limite responsablite pou pwoteje (R2P) a, ak sèlman kat sitiyasyon: «jenosid, krim lagè, netwayaj etnik ak krim kont ‘limanite’». Krim sa yo konstitye nwayo di pou jistifye dwa oswa devwa pou fè enjerans sou teritwa yon Leta yo vinn rele kounye a Responsablite pou Pwoteje (R2P), dapre atik 138-139 nan dokiman sa a. Èske youn nan kat krim sa yo egziste aktyèlman nan tout Ayiti?

Ki sa ki pretèks Ariel Henry e alye li yo, pou mande «entèvansyon militè imanitè»

Pretèks ideyal gouvènman an pran pou l mande «entèvansyon imanitè», se aktivite gang yo ki kontinye ap miltipliye pa bann e pa pakèt, nan tout kwen nan peyi a, sitou nan kapital la. Aktyèlman, gen plis pase 200 gang ame k ap simen laterè nan popilasyon an», dapre jounal Le Nouvelliste. Pòtoprens ansèkle di nò o sid, de lès a lwès, e gang yo kontinye ap montre asnal zam yo genyen nan men yo. Lapolis ak lame ayisyen an, enpuisan pou relouvri santral Varreux a pou rekòmanse ak distribisyon gaz la. Gouvènman lan, nan enposibilte pou rekòmanse aktivite ekonomik ak pèmèt reyouvèti lekòl yo, mete sou sa kolera ki briskeman ap vale teren ak yon bilan kote plis pas yon ventèn moun mouri e kèk dizèn lòt enfekte.

Kòm Eta souveren, Ariel Henry di li bay vag, li pa kapab pran responsablite l pou pwoteje pwòp sitwayen li yo kont katastwòf sa yo e dènye rekou li, se mande sipò entènasyonal pou fè fas ak kriz imanitè a. Asasina, kidnapin, touye moun, masak, vyòl sistematik oswa grangou, tout lòt katastwòf tankou peniri dlo ak rate gaz, de fason volontè k ap rive aktyèlman ann Ayiti, depi Kò Gwoup finn chwazi Premye Minis ayisyen an, Ariel Henry, se bagay ki te kapab evite ak yon volonte politik.

Conzé yo ak alye yo, nan poubèl listwa

Jean-Baptiste Conzé, se te yon opòtinis, yon ansyen Kako ki te vann Charlemagne Péralte pou 2 000 dola, e te mennen sèjan marine ameriken, Herman H. Hanneken, ak kaporal, William Button, nan kan rebèl Kako yo, toupre Grande-Rivière Du Nord, e se la yo te touye Peralte, yon ewo ki t ap batay kont okipasyon ameriken nan peyi a. Menn jan ak Jean-Baptiste Conzé, Ariel Henry, Ricard Pierre, Nesmy Manigat, ak yon bann lòt politisyen trayi papa nasyon an ki te konstwi pou nou yon peyi lib, endepandan ak souvren, e vle mennen, yon fwa ankò, yon fòs okipasyon nan peyi a. «Jenerasyon aktyèl la ak jenerasyon k ap vini yo pral jije yo. Yo pral e y ap mande yo: èske yon “entèvansyon militè imanitè”, se te dènye rekou yo? Èske yo te eksplore, chache lòt solisyon ki disponib? Paske, ap toujou gen lòt solisyon, depi gen volonte politik. Pou kisa se enterè pèsonèl yo, yo te priyorize olye se enterè kolektif la, menm lè nou konsyan popilasyon an anba yon terè abominab. Gang ame yo makonnen ak politisyen san wont yo. Vèdik la ap tonbe pou yo. Yo pral tèt dwa nan poubèl listwa!» Bò kote trèt yo nan simityè Conzé yo. E pou fini, n ap prete pi bèl itilizasyon ekspresyon poubèl listwa Leon Trotsky, lè li te deklare, lè li t ap pale ak Menchevik yo, na p pale ak PHTK, FUSION, SDP branch Marjory Michel…: «Ale kote ou te ye a. Depi kounye a, nou nan poubèl listwa!»

Ronald Léon

Popular articles

Interrogations sur les motifs de refoulement des Haïtiens munis de visa américain, canadien ou Schengen

Le refoulement des Haïtiens, munis de visa américain, canadien ou Schengen, débarquant dans les...

Conférence de commémoration du 199ème anniversaire de la dette de l’indépendance d’Haïti:

" Impact de la dette de l'indépendance dans le sous-développement d'Haïti"Le Mouvement Point Final...

Instabilite

De l'instabilité sociopolitique dégradante aux ingérences des puissances impérialistes occidentales en Haïti, le peuple...

Mythe ou vérité ? Le peuple haïtien, pour son propre malheur, choisirait-il des bandits comme leaders?

 Les analystes politiques prennent le vilain plaisir de culpabiliser les victimes en guise de...

Latest News

Newsreel

As the presidential transitional council, Conseil présidentiel de transition (CPT) struggles to see if...

Haïti Conseil Présidentiel : le CP Athlétique Club

Le mois d’avril, disent certains, est cruel.  Quand le pain quotidien n’est pas certain,...

221ième de notre Bicolore : et si les ancêtres revenaient parmi nous !

18 novembre 1803 - 18 novembre 2023, 221 années contemplent tristement la création de...