HomeNouvèl kout an kreyòlNouvèl kout an kreyòl

Nouvèl kout an kreyòl

Published on

Archives

Men lis minis san kouchtya, de fakto, ki siyen pou militè etranje debake nan peyi a

Popilasyon Ayisyèn nan dwe kenbe non machann peyi sa yo nan tèt yo, pou chak fwa yo tande non sa yo, pou yo konnen se malfra politik sa yo ki vann peyi a ak ti blan mannan. Jounen jodi a mesye sa yo bay blan je vèt plen pouvwa pou debake militè etranje sou teritwa Papa Desalin ak lòt zansèt nou te goumen, kote anpil san te koule, anpil soufrans ak sakrifis te fèt pa zansèt nou yo, pou yo te kite ti bout tè sa pou nou kom eritaj. Men non yo:

  •  Premye Minis: M. Ariel Henry
  • M. Patrick Michel Boisvert, Ministre de l’Économie et des finances
  • M. Jean-Victor Généus, Ministre des Affaires étrangères et des Cultes
  • M. Berto Dorcé, Ministre de la Justice et de la Sécurité Publique
  • Mme Emmelie Prophète, Ministre de la Culture et de la Communication
  • M. Liszt Quitel, Ministre l’Intérieur et des Collectivités territoriales
  • M. Ricarden St-Jean, Ministre du Commerce et de l’Industrie
  • Mme Sofia Loréus, Ministre à la Condition féminine et aux Droits des Femmes
  • M. James Cadet, Ministre de l’Environnement
  • M. Charlot Brédy, Ministre de l’Agriculture, des Ressources Naturelles et du Développement Rural 
  • M. Enold Joseph, Ministre de la Défense
  • Mme Raymonde Rival, Ministre de la Jeunesse et des Sports et de l’Action Civique
  • M. Ricard Pierre, Ministre de la Planification et de la Coopération Externe
  • M. Alix Larsen, Ministre de la Santé publique et de la Population
  • Mme Luz Kurta Cassandra François, Ministre du Tourisme
  • M. Odney Pierre Ricot, Ministre des Affaires sociales et du Travail
  • Mme Judith Nazareth Auguste, Ministre des Haïtiens Vivant à l’Étranger
  • M. Rosemond Pradel, Ministre des Travaux Publics Transports et Communications

Polisye yo lach anpil men yo sanwont anpil

Lapolis ap pete kouri pou gang ame yo. Yo pa kapab fè anyen kont yo, men lè se manifestan ki san zam ki gen sèlman yon ti fèy bwa nan men yo, k ap mande pou lavichè a kanpe, pou ensekirite a kaba, pou pri gaz la desann, pou di non yo pa dakò pou solda lame etranje vini nan peyi a, lapolis sou brenzeng li pou kraze manifestasyon yo anba kout bal reyèl ak anpil gaz lakrymojèn. Jou lendi 10 oktòb la, lapolis kraze ak kout bal yon gwo manifestasyon ki t ap fèt nan kapital la, nan komin Delma. Manifestan yo te soti nan plizyè katye pov nan kapital la, sitou nan Site-Solèy. Lè yo rive sou Delma, nan Delma 40, lapolis k ap jwe wòl bouwo sou sak pi fèb yo, kraze manifestasyon an anba gwo kout bal ak gaz lakrymojèn. Pandan entèvansyon lapolis pou kraze manifestasyon an, plizyè manifestan blese anba bal e 6 lòt pèdi lavi yo. Anplis, nan Delma 35, yon gwoup manifestan piye «Révélation Hôtel».

Militan politik Nicholson Pierre, alyas Bab, arete epi lage san lajistis pa tande l

Sibtiti komisè gouvènman an, Jeanty, libere aktivis politik Pitit Dessalines, Nicholson Pierre, alyas Bab, san li pa reyèlman tande l, akòz yon foul moun ki te rasanble nan lakou Pakè a sou Lalue. Li te pratikman enposib pou fè yon bon odyans. «Ale , kontinye fè travay ou men pi modere» se senpleman sa Komisè Jeanty, responsab dosye a, te di previni an, san bri san kont, dapre Gazette News Haiti. Yo te arete aktivis politik, Nicholson Pierre alyas Bab, lendi 3 oktòb e li te ale nan penitansye san yon jij pa t tande li. Li te libere malgre lajistis kontinye pa tande l. Lapolis te arete li pandan yon manifestasyon. Komisè gouvènman an, Jacques Lafontant, te repwoche li ta fè menas kont Premye Minis Ariel Henry ak Minis Zafè Etranje a, Jean Victor Généus.

Asosiyasyon majistra Ayisyen yo an kolè

Asosiyasyon Majistra yo voye jete desizyon Pwemye Minis Ariel Henry pou bloke sèvis piblik jistis la, nan yon lèt ki date 30 septanm ki sot pase a. Nan sans sa a, Asosiyasyon Majistra yo mande Premye minis la pou rapòte desizyon malatyong sa a, rapid vit, si se pa sa, yo pre pou batay ak pran lòt desizyon, si mouche Ariel kanpe deyè desizyon pa li a.

Kolera touye 9 prizonye nan Penitansye Nasyonal

Otorite sanitè yo fè konnen, jou dimanch 9 oktòb la, gen 9 prizonye ki mouri nan Penitansye Nasyonal la. Prizonye sa yo mouri, paske yo te trape kolera. Dapre Direksyon Epidemyolojis, Laboratwa ak Recherch (DELR), gen 39 ka sispèk pami prizonye yo ki ta trape kolera nan Penitansye a. Nan mitan yo, gen 2 ka ki konfime.

Emmanuel Saintus

Popular articles

Interrogations sur les motifs de refoulement des Haïtiens munis de visa américain, canadien ou Schengen

Le refoulement des Haïtiens, munis de visa américain, canadien ou Schengen, débarquant dans les...

Conférence de commémoration du 199ème anniversaire de la dette de l’indépendance d’Haïti:

" Impact de la dette de l'indépendance dans le sous-développement d'Haïti"Le Mouvement Point Final...

Instabilite

De l'instabilité sociopolitique dégradante aux ingérences des puissances impérialistes occidentales en Haïti, le peuple...

Mythe ou vérité ? Le peuple haïtien, pour son propre malheur, choisirait-il des bandits comme leaders?

 Les analystes politiques prennent le vilain plaisir de culpabiliser les victimes en guise de...

Latest News

HISTORICAL ACCOUNT OF HAITIAN PEOPLE FROM A DIFFERENT PERSPECTIVE

Rasin Ganga [email protected] Part five Peasants class versus the State  The Peasant Class creates mechanisms that render establishing a state...

ISTWA PÈP AYISYEN YON LÒT APWÒCH

Senkyèm pati aRasin [email protected] Peyizànri parapò ak leta Peyizànri an pwodwi yon latriye mekanis ki rann...

« Ayiti, le meilleur est à venir ! »

Après autour de deux siècles de tumultes et d'épreuves multiformes et pluridimensionnelles : notre...