[tds_menu_login inline="yes" guest_tdicon="td-icon-profile" toggle_txt="My account" logout_tdicon="td-icon-log-out" menu_gh_txt="Get into your account." tdc_css="eyJhbGwiOnsibWFyZ2luLWJvdHRvbSI6IjAiLCJkaXNwbGF5IjoiIn19" f_uh_font_family="653" f_links_font_family="653" f_uf_font_family="653" f_uh_font_size="eyJhbGwiOiIxMyIsInBvcnRyYWl0IjoiMTIifQ==" f_links_font_size="eyJhbGwiOiIxMyIsInBvcnRyYWl0IjoiMTIifQ==" f_uf_font_size="eyJhbGwiOiIxMyIsInBvcnRyYWl0IjoiMTIifQ==" f_uh_font_weight="500" f_links_font_weight="500" f_uf_font_weight="500" f_toggle_font_family="653" f_toggle_font_size="eyJhbGwiOiIxMyIsInBvcnRyYWl0IjoiMTIifQ==" f_toggle_font_weight="500" ia_space="8" menu_offset_top="15" show_version="" f_gh_font_family="653" f_btn1_font_family="653" f_btn2_font_family="653" f_gh_font_size="eyJhbGwiOiIxMyIsInBvcnRyYWl0IjoiMTIifQ==" f_btn1_font_size="eyJhbGwiOiIxMyIsInBvcnRyYWl0IjoiMTIifQ==" f_btn2_font_size="eyJhbGwiOiIxMyIsInBvcnRyYWl0IjoiMTIifQ==" f_gh_font_weight="500" f_btn1_font_weight="500" f_btn2_font_weight="500" menu_gc_btn1_bg_color="#ec3535" menu_gc_btn1_bg_color_h="#000000" menu_gc_btn2_color="#000000" menu_gc_btn2_color_h="#ec3535" menu_gc_btn1_radius="4" menu_ul_link_color="#000000" menu_ul_link_color_h="#ec3535" menu_uf_txt_color="#000000" menu_uf_txt_color_h="#ec3535" show_menu="yes"]
HomeNouvèl kout an kreyòlNouvèl kout an kreyòl

Nouvèl kout an kreyòl

Archives

spot_img

Lapolis arete youn nan prezime ansasen manman ak pitit fi Desenclos yo

Komisè Gouvènman nan Tribinal 1ye Enstans Aquin a, M. Wilson Jean, ansanm ak Polis Nasyonal Ayiti, te arete, mèkredi 31 out 2022 a, nan vil Saint-Louis du Sud: Sainvil Thélusma, ki gen 22 an, manm yon gang k ap travay nan Cité Doudoune. Li ta youn nan swadizan bandi ki te patisipe nan ansasinay fanmi Desenclos a: manman ak 2 pitit fi li yo.

Dapre komisè gouvènman an nan tribinal premye enstans Aquin a, ki te pale nan laprès lokal apre arestasyon an, Sainvil te konfese, pandan entèwogasyon li, ke li te youn nan ansasen 3 manm nan fanmi Desenclos, yo te touye epi boule nan Kwadèboukè. Ansasen an te nan yon mini otobis yo rele «Pappadap» ki t ap mennen l ale nan metwopòl sid la, lè li te jwenn arestasyon li, dapre komisè gouvènman an. Pou kounye a, yo kenbe misye nan komisarya Aquin a, pou pwosedi legal yo.

Akò Montana: 1 an pou anyen

Sou kesyon ki pi gwo satisfaksyon Akò Montana jwenn pandan 12 premye mwa yo, siyatè yo te kapab reponn san modesti epi ak fyète: 26 delege sou 40 rive eli. Steven Benoît premye minis ak 25 vòt sou 40 mete Fritz Alphonse Jean, prezidan. 7 mwa apre, enstalasyon yo poko janm rive fèt.

Akò 30 dawout la pa t fè anyen pou te lejitime 2 eli sa a yo. Kontrèman ak Juan Guaido, prezidan otopwoklame Venezuela a, Fritz Alphonse Jean ak Steven Benoît, kominote entènasyonal la pa rekonèt yo e majò jon nan Montana a pa fè anyen pou yo te jwen soutyen anbasad yo.

Diferan rankont ki fèt yo, se Biwo Siveyans Akò Montana ki kontinye rankontre ak emisè ameriken yo. Nan mwa mas 2022, Anne Witkowsky, Asistan Sekretè Deta pou Operasyon Konfli ak Estabilizasyon, te pale ak siyatè Akò Montana yo, san prezans Fritz Alphonse Jean ak Steven Benoît.

Pou konsomasyon entènasyonal, Akò 30 dawout atann li pou premye minis defakto, Ariel Henry, montre vityèlman volonte li pou dyalòg e pou rive nan yon gran konsansis politik.

Avan patisipasyon li nan Somè Amerik yo nan Los Angeles, Ariel Henry rankontre ak pi gwo majò jon Akò Montana, Madame Magalie Comeau Denis, lakay li e pa gen moun ki konnen ki sa ki te diskite ant 2 pwotagonis yo. Objektif reyèl vizit amikal sa a, pou Premye minis defakto a, se te ede l jwenn lejitimite nesesè, pou Henry te jwenn envitasyon prezidan Biden pou Somè Amerik yo. 3 mwa apre, Gouvènman an ak opozisyon an ki manm Akò Montana a, poko jwenn konsansis politik la.

N ap fè sonje, Fritz Alphonse Jean ak Steven Benoît, 2 eli Montana yo, pa t ka prezan nan seremoni 1ye anivèsè Akò Montana a, akòz rate gaz, selon sa repòtè Radio Kiskeya ki te sou plas te rapòte, nan Jounal 4 trè a.

Manifestasyon pi rèd nan kapital la ak nan pwovens, kont lavi chè a

Mouvman pwotestasyon kontinye nan kapital la ak kèk vil nan peyi a pou denonse rate gaz, lavi chè ak ensekirite. Lendi 29 out la, barikad kawotchou t ap boule nan Delmas ak Pétion-Ville. Nan Jeremi, Jakmèl, Ti Gwav ak Miragwan, plizyè milye sitwayen te okipe beton an pou mande Ariel Henry bay demisyon li.

Plizyè santèn manifestan te koze panik sou otowout Delmas a. Yo te eseye mete dife nan bank komèsyal ak ponp gaz, yo te atake magazen ak wòch. Tout aktivite komèsyal te paralize, Lapolis te entèvni chak fwa pou kraze manifestasyon ak gaz lakrimojèn ak bal an kawotchou. Gethro Louis, jounalis-repòtè Radyo Kominotè ayisyen an – RCH 2000, ki te kouvri mach la, te soti ak yon janm kase. Dapre temwen yo, se yon motosiklèt, ki te frape li, pandan li t ap eseye al kache.

Manm nan popilasyon an manifeste tou nan plizyè vil pwovens ki leve anba gwo tansyon. Nan Ti Gwav, plizyè milye moun te mache nan lari pou denonse konpòtman gouvènman aktyèl la, devan sitiyasyon dezòd nan peyi a. Yon moun pèdi lavi li ak 4 moun blese, pandan jounen mobilizasyon sa a. Viktim lan, Roland Raton, ki te fè opresyon, te mouri, apre li te gen difikilte pou l te respire, akoz gaz lakrimojèn lapolis te lanse pou dispèse foul moun yo.

Mobilizasyon kont Premye Minis Ariel Henry te gaye nan Jeremi, nan Jakmèl tankou nan Nip, sitou nan Miragwan. Manifestan yo t ap denonse ekip an plas la ki, daprè yo, pa sansib ak mizè popilasyon an.

Ronald Léon

Popular articles

BYRON LARS PRESENTS IN EARNEST 

NYFW Spring 2024 By Ann Cooper I will always remember the first time that I came...

Pourquoi ne puis-je pas pleurer, même si je suis triste?

Vous est-il déjà arrivé d'avoir besoin d'un bon cri, mais d’être incapable de pleurer...

La solution à l’insécurité, de plus en plus loin

Les signataires du National Memorandum of Understanding (PEN) annoncent une série de mobilisations, à...

Que dit la Loi? Du Conseil Supérieur de la Police Nationale

Si la loi accorde une certaine autonomie à la Direction Générale de la Police...

Latest News

Dans le dossier du Canal de la Rivière Massacre, la Dominicanie porte le monopole de l’opprobre, mais…

Le dossier du canal d’irrigation de la Rivière Massacre défraie encore les chroniques de...

Kreyol

Bandi nan Kanaran anvayi Komin Sodo, maspinen popilasyon an epi boule Komisarya a Se depi...

Le canal d’irrigation de la rivière Massacre, un dossier de discorde, exploité hors de proportion

La presse locale, en Haïti et en République Dominicaine, également des journaux importants des...