HomeHot News«Lanmò Nègès Da»

«Lanmò Nègès Da»

Archives

spot_img

Jan otè a te di l la : « nanm ki fèt nan bon lalin, pa tann pou l boujonnen, briye ak donnen».Se ka Nègès Da, atis total kapital ki pa t lontan gen 9yèm rekòt kafe l. Zansèt nou yo kouri rele l, paske misyon l bout, pou nanm li pa pèdi nan fènwa sou latè. Men tou, lanmò Nègès Da mete nou fasafas ak yon reyalite nou pa janm vle aksepte, chak jou, ak pwòp tèt nou, ak idantite nou, ak kilti nou, kòm moun e kòm pèp. Li souvan fondman menm esans nou, kòm pèp ki pa ka chape ak senkretis ki karakterize l, nan dimansyon relijyez ak kiltirèl sosyete ayisyèn lan.

Kèk kretyen malonèt pwofite di: «yo te wè sa pou li», pa rapò ak oryentasyon espirityèl ak filozofik konba li a te pran. Menm jan tou, se yon move kou pou tout sila yo ki te pataje menm filozofi avèk mouvman li te ladan l lan, menm lè li te yon minè.

Genyen anpil deba wo nivo, anpil pwofondè travèse, sa ta sipoze trennen dèyè l, e non vye diskou moun ki pa eklere, ki pa edike. Kidonk, an nou plis moun chak jou. Ann fè plis tolerans ak respè, menm pa rapò a sila yo ki chwazi, pou yon rezon oubyen yon lòt, pa pataje menm gou, menm kwayans, menm filozofi lavi, oryentasyon seksyèl, chapèl ak sistèm politik, avèk nou.

Repoze anpè, Nègès Da. Se misyon w ki bout. Retounen ak kè kontan nan limyè a. Menm jan avè w, Byad fè plis pase 30 tan ap fè moun ri, san li pa t janm tonbe nan gwotèsk ak ridikil.

23/01/2022

Kmi-Lingus

Popular articles

BYRON LARS PRESENTS IN EARNEST 

NYFW Spring 2024 By Ann Cooper I will always remember the first time that I came...

Pourquoi ne puis-je pas pleurer, même si je suis triste?

Vous est-il déjà arrivé d'avoir besoin d'un bon cri, mais d’être incapable de pleurer...

La solution à l’insécurité, de plus en plus loin

Les signataires du National Memorandum of Understanding (PEN) annoncent une série de mobilisations, à...

Que dit la Loi? Du Conseil Supérieur de la Police Nationale

Si la loi accorde une certaine autonomie à la Direction Générale de la Police...

Latest News

Dans le dossier du Canal de la Rivière Massacre, la Dominicanie porte le monopole de l’opprobre, mais…

Le dossier du canal d’irrigation de la Rivière Massacre défraie encore les chroniques de...

Les gangs terroristes nous prennent pour des canards sauvages

Dès que la hyène ouvre son clapet, ça sent mauvais à des kilomètres. Cette...

Le canal d’irrigation de la rivière Massacre, un dossier de discorde, exploité hors de proportion

La presse locale, en Haïti et en République Dominicaine, également des journaux importants des...