HomeHot NewsJounen mobilizayon kont ogmantasyon pri gazolin la, twò piti pou enkyete gouvènman...

Jounen mobilizayon kont ogmantasyon pri gazolin la, twò piti pou enkyete gouvènman Ariel Henry

Published on

Archives

Pou denonse mezi gouvènman Ariel Henry a pran pou ogmante pri gazolin ki antre an vigè vandredi 10 desanm 2021an, plizyè òganizasyon lanse yon jounen mobilizasyon nan kèk vil ak nan Pòtoprens. Barikad, kawotchou t ap boule nan kèk ri nan Petyonvil ak sèten vil pwovens.

Nan kapital la, kèk santèn manifestan te pran lari, jou ki te vandredi 10 desanm 2021 an, pou yo te pwoteste kont ogmantasyon pri pwodwi petwolye yo. Pandan premye jounen mobilizasyon sa a, manifestan yo pwofite mande pou yo libere prizonye politik yo, respè dwa moun an Ayiti e pou yo denonse ensekirite. Premye tantativ pwotestasyon sa a te jwenn, anba chal, sipò jovenelist yo, men pa t rive mobilize popilasyon an, malgre dezakò yo ak mezi enpopilè gouvènman Ariel Henry a pran pou ogmante pri gazolin la, nan sitiyasyon difisil yo deja ap viv la.

Liberasyon Solange Lafontant ak konpay li Paul Dubois alyas Polo, apre 9 jou sekestrasyon

Samdi 4 desanm 2021, direktris libreri La Pléiade, Solange Lafontant, ak konpayon li, Paul Dubois, finalman libere apre 9 jou yo pase nan men ravisè yo. Ansyen madanm defen prezidan René Préval la, nan yon mesaj odyo k ap sikile, fè konnen : «ansyen prezidan René Préval pa kite okenn kòb ni sou kont mwen ni sou kont pitit mwen yo, kontrèman ak sa kèk moun panse ou vle panse». Li ajoute «René Préval se yon moun ki te gen prensip. Li pa t foure men li nan kès Leta a, mwen respekte l pou sa». Dapre Solange, «libreri La Pléiade se yon eritaj familyal papa l, Daniel Lafontant, te fonde an 1962, e René Préval pa gen anyen pou wè ak libreri sa a».

Solange Lafontant te pwofite pou salye solidarite yo te montre anvè li ak konpayon li a, pou yo te kapab jwenn liberasyon yo. Viktim lan di li pa p janm bliye sèten moun ki te rann kondisyon detansyon li mwen difisil, lè angwas t ap pete fyèl nou.

Solange Lafontant te kidnape jedi 25 novanm 2021 an, ansanm ak konpayon li, Paul Dubois. E nouvo gouvènman Ariel Henry a poko tabli yon plan pou fè fas ak fenomèn kidnapin lan k ap apovri popilasyon ayisyen an.

Ronald Léon

Popular articles

Deklarasyon Sem Edgard Leblanc Fils devan lanasyon, jou dimanch 6 oktòb 2024

1. Konpatriyòt Ayisyen anndan peyi a tankou sila ki lòt bò dlo oubyen lòt...

79 ème Assemblée générale ordinaire des Nations Unies :

Le Mouvement Point Final salue le discours du Conseiller présidentiel, Edgard Leblanc Fils à...

Croix-des-Bouquets : La Nationale #8, débloquée par la PNH

La Police nationale a réalisé une intervention dans la commune de la Croix-des-Bouquets vendredi...

14 août 2021 – 14 août 2024, 3ème anniversaire du séisme meurtrier du Grand Sud d’Haïti :

3 ans après, aucun projet de reconstruction du Grand Sud, a constaté le Mouvement...

Latest News

Afrique

Gabon : référendum constitutionnel approuvé à 91,8% Le peuple gabonais a tranché lors du référendum...

Que dit la Loi ?

Du choix d'un premier ministre  Quel que soit le cas de figure, le choix du...

Haïti corruption :

Le Mouvement Point Final demande au nouveau Gouvernement d'Alix Didier Fils-Aimé à mettre l'action...