HomeHot NewsGrèv nan Potoprens ak vil pwovens yo

Grèv nan Potoprens ak vil pwovens yo

Published on

Archives

Lari Pòtoprens totalman blanch pou lendi 25 oktòb la. Aktivite nan zòn metwopoliten paralize, lekòl pa louvri, magazen yo ak bank komèsyal yo rete ak pòt fèmen. Nan Pòtoprens ak anviwònman li yo, kèk kout bal te tire detanzantan ak barikad moun te kontaste nan kèk kote. Popilasyon an reponn positivman ak modòd grèv sendika transpò yo te lanse, pou denonse ensekirite a, epi pou mande gaz nan ponp yo. Tout aktivite kanpe nan Jeremi, Okay, Okap, Jakmèl, nan Tigwav ak Gonayiv. E se sèlman nan Podepè, bastion Martine Moïse, aktivite t ap mache oralanti.

Kidnapin Pastè Jean-Mary Ferrer Michel

Pou RNDDH, kidnapin sa a lye a yon kesyon de sèks ant 3 sèvitè Bondye nan yon menn legliz Jesus Center: Jean-Mary Ferrer Michel, yon Pastè 78 lane, menaj sou kote Barbara «Barbie» Quitel, «lenfidèl», manm legliz Jesus Center, madanm minis la, Lizt Quitel, «le koku», aktyèl minis Jistis ak Enteryè, responsab son nan legliz Jesus Center a. Nan yon lèt yo adrese bay Direksyon Santral Polis Jidisyè a, jedi 21 oktòb sa a, Rezo Nasyonal pou Defans Dwa Moun (RNDDH) envite DCPJ pou tande madanm Lizt Quitel, Barbara «Barbie» Quitel, pase li gen anpil bagay pou li ta rakonte bay lapolis. DCPJ pa bay okenn siy si wi ou non l ap oryante ankèt la nan sans sa a. RNDDH kwè ke li trè posib pou Barbara Quitel te okouran planifikasyon ak ekzekisyon zak sa a. Se akòz jalouzi mari li, minis defakto Enteryè ak Kolektivite Teritoryal ki tou minis Jistis ak Sekirite Piblik, Lizt Quitel, ki ta mande yon gwoup gang nan Pòtoprens, pou li ta kidnape Pastè Jean-Mary Ferrer Michel, pou vanje li, akòz relasyon anmoure li ta genyen ak madan li.

Enfòmasyon ki ap sikile sou rezo ki pa ofisyèl ta montre ta gen echanj konpwometan ant Pastè Jean-Mary Ferrer Michel ak Barbara Quitel, sa ki ta konfime gen yon relasyon ant de moun sa yo, andeyò tout lyen maryaj.

Fanmi Pastè Jean-Mary Ferrer Michel, manm fondatè legliz «Jezi Center» nan Delmas 29, deja peye 300 000 USD, pou libere Pastè a ak Normand Weiner. Men, vandredi 22 oktòb la, kidnapè yo te mande yon sòm 800 000 USD pou libere yo. Depi dimanch 3 oktòb, nan antre legliz la, moun ame, ak inifòm lapolis nasyonal la, te pran Pastè Jean Mary Ferrer Michel, ki toujou nan men kidnapè yo.

Chef 400 mawozo a menase pou egzekite otaj ameriken yo

Antoure ak plizyè mann gang 400 mawozo, chèf toupwisan gang kwadèboukè a, Lanmò San Jou, nan fineray 5 sòlda li yo, menase pou touye 16 Ameriken ak yon Kanadyen, si yo pa peye l, ranson li mande a. Li fè konnen sou tèt chak otaj, gen yon fizi ki brake ki prèt pou tire sou lòd li. Nan antèman, jou mèkredi 20 oktòb la, 5 nan «sòlda» li yo ki te mouri nan echanj kout bal ak lapolis, devan konpayi ansyen depite Cholzer Chancy, Joseph Wilson, alyas Lanmò San Jou, ki te akonpaye ak chèf gang, Torcell Vitelhomme, sou yon ton menasan, yo anonse yo pral fè Cholzer ak Léon Charles «kriye san».

Durosier Wilner

Popular articles

Deklarasyon Sem Edgard Leblanc Fils devan lanasyon, jou dimanch 6 oktòb 2024

1. Konpatriyòt Ayisyen anndan peyi a tankou sila ki lòt bò dlo oubyen lòt...

79 ème Assemblée générale ordinaire des Nations Unies :

Le Mouvement Point Final salue le discours du Conseiller présidentiel, Edgard Leblanc Fils à...

Croix-des-Bouquets : La Nationale #8, débloquée par la PNH

La Police nationale a réalisé une intervention dans la commune de la Croix-des-Bouquets vendredi...

14 août 2021 – 14 août 2024, 3ème anniversaire du séisme meurtrier du Grand Sud d’Haïti :

3 ans après, aucun projet de reconstruction du Grand Sud, a constaté le Mouvement...

Latest News

Fusillade des journalistes à l’hôpital général :

Le Mouvement Point Final dénonce le mauvais traitement des journalistes blessés à Cuba.Depuis le...

Haïti/ USA, crise migratoire :

Le Mouvement Point Final annonce au Département d'État américain que la déportation des Haïtiens...

Massacre à Kenskoff : Le laxisme des autorités….

Le Maire Jean Massillon de Kenscoff, reste prudent sur le bilan de l’attaque des...