HomeHot NewsBandi ame okipe kapital la, Pòtoprens

Bandi ame okipe kapital la, Pòtoprens

Published on

Archives

spot_img

Sant-Vil Pòtoprens la tonbe sou kontwòl bandi ame «G9 an fanmi ak alye». Depi jedi, bandi yo mete pye yo atè, pran kontwol rejyon metropolitèn lan, kote gwo kout zam ap tire san kanpe, pou jiskote n ap ekri nan jounal la, kout zam pa sispann chante nan tout katye ki sou kontwòl bandi G9 yo.

Lendi 6 septanm, nan sant-vil Pòtoprens, bandi ame yo kidnape Bernard Cameau ki se direktè Kapital Bank ki chita nan Ri dè Mirak. Bandi mete men sou misye, pandan li t ap bat pou rantre nan biwo li. Nan menm operasyon sa yo, bandi tire kout bal sou moun ki t ap tann machin, nan Delma 43, kote, pou pi piti, twa (3) moun blese anba bal nan jou dimanch 5 septanm 2021 an.

EDH: anplwaye yo kanpe travay

Paske Direksyon Jeneral Enpo bloke kont enstitisyon an nan UNIBANK, yon mouvman pwotestasyon fèt lendi 6 septanm lan, nan EDH, kote anplwaye yo kanpe travay paske yo pa ka touche, epi y ap mande kont sou jesyon Michel Présumé, ansyen DG enstitisyon an ki te demisyone dènyèman. Youn nan anplwaye yo fè konnen DGI bloke kont enstitisyon an nan UNIBANK, pandan ke tout anplwaye yo se nan bank sa a yo ale chanje chèk yo. Pou anplwaye sa a, li estime se menm Leta a k ap batay ak Leta parèy li, lè l konsidere DGI bloke kont EDH la, san li pa t vrèman bay motif blokaj sa a. Anplwaye pwotestatè yo plenyen pou di desizyon sa a lakòz yo pa ka touche, yo pa ka jwenn trèzyèm mwa ki se «Appui scolaire» pou peye lekòl pitit yo. Se rezon sa a, daprè sa yo di, ki fè tout anplwaye kanpe travay, pandan y ap soulinyen se pa sèl EDH nan Pòtoprens lan, se tout EDH nan peyi a, anplwaye yo kanpe travay la. Yon lotbò, pou ale pi lwen, anplwaye yo di yo kanpe travay tou pou egzije limyè fèt sou jesyon Michel Présumé nan tèt konpayi an, ki, daprè yo, t ap jere konbyen milyon dola vèt. Yo mande pou enstitisyon k ap konbat kòripsyon, fè travay yo, tankou: CSC/CA, ULCC, epi vin fè odit sou jesyon ansyen DG demisyonè a.

  1.  
  2. Vant siyati 2 liv pou ka ede moun komin Manich

Powèt Georgy Lundy, ki ekri liv «Degi», epi Kevin Pierre, ki ekri «Mak Pye Solèy», fè vant siyati 2 liv sa yo, samdi 28 out la, nan restoran Yanvalou ki nan nimewo 48, Avni N. Chak liv sa yo, moun ki fè deplasman yo ap achte yo a 300 goud. Lide sa a vini pou kontinye ede viktim tranblemann tè yo, nan fason yo kapab, daprè eksplikasyon Kevin Pierre. 100% kòb ki rantre, aprè vant siyati 2 liv sa yo, pral jwenn moun nan komin Manich. «Tout lajan liv ki vann yo pral jwenn yon komite moun Manich, ki gen nan tèt li: Stephana Dorval ki pral jere sa», daprè sa Kevin fè konnen. Li te ajoute pou l di: Stephana Dorval se moun zòn lan, li te deja ale pou konstate dega tranblemann tè a fè, epi li konn kisa viktim yo plis bezwen.

Durosier Wilner

Popular articles

BYRON LARS PRESENTS IN EARNEST 

NYFW Spring 2024 By Ann Cooper I will always remember the first time that I came...

Pourquoi ne puis-je pas pleurer, même si je suis triste?

Vous est-il déjà arrivé d'avoir besoin d'un bon cri, mais d’être incapable de pleurer...

La solution à l’insécurité, de plus en plus loin

Les signataires du National Memorandum of Understanding (PEN) annoncent une série de mobilisations, à...

Que dit la Loi? Du Conseil Supérieur de la Police Nationale

Si la loi accorde une certaine autonomie à la Direction Générale de la Police...

Latest News

Dans le dossier du Canal de la Rivière Massacre, la Dominicanie porte le monopole de l’opprobre, mais…

Le dossier du canal d’irrigation de la Rivière Massacre défraie encore les chroniques de...

Les gangs terroristes nous prennent pour des canards sauvages

Dès que la hyène ouvre son clapet, ça sent mauvais à des kilomètres. Cette...

Le canal d’irrigation de la rivière Massacre, un dossier de discorde, exploité hors de proportion

La presse locale, en Haïti et en République Dominicaine, également des journaux importants des...