Tranblemand tè: viktim yo kòmanse ap pyese kay yo
Sant Operasyon Ijans Nasyonal mande pou sitwayen yo pa kouri repare kay tranblemand tè a fin andomaje. Sant Operasyon Ijans Nasyonal mete yon mizangad pou moun yo pa kouri repare kay tranblemand tè a fin andomaje nan Gran Sid la. Nan yon kominike ki soti samdi 21 dawout la, Sant Operasyon Ijans Nasyonal (COUN) mande popilasyon nan Gran Sid la pou pa kouri ale repare kay, ke tranblemand tè ki te pase 14 dawout la, andomaje.
Kominike sa a fè sitwayen tèt di sa yo konnen, se lè Ministè Travo Piblik fin evalye yon kay, se lè sa a Sektè Enfrastrikti ki anndan COUN lan ap konnen si pou kay sa a repare oubyen kraze nèt. Nan menm sans sa a, kominike a raple gen enjenyè fòme anndan MTPTC ki pou fè travay sila a, pandan l ajoute gen yon gid ki egziste ki di kouman pou kay ki merite repare yo dwe repare.
Sant Operasyon Ijans Nasyonal la mande tout meri ak otorite lokal yo pou pran dispozisyon pou fè sitwayen yo respekte mizangad sa a, pandan l anonse Travo piblik ap pare pou lanse, nan jou k ap vini la yo, evaliyasyon kay ki andomaje yo.
Desizyon sa a vini apre enfòmasyon t ap sikile gen moun kay yo pa t fin kraze ki degaje yo kole pyese l epi ale viv ladan l, san sipèvizyon MTPTC. Konpòtman sa a, te genyen l tou apre 12 janvye 2010 la, kote moun yo konstwi nèt, oubyen repare kay yo, jan lide yo di yo, sa ki fè anpil moun panse gen yon malè pandye nan Pòtoprens, si tout fwa yon lòt tranblemand tè ta fèt ankò.
Seksyon kominal Sen Jòj: sitwayen yo nan gwo difikilte
Aprè pasaj tranbleman tè a, jou ki te samdi 14 dawout 2021, seksyon kominal Sen Jòj, ki twouve l nan komin Sen Lwi di Sid, ap konfwote gwo difikilte, sa ki mete moun yo nan anpil tèt chaje, aprè 10 jou tranbleman an fin pase sou peyi a, kote se nan lari anpil ladan yo ap dòmi.
Nan yon ti pale jounal Ayiti Pwogrè te fè ak Janvier Jean Richard, ki se youn nan reprezantan òganizasyon «Saint Georges Debout», li fè nou konnen jis kounye a, popilasyon an poko wè prezans Leta pase wè yo. Anpil kay kraze nan seksyon kominal sa a, kote depi 14 dawout se nan lari moun yo ap dòmi. Nan sans sa a, Janvier Jean Richard rete kwè ke se pa manje, moun yo gen bezwen. «Nou bezwen tant ak prela, nou pa gen dlo. Nou gen pwoblèm dòmi ak timoun nou yo, granmoun aje yo», selon sa l di. Responsab òganizasyon lokal «Saint Georges Debout» a mande konkou Leta pou ta vin fè kan pou moun yo, sa t ap fè sitwayen yo kontan anpil paske lapli ap mouye yo nan lari a.
N ap raple w, anpil kote nan Gran Sid la ki trè rekile, moun yo, aprè 10 jou, toujou bezwen konkou moun pou vin ede yo, paske kay yo kraze, yo nan lari. Se rezon ki fè yo toujou ap voye SOS pou vin ede yo. Akoz yo sanse prèske bliye yo, genyen ki livre yo a repare kay yo, pou kont yo. Genyen tou ki reziyen yo rete bò lari a, ap tann èd otorite oubyen kèk patikilye.
Pwotestasyon pou egzije liberasyon doktè Hervé Chéry
Te genyen mouvman pwotestasyon pou egzije liberasyon doktè Hervé Chéry. Yon gwoup moun, ki gen ladan yo doktè ak pasyan, te leve kanpe, jou jedi 19 dawout, nan Dèlma 48, pou mande liberasyon jinekològ obstetrisyen, Hervé Chéry, ke kèk endividi te kidnape, jou ki te madi 17 dawout la, pandan l ap sot travay nan lopital DASH, Petyonvil la. kawotchou t ap boule pandan mouvman pwotestasyon sa a. Sikilasyon an te konplètman bloke devan lopital DASH la, nan moman nou t ap ekri atik la.
Durosier Wilner / Jules Guirlène