HomeNouvèl kout an kreyòlNouvel kout an kreyòl - kidnapping

Nouvel kout an kreyòl – kidnapping

Published on

Archives

spot_img

Kidnaping pi rèd: yo kidnape Ludjane Jean-Gilles anndan lakay li

Endividi rantre kay Ludjane Jean-Gilles, epi ale avè l, pandan l t ap fete anivèsè l an fanmi. Ludjane Jean-Gilles, se non jèn fi 26 lane sa a, endividi moun pa rive idantifye, rantre lakay li epi ale ak li an prezans fanmi l, pandan li t ap fete anivèsè nesans li. Selon sa yon pwòch Ludjane konfime ak redaksyon an, aksyon sa a pase nan lannuit samdi 17 jiyè a pou louvri dimanch maten an, nan zòn Bon-Repo, nan Komin Kwadèboukè, Enpas Rosembert. Toujou selon pwòch demwazèl la ki t ap pale ak redaksyon Juno7, se anndan kay la yo rantre yo pran Ludjane Jean-Gilles. Li te nan kay la ak manman l, kouzin li epi yon frè l, yo bat manman an ak kouzin lan, avan yo ale ak li. Pou kounye a, endividi sa yo poko rele fanmi an, nan moman nou t ap ekri atik sa a. Se rezon ki fè nou pa an mezi di se yon zak kidnaping, paske fanmi demwazèl la poko resevwa okenn apèl bò kote moun ki pran Ludjane Jean-Gilles yo, pou mande ranson.

Bandi kidnape Vilaire Rizier

Kidnaping fèt sou Vilaire Rozier, batè gwoup K-Dans lan. Ravisè yo mande 500 mil dola pou libere l. Vilaire Rozier, se non sitwayen sa a, ki anba men endividi sa yo, depi mèkredi pase, ki enfòme pwòch li, yo kidnape l. Yon manb gwoup K-Dans, ki te rantre an kontak ak jounal la, eksplike pou l di Vilaire Rozier te ale rann yon moun sèvis mèkredi. Li te ale depoze yon moun lopital, pou li al akouche, nan zòn Taba. Nan retou li, endividi yo met men sou li sou wout Taba epi kidnape l, daprè sa pwòch la eksplike. Dènye lè fanmi an pale ak li, se jodi a. Pwòch sa a pa t an mezi di si li anfòm, akoz se pa li k te pale dirèkteman ak li. Ravisè yo mande 500 mil dola, kòm ranson pou libere batè gwoup la, daprè pwòch la. Gwoup la, apre zak sa a, ap mande liberasyon Vilaire Rozier epi raple ke gwoup pa jwe nan moman an, pa gen lajan, pa gen pwogramasyon, mizisyen pa fè kòb.

Kidnaping vwayajè nan otobis Sans-Souci

Fenomèn kidnaping lan, ki te fè yon kanpe, ap reparèt figi l, tipa tipa. Mèkredi a, nan nivo Gwo Mòn, endividi tire sou yon otobis «Sans Souci» epi kidnape 10 moun. 7 ladan yo jwenn liberasyon, jedi 15 jiyè an.

Emmanuel Saintus

Popular articles

BYRON LARS PRESENTS IN EARNEST 

NYFW Spring 2024 By Ann Cooper I will always remember the first time that I came...

Pourquoi ne puis-je pas pleurer, même si je suis triste?

Vous est-il déjà arrivé d'avoir besoin d'un bon cri, mais d’être incapable de pleurer...

La solution à l’insécurité, de plus en plus loin

Les signataires du National Memorandum of Understanding (PEN) annoncent une série de mobilisations, à...

Que dit la Loi? Du Conseil Supérieur de la Police Nationale

Si la loi accorde une certaine autonomie à la Direction Générale de la Police...

Latest News

Kreyol

Bandi nan Kanaran anvayi Komin Sodo, maspinen popilasyon an epi boule Komisarya a Se depi...

Kreyol

Komedyen René Fiallo mouri René Fiallo, ki se yon selèb komedyen nan peyi Repiblik dominikèn,...

Kreyol

Depatman Grandans: yon nouvo direktè polis enstale Komisè Louis Edner Yacinth enstale kòm nouvo Direktè...