Kreyol

Archives

Men konsta yon sitwayen ayisyen

Lidè Politik ayisyen yo pran *lajan peyi* a, chanje yo an *dola meriken*, voye achte kay ak okipe fanmi yo nan lòt peyi, pandan pitit Ayiti kontinye ap koupi nan malsite.  *Revolisyonè* yo sou kontwòl ak asirans kolon e lidè politik, y ap dechèpiye malere ak kase kay ak kòmès moun, pou al achte minisyon.  Y ap gaspiye pil milyon nan achte minisyon pou fè kisa ?  Pou detwi menm pwòp tèt yo.  Malerezman, Desalin pa la ankò.  Si l te la yo t ap touye l ankò paske se pi gwo mal li te fè lè l te dakò bay tèt li an sakrifis pou te libere bout tè sa a.

Si n te moun, lè konsa peyi a te gen yon gouvènman nòmal.  Pa t ap gen pa fè eleksyon e pil esklav k ap goumen la a t ap gen tan al nan *Kasasyon* pou fasilite kriz la rezoud.  

*Revolisyonè* yo touye, boule moun. Yo boule kraze lekòl ak lopital. Yo bloke wout, boule, kraze tout sa nou te genyen, pandan pitit ni gang ni lidè politik, nan peyi etranje.  Yo fòse tout moun ki te ka ede nou, kite peyi a, paske vi yo an danje.

Mibalè : popilasyon an touye 2 prezime bandi, pami yo: yon polisye

Yon foul moun anvayi yon ti pòs polis nan Mibalè, yo pran 2 prezime bandi epi rache yo ak manchèt, ladan yo te gen yon polisye.  Sa pase aprè lapolis te fin entèpele yo nan Devarye, yon lokalite nan Mibalè, vandredi 29 mas 2024 la.  Malgre tout jefò polisye te fè pou te pwoteje yo, popilasyon an ki te an kòlè, mete lapat sou mesye sa a yo ki te gen nan valiz yo lajan ki evalye a plis pase 6 milyon 300 mil goud, ak 20 mil dola ameriken, nan moman arestasyon yo.  Lajan sa a, selon enfòmasyon ki disponib yo, se te pou ale achte bal ak zam pou gang yo, sou fwontyè Ayiti ak Dominikani, nan nivo Beladè.

2 mesye sa yo, se Alexandre Ananel, yon polisye grad Ajan 2, ki te afekte nan CBIM, ak Musca Michelet, ki se yon ansyen ajan sekirite Konsèy Elektoral Pwovizwa (KEP).  Lapolis jwenn sou yo 2 pistolè 9 mm, 6 chajè ranpli ak bal, ak yon bwat 50 katouch 9 mm.  Lapolis konfiske tou yon machin Nissan X Terra, koulè nwa, ki gen nimewo plak AA-49833, ak 7 telefòn pòtab.

Ayiti: tout sa w dwe konnen sou Konsèy Prezidansyèl la : dire manda yo, reminerasyon, misyon, pouvwa yo

Nan yon dokiman manm Konsèy Prezidansyèl la elabore epi voye bay gouvènman demisyonè Ariel Henry a, semèn sa a, yo prezante bay gouvènman an: òganizasyon, fonksyonman ak lòt aspè Konsèy Prezidansyèl la ki pral jere tranzisyon an.  Se yon dokiman ki eksplike an detay kisa pou tout sitwayen dwe atann nan men Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an.  Daprè dokiman an, Konsèy Prezidansyèl la ap pran prezidans tranzisyon an, epi li konpoze de nèf (9) konseye ki gen ladan yo sèt (7) manm ki reprezante:

  • Akò 30 out 2021, ki se Montana; Kolektif 30 janvye 2023, Akò 21 desanm 2022, Fanmi Lavalas, Platfòm Rezistans Demokratik (RED/EDE) ak gwoupman politik Konpwomi Istorik la, Pati Pitit Desalin ak Sektè Prive a.  Genyen tou de (2) obsèvatè san dwa vòt ki reprezante: Sosyete Sivil la.
  • Konbyen tan manda KP la dwe dire o maksimòm ?

Konsèy Prezidansyèl la gen yon manda de dizwit (18) a vennkat (24) mwa pou pi plis tan. Manm yo pa kapab kandida pou okenn pòs nan eleksyon pouvwa egzekitif yo pral òganize yo.

  • Ki reminerasyon yo ?

Daprè dokiman an, manm yo nan Konsèy Prezidansyèl la ap resevwa nan Trezò Piblik la, yon frè, chak mwa, apati de enstalasyon yo.  Madanm oswa mari yon manm Konsèy Prezidansyèl la, okenn manm fanmi li p ap benefisye de yon estati espesyal pandan peryòd Tranzisyon an.  Konseye yo p ap nan jere pwojè piblik, oswa gen aksè a lajan ki soti nan Trezò Piblik la.  Konsèy la pa rekonèt estati « premye dam », toujou selon dokiman an.

  • Ki kote y ap syeje?

Konsèy Prezidansyèl la gen katye jeneral li nan « Palè Nasyonal », epi desizyon yo ap pran pa konsansis, si yo pa fè sa pa vòt majorite, sou prensip: yon manm, yon vòt.  “Nan ka gen yon egalite nan vòt aprè yon absans oswa yon abstansyon, vòt Prezidan an konte pou 2.

  • Kouman Konsèy la ap pran desizyon yo e ap fonksyone an jeneral?

Konsèy Prezidansyèl la deside gen kowòm nan seyans li yo, si omwen kat (4) manm prezan.  Nan ka absans, yon manm nan Konsèy Prezidansyèl la ka delege dwa li pou vote bay yon lòt kòlèg, daprè dokiman an ki endike « nan ka yon enkapasite oswa lanmò yon manm, estrikti ki te voye li a ap fè ranplasman li nan 10 jou, aprè ka a”.

Toujou daprè dokiman an, si Konsèy Prezidansyèl la twouve li tanporèman pa kapab egzèse fonksyon li yo, Konsèy Minis yo, anba prezidans Chèf Gouvènman an, ap egzèse pouvwa egzekitif la, tout otan anpechman an dire.

  • Kijan y ap eli Prezidan Konsèy la ?

Aprè yo fin enstale, manm Konsèy la dwe ale nan eleksyon prezidan an, pa senp majorite. Nan ka yon egalite, yon dezyèm bilten vòt ap òganize. Si li toujou enposib pou deside ant vòt yo, Prezidan an ap tire o aza, non de kandida yo.

Se 2 obsèvatè yo ki dwe òganize eleksyon yo, e pou verifye si kandida yo kalifye.  Prezidan an ki soti nan eleksyon an pral chèf nominal Fòs Lame a epi li pral responsab, akonpaye pa lòt manm yo nan Konsèy la, nan prezidans Konsèy Minis yo.

Konsènan òganizasyon Konsèy Prezidansyèl la, antite a pral konpoze de: prezidans konsèy la ak kabinè sektè yo ki divize an 6 gwo pwojè: « Sekirite, Eleksyon, Refòm konstitisyonèl, Konferans nasyonal souveren, Rekiperasyon ekonomik, sosyal ak imanitè.

  • Kijan y ap chwazi Premye Minis la?

Pou chwazi premye minis la, chak sektè ki konstitye Konsèy Prezidansyèl la pral nonmen yon aspiran pou pozisyon an, l ap soumèt li bay Konsèy la.  Nan lis sa a, Konsèy Prezidansyèl la ap chwazi Premye Minis la ak yon majorite absoli.  Nan ka yon egalite, yon dezyèm tou ap òganize.  Si dezyèm tou a pa pèmèt yo deside vòt yo, y ap òganize yon twazyèm tou. Nan ka yon menm kantite vòt ki pèsistan, y ap fè tiraj osò pou chwazi Premye Minis la.

Premye minis la ap chwazi daprè kritè sa yo: 

  • Li dwe gen orijin Ayisyèn epi pa t janm renonse ak nasyonalite l. 
  • Li dwe jwi dwa sivil ak politik li epi pa t janm kondane pou yon santans afliktif ak enfaman. 
  • Li dwe yon pwopriyetè an Ayiti, oswa pratike yon pwofesyon. 
  • Li dwe abite nan peyi a pou senk (5) lane, youn aprè lòt, ki sot pase la yo. 
  • Li dwe resevwa nan men Tribinal Siperyè Kont ak Kontansye Administratif, yon rapò
    favorab pou jesyon li, si li te responsab pou fon piblik.

Konsèy Prezidansyèl la kapab mete fen nan fonksyon Chèf Gouvènman an :

  • sèlman lè li prezante demisyon li bay Gouvènman an, 
  • nan ka tou ta gen gwo sipozisyon aksyon kriminèl ak koripsyon ki gen prèv, 
  • oswa sou prezantasyon dosye dokimante de defisi gouvènans OCAG prezante.

Konsèy sa a gen kapasite pou resevwa lèt kreyans, nonmen anbasadè, konsil, nonmen gran komi Leta, delege ak vis-delege.  Epitou, konsèy prezidansyèl sa a, gen kapasite pou nonmen : 

  • Konsèy Elektoral Pwovizwa a ki gen nèf manm, daprè kritè yo te prevwa nan  Konstitisyon   1987 la nan atik 289 li a; 
  • Komite Direktè Konferans Nasyonal la, sou pwopozisyon Premye Minis la; 
  • Komisyon Refòm Konstitisyonèl la ak 
  • Komisyon Laverite ak Jistis, sou pwopozisyon Premye Minis la, an konsiltasyon ak òganizasyon dwa moun, nasyonal ak entènasyonal, toujou selon sa nou li nan dokiman an.

Emmanuel Saintus

Popular articles

Conférence de commémoration du 199ème anniversaire de la dette de l’indépendance d’Haïti:

" Impact de la dette de l'indépendance dans le sous-développement d'Haïti"Le Mouvement Point Final...

Instabilite

De l'instabilité sociopolitique dégradante aux ingérences des puissances impérialistes occidentales en Haïti, le peuple...

Mythe ou vérité ? Le peuple haïtien, pour son propre malheur, choisirait-il des bandits comme leaders?

 Les analystes politiques prennent le vilain plaisir de culpabiliser les victimes en guise de...

Un Conseil Présidentiel de 7 membres, à la tête du pays, est-ce pour bientôt?

C’est une démarche boiteuse au mieux, bizarre certainement, mais il fallait bien entreprendre quelque...

Latest News

Volte-face au Togo : nouveau camouflet pour la CEDEAO

La CEDEAO traverse depuis plusieurs mois une mauvaise passe. Une situation aggravée ces derniers...

Newsreel

A week after the list of members of the presidential council was published in...

La marche sera très haute pour le CPT, et les attentes de la population tout aussi élevées …

Jusqu’à la semaine dernière, je n’étais pas encore certain qu’il verrait le jour.  Les...
Exit mobile version