HomeActualitéISTWA PÈP AYISYEN YON LÒT APWÒCH

ISTWA PÈP AYISYEN YON LÒT APWÒCH

Archives

 (Part 1)

ALAPAPÒT

Nou pwal prezante Istwa pèp Ayisyen; yon lòt apwòch nan twa (3) etap fondalnatal.

1) Divès apwòch ou ka genyen sou listwa, epi nou menm nou pral di men ki apwòch pa nou.

2) Kisa sa vle di Pèp ? Ki diferans nou fè ant istwa pèp ayisyen ak istwa leta ayisyen ?

3) Pwojè peyizan an (pwojè moun andeyò a) nan kad istwa pèp la.  Kisa pèp la te akonpli nan listwa ?

3 APWÒCH SOU LISTWA

Chematikman, gen 3 apwòch nou kapab genyen sou listwa:
1.  Elitis/evènmansyèl;

2. Estriktiralis/maksis, neyo maksis/pòs maksis;

3. Antwopolojik/global.

Nan chak apwòch yo, fòk nou kapab wè ki prensipal aktè nou idantifye ki ap fè listwa a, e chak apwòch yo defini yon aktè diferan.

1. Apwòch elitis/evènmansyèl

Apwòch sa a mete aksan sou gran pèsonaj istorik yo.  Se li ki pral ba w ewo yo. Se istwa gran pèsonaj istorik yo.  Gen yon lyen dirèk ant evènman yo ansanm ak pèsonaj yo.  Se pèsonaj sa yo k ap fè evènman yo, epi evènman yo ap enfliyanse pèsonaj yo tou.  Sa a se apwòch elitis la.  Istwa d Ayiti nou aprann lekòl, se apwòch sa a li adopte.  Se sa k fè nou pa jwenn ni nèg mawon yo, ni nègès mawon yo, nan apwòch sa a.

Pwoblèm elit yo

Elit yon pèp, se sa ki pi bon nan pèp la, ki ap aji nan yon gwoup moun.  Li sipoze reprezante pèp la, nan sa ki pi bon nan li.  An jeneral, lè nou di elit, nou gen tandans panse ak elit politik, ekonomik, elt.  Men se pa sa li ye.  Poutan, nan reyalite sosyete ayisyen an, elit la se pa elit pèp la.  Li pa soti nan pèp la.  Yo fè pati de sa Gramsci rele entelektyèl òganik (intellectuel organique).

2. Apwòch estriktiralis/maksis

Nan apwòch estriktiralis/maksis la, sa ki pi enpòtan se pa pèsonaj istorik yo, ni ewo yo, se sa yo rele estrikti sosyal yo, klas sosyal yo, mòd pwodiksyon yo (modes de production), rapò pwodiksyon yo (rapports de production).  Pou maksis la, sa ki detèmine konpòtman yon moun nan listwa, se klas sosyal li, kategori sosyal li soti a.  Kidonk, nan apwòch sa a, se klas sosyal yo ki motè listwa.  Se pou sa yo rele mòd apwòch sa yo, apwòch detèminis. Malgre, kòm zouti analiz pou konprann sosyete yo, sitou nan sistèm kapitalis la, nou konsidere demach maksis la pa finman wonp ak epistemè modèl oksidantal la. Li rete atache ak ideyoloji pwogrè pwodiktivis la e li pa koupe fache ak sa yo rele Gran mit ewopeyen an (Grand récit européen) ki mete loksidan kapitalis la kòm sivilizasyon ki pi wololoy, limanite pa t janm konnen.  Sa mache ak yon konsepsyon listwa ki lineyè.  San konte yo pa vrèman/tèlman pran an konsiderasyon imajinè pèp yo, tèlman estrikti ekonomik yo parèt tankou enstans ki detèmine tout lèzòt yo. 

“L’histoire de toute société, c’est l’histoire de la lutte des classes.”

(«Istwa tout sosyete, se batay ant klas sosyal yo») 

Kisa ki yon klas sosyal ?


Se yon gwoup moun ki okipe menm plas nan mòd pwodiksyon ekonomik la.  Kidonk ki gen menm enterè ekonomik ak materyèl. 

Selon maksis yo, dèske moun yo fè pati menm klas sosyal, (yo okipe menm plas nan mòd pwodiksyon an), yo gen tandans gen tèl konsyans parapò ak reyalite a. Se pa yon lwa ki fikse sa.  Men, pwiske yo nan menm klas sosyal, yo gen tandans wè reyalite a menm jan.  Se poutèt sa, dapre apwòch sa a, nan kad yon sistèm kapitalis, se klas pwoletarya a ki pwal pote chanjman nan listwa, paske se li ki pi eksplwate e ki majoritè. 

{Lè nou pale sou neyo maksis, pòs maksis.} Sa vle di maksis la li pa omojèn.  Gen yon evolisyon nan apwòch maksis la.

 Apwòch maksis òtodòks la li defini / li wè evolisyon yon sosyete dapre yon teyori yo rele teyori senk estad yo (théorie des cinq stades).  Sa vle di, nan tout istwa limanite, sosyete yo pase pa senk (5) etap, senk (5) kalfou, yo rele yo mòd pwodiksyon (mode de production) :

1) Kominis primitif;
2) Esklavajis;
3) Feyodal;
4) Kapitalis;
5) Sosyalis – Kominis.

Chak sosyete sa yo defini parapò avèk popriyete, mòd pwodiksyon yo epi nan men kiyès mwayen pwodiksyon yo ye.

Estad 1 : Kominis primitif

Li gen de (2) karakteristik :

a) Pa gen propriyete prive

Mwayen pwodiksyon yo pa nan men pèsonn.  Mwayen pwodiskyon yo osèvis tout sosyete a, kidonk, yo pa pwopriyete yon moun ni yon gwoup moun an patikilye. 

b) Pa gen leta

Pou maksis la, leta se yon enstriman osèvis yon klas sosyal (klas k ap domine a).  Leta parèt nan moman pwopriyete prive parèt.  Lè sa a, nan sosyete primitif la, pa t gen leta, e nan sosyete kominis k ap vini an, pa p genyen nonplis.  Pa p gen mwayen pwodiksyon nan men prive, pa p gen klas sosyal.  Se poutèt sa, pou maksis la tout leta se yon diktati klas k ap domine a, sou klas majorite a.  Kidonk, sa yo rele demokrasi boujwa a (démocratie bourgeoise) se diktati boujwazi a.  Se poutèt sa, nan kad sistèm sosyalis la, yo itilize yon tèm ki se diktati pwoletarya (dictature du prolétariat) osnon demokrasi popilè (démocratie populaire).  Ou ka rele l demokrasi, si w vle, men pou maksis yo, konsèp leta a, se yon diktati, paske se yon eleman dominasyon yon klas sou yon lòt. 

Estad 2: Esklavajis.

Estad 3: Feyodal;

Estad 4: Kapitalis;

Estad 5: Sosyalis – Kominis

Konsepsyon teyori senk (5) estad la, pwal kreye yon gwo difikilte lakay maksis òtodòks yo ki ap analize fòmasyon sosyal ayisyen an.  Yo pral idantifye esklavaj ki te gen Sendomeng lan, kòm 2yèm faz nan evolisyon yon sosyete a, epi yo pra l di, apre lesklavaj han Ayiti, se estad feyodal la ki vini.  Se pi gwo mankman (lacune), pi gwo erè ki fèt nan analiz maksis òtodòks yo: se lè yo aplike teyori Stalin lan, yo vin ap chèche ann Ayiti, yon feyodalite ki pa egziste, paske yo te panse estad esklavaj la se te yon faz nan devlopman sosyete a, ki pral mennen nan feyodalite, lè fini ki pral abouti nan kapitalis.  Se pou sa, nan pati kominis ann Ayiti, pral gen yon gwo divèjans.  Met sou li, lè analiz la fèt konsa, pral gen yon deba pou konnen èske w pral bije pase pa sosyete kapitalis la, anvan w al nan sosyalis la, oubyen w pwal sote faz kapitalis la, pou w al nan sosyalis.  Kidonk, sila yo ki panse fòk ou pase nan kapitalis, lè w sot nan feyodalite, dapre lalwa Maks (Marx), yo pra l di fòk pèp la fè alyans ak boujwazi a, pou goumen kont nèg feyodal yo.  Gen sektè menm ki di se ak klas mwayèn pou pèp la fè alyans, se pa ak boujwazi.


Nan eleksyon nan ane 57 la, kominis yo fann an 2.  Genyen ki di y ap apiye Dejwa (Déjoie), kòm boujwa, pou ale nan kapitalis la.  Genyen ki di y ap apiye Divalye (Duvalier) kòm klas mwayèn.  Kidonk, gen yon pati yo te rele PCH (Parti Communiste Haïtien) ki te apiye Divalye kòm klas mwayèn, pou fè revolisyon an.  Antoulèka, listwa, selon fason li analize l, sa pral detèmine tèl ou tèl konpòtman politik.  Se pou sa, jan Maks (Marx) di li : san teyori revolisyonè, nanpwen mouvman revolisyonè. 


Neo maksis yo menm pa wè evolisyon sosyete yo nan senk (5) estad.  Yo konprann ke lè Maks t ap pale a, se sosyete Lewòp yo li t ap analize, se pa tout sosyete sou latè.  Se sa ki fè, lè n ap repete sa ki nan teyori maksis yo, jan yo ye a, sa kreye pwoblèm.  Sa pou n sonje nan apwòch maksis la, (sou listwa), aktè prensipal la se klas sosyal pwoletè a.

3. Apwòch antwopolojik/ global 


Nan Apwòch antwopolojik/global la, aktè prensipal yo, se pèp ak sivilizasyon.  Sa pa vle di nou pa p itilize apwòch maksis la pou analize pwoblèm ki genyen nan mitan pèp la (relasyon sosyal ki genyen nan mitan papa la).  Men, nan sosyete ayisyen an, ki kreye nan yon kontèks kolonizasyon, esklavaj ki te genyen an, se pa esklavaj menm jan ak sa ki te genyen nan tan ansyen y ap pale nan teyori maksis la.  Se yon esklavaj kapitalis.  Sa vle di se nan kad yon lòd mondyal kapitalis, Lewòp eksplwate fòs kouray moun sou fòm lesklavaj, men tout sa ki t ap fèt Sendomeng se te pou ranfòse yon sistèm kapitalis.  Se sa yo rele « accumulation primitive. »  Kapitalis la, se nan Karayib la li fèt, ann Ayiti li fèt.  Se pou sa nou di istwa pèp ayisyen an fèt nan mitan lòd mondyal kapitalis la.  Pèp ayisyen an pran nesans nan konteste lòd mondyal kapitalis la.  Lè nou konprann karakteristik lòd mondyal la, n ap konprann ki sans sa genyen, lè nou di pèp ayisyen an kreye pou konteste lòd mondyal kapitalis la.  Sa vle di, depi pèp ayisyen an se pa sa l ap regle, li deyò sa nou rele misyon istorik li. 

Nan apwòch antwopolojik/global la, nou mete aksan sou pèp la, an tan ke pwodiksyon istorik e kiltirèl.   Lè sa a, nou pral wè ki misyon pèp sa a genyen, nan listwa limanite.

Rasin Ganga

RasinGanga99@gmail.com

Popular articles

Instabilite

De l'instabilité sociopolitique dégradante aux ingérences des puissances impérialistes occidentales en Haïti, le peuple...

Mythe ou vérité ? Le peuple haïtien, pour son propre malheur, choisirait-il des bandits comme leaders?

 Les analystes politiques prennent le vilain plaisir de culpabiliser les victimes en guise de...

Un Conseil Présidentiel de 7 membres, à la tête du pays, est-ce pour bientôt?

C’est une démarche boiteuse au mieux, bizarre certainement, mais il fallait bien entreprendre quelque...

La CARICOM recrute 7 nouveaux acteurs haïtiens pour pour une  débauche présidentielle  inédite

Cette organisation qui n’a jamais supporté Haïti dans sa lutte contre ses ennemis internes...

Latest News

Newsreel

News coming from the nations leaders last week offered some hope that things will...

Frankétienne : Un nom qui sonne comme une insolence

Né le 12 Avril 1936 à Ravine Sèche dans le département de l’Artibonite, Jean-Pierre...

La reddition de compte, ultimement, est personnelle : avis en est donné aux concernés

Je sais que la politique est une lutte idéologique qui s’exprime de toute sorte...
Exit mobile version