HomeActualitéMouvman Libète, Egalite sou Chimen Fratènite tout Ayisyen (MOLEGHAF)

Mouvman Libète, Egalite sou Chimen Fratènite tout Ayisyen (MOLEGHAF)

Published on

Archives

Nòt MOLEGHAF Dimanch 20 oktòb 2024

Depi 17 oktòb 2024, mafweze vèditè VIV ANSANM yo plonje nan yon tèrib fènwè tout

popilasyon ; Solino, fò nasyonal, Nazon, Kriswa ak lot zòn nan vwazinay yo. Pèsòn pa konn ki

wout pou yo pase. Sanginen yo touye malere ak malerèz yo anndan lakay yo. San konte dividal

kay yo boule. Popilasyon Solino an ki lage pou kont li depi yon (1) lane 7 mwa kontinye ap

louvri de (2) bwa li pou mande solidarite ak yon pouvwa ki se baz menm masak sa yo. Nou

paka kontinye nan sitiyasyon sa.

Tout peyi a dwe konprann sa k ap pase a byen. Atak Solino ap sibi yo pa soti nan syèl pou gran

mèsi. Boujwazi tchoul k ap viv nan peyi a, sou kontwòl enperyalis meriken ap gade tout fason

posib pou pouse do tout moun k ap viv nan zòn sa yo aprè pou yo pran kontwòl epas la. Pandan

swadizan ONU ap bay sanksyon epi mete anbago zam ak bal gwoup asasen VIV ANSANM yo

ap jwenn materyel lagè nan tout dimansyon. Bandi sa yo vin pi solid epi kontinye chache

ranfosman nan mitan yo. Endistri k ap pwodui gang isit yo vin jwenn plis jenn fanm ak gason

pou vin asire travay nan enterè pwojè estratejik anbasad meriken nan peyi a pou yon lòt

devlopman. Plan estratejik devlopman sa ki vize anpil katye nan depatman lwès la, sitou komin

pòtoprens lan sanble pa lwen pou reyalize. Toutfwa yo fin pran solino, y ap gen posibilite pou

mete zago yo sou delma, lali, pou monte petyonvil. Lè sa popilasyon ayisyèn lan ki nan tout sa

k pa bon yo pwal pran nan yon sentiwon. Pase isit n ap kontre la. Plis gang yo okipe plis espas,

gwo envestisè ki fin bay tout ti sa yo genyen yo ap gen plis enterè. Nou konprann plan an. Mas

oprime dwe chache fòs toupatou pou kwape pwojè kriminèl sa.

VIV ANSANM nan se fòs presyon laboujwazi, dilapidatè fon piblik yo (tankou

petwokaribe), ak entènasyonal kominotè a. Se yon levye yo itilize lè yo

bezwen entimide mas pèp k ap fè rezistans kont tout fòm aplikasyon politik

neyoliberal yo nan peyi Dayiti.

Aspè nou sot montre anlè a pa vle di anyen douvan reyalite politik la. Depi aprè enstalasyon

Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an, VIV ASANM ki te bezwen solino pou sèvi l kòm dra sal k

ap kouvri malpwopte l ap pwodui yo pa sispann konnen move moman ki pran tout kalte koulè.

Pandan enstalasyon satelit enperyalis meriken yo nan KPT a mafweze sa yo pase nan delma 24

yo touye, vòlè, boule kay yon flonn malerèz ak malere ki lage pou kont yo. Yo t ap chache

fason pou jwenn yon ti pasaj anndan solino pou yo te al ratibwaze lòt zòn ki pa menm ka fè

rezistans avèk yo. Plan yo a pa ateri. Swit aprè enstalasyon sa, mèt chen yo pale ak yo. Konsa,

ansyen prezidan Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an Edgar Leblanc Fils ak Garry Conille

jwenn yon antant pou negosye ak klas kapitalis yo nan peyi a nan enterè pou bay mas oprime

yo yon ti lapè 6 mwa. Touswit pwal gen yon chanjman ki tonbe sanzatann. VIV ANSANM

pwal atake popilasyon Solino an nan 10 jou aprè pase pouvwa ak konseye Lesly Voltaire nan

Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an. Boujwa yo mande anraje. Non pitit yo site nan koripsyon

pandan y ap anpeche enstitisyon ki la pou bay repons posib yo pran desizyon nesesè k ap mete

yon bout ak Kesyon koripsyon sa. Fòn konnen sou Konsèy la sèlman VIV ANSANM gentan fè

plizyè atak, boule kay ak masakre popilasyon an. San konte kesyon fanmi nou k ap viv nan

repiblik dominikèn prezidan nazis Abinader ap pouse do yo, imilye yo tankou nenpòt pil fatra.

Nou dwe konprann, atak sou katye Solino an enskri nan demach pou eklate eskandal ki genyen

ant KPT a ak Gouvènman Garry Conille lan. Nou dwe konprann tou, nan tèt klas kapitalis la ak

politisyen tradisyonèl yo Solino se yon menas pou yo. Si yo kite viktwa sa kontinye triyonfe

tout kote bandi te mete oprime yo deyò pwal gen selman sèlman pou yo vin rete. Rezistans ap

pi fasil pou òganize nan espas sa yo. Nan ka sa, yo konprann popilasyon k ap viv nan katye sa

yo toujou gen yon lanmou k ap devlope pou mouvman politik sa ki pote non LAVALAS. Piske

PHTK ak alye li yo ap konbat tout oganizasyon ak pati politik ki gen aspirasyon mas yo, menm

gwoupman asasen sa yo lage nan bouda menm mas oprime sa yo. Donk, sa eksplike y ap kraze

tout vrè alyans ki te genyen nan mouvman sosyal popilè a. Yo ennmi fòmil Òganizasyon popilè

+ pati sosyalis + mas yo = Fwon nasyonal pou yon veritab pouvwa popilè. Konteks politik

aktyèl la mangonmen. Tout move analiz kapab nwaye panse w epi fè w pran yon vye pozisyon

ki ka fini avè w pou tout rès vi w.

Popilasyon an tande, ansanm Òganizasyon ak pati politik konsyan nan lagoch ayisyèn lan ap

mande nou kale je n. Nou dwe kouri men pou nou ale ki kote ? Preske tout pòtoprens lan fin

pouri ak bandi. Sou chak fanmi ayisyen k ap viv nan depatman lwès w ap jwenn youn oubyen 2

k ap viv nan yon zòn ki kontwole. Gang pran l. Nou kriye twòp. Mòn sa n ap monte an sanble

vin pi apik. Fas ak pwoblem sosyal ak ekonomik nou ye la, pi gwo chwa a se chache ranfose n

pou n bay repons ak zak malonèt sa yo. Mas yo dwe rete djougan. Nou dwe remonte pou n

goumen.

Yon pèp ki byen òganize batay li, k ap viv nan solidarite pa konn pèdi batay. Viv rezistans

popilè a !

David Oxygène, Sekretè jeneral MOLEGHAF.

[email protected]

43, Riyèl Estimé, Fò Nasyonal

3396-9492 / 3388-2326 / 4853-0423

AYITI/PNH: PNH La bay bilan gwo lese frape yo te fè ak ti mesye kraze baryè yo.

Nan yon konferans pou laprès jounen madi 15 oktòb 2024 la, PNH la prezante bilan lese frape yo te genyen ak ti mesye « Kraze baryè » yo jou ki te 12 ak 14 oktòb 2024 la nan zòn Tòsèl.

Lapolis anonse yo touye pou pi piti 20 bandi, yo sezi pou pi piti 15 zàm, plizyè grenn bal, chajè, 28 radyo kominikasyon, yon pil materyèl lapolis tankou inifòm, jile pa bal ak anpil dosye pèsonèl chèf gang « kraze baryè », Vitelhomme Innocent. Yon bilan ki kite anpil dout nan tèt anpil moun.

Nan lese frape sa lapolis pèdi yon cha ke, bandi yo pat pran tan pou te fè videyo e pibliye sou tout platfòm yo pou moutre sa yo fè a.

Aprè atak gang yo nan katye Solino nan Pòtoprens, lapolis di li gen kontwòl sitiyasyion an


Aprè bandi ame fin anvayi Solino dimanch 20 oktòb 2024 sa a, polis nasyonal Ayiti anonse yon enpòtan deplwaman ajan PNH ak MSSMHaiti fèt nan katye Solino a. Responsab yo deklare PNH la detèmine anpil pou li pouswiv bandi yo sou tout teritwa nasyonal la.

Lapolis rapòte tou pandan men jounen an nan site Doudoune Pòtoprens, anviwon 10 bandi mouri nan chanje kout bal ak lapolis, yon fizi daso ki gen seri Kalachnikov ak lòt materyèl sezi. Selon PNH ki pibliye enfòmasyon an dimanch 20 oktòb 2024 la, se UDMO Lwès II ki mennen operasyon sa a.

Depi 17 oktòb katouch ap fè kenken nan katye Solino kote nèg ak zam t ap chache anvayi zòn nan.

Gwo kout zam ki rezonnen jis nan katye tou prè yo, tankou Chris-Roi, Lalue, Turgeau e latriye, fòse plizyè abitan kouri kite Solino pou chape pou l yo.

Nan lide pou pote popilasyon an sekou, PNH la ak fòs miltinasyonal la mennen yon operasyon gwo ponyèt nan katye popilè a.

Selon sa sèvis kominikasyon PNH la fè konnen, fòs lòd yo « repouse malfra yo » epi pran kontwòl plizyè katye nan anviwon an.

Zòn « Saint-Michel, Paul Lauchard, Sylvio Cator, Anglade, koridò Bastia » anba kontwòl la polis, selon kominike PNH la.

Pi lwen, lapolis fè konne y ap kontinye operasyon yo pou rive kwape bandi yo.

Yon lòt pa Premye minis Ayisyen an, Conille Garry, anonse li siyen dimanch sa a lèt nominasyon plis pase 700 nouvo polisye ki pral rejwenn ansyen ajan yo k ap lite kont ensekirite Ayiti ap fè fas la. Mouche Conille di li te gen yon echanj ak kò elit ki te mennen operasyon Pènye jou pase yo.

Pou fini, lapolis renouvle angajman l pou kontinye goumen kont bandi epi retabli lòd nan peyi a.

Emmanuel Saintus

Popular articles

Deklarasyon Sem Edgard Leblanc Fils devan lanasyon, jou dimanch 6 oktòb 2024

1. Konpatriyòt Ayisyen anndan peyi a tankou sila ki lòt bò dlo oubyen lòt...

79 ème Assemblée générale ordinaire des Nations Unies :

Le Mouvement Point Final salue le discours du Conseiller présidentiel, Edgard Leblanc Fils à...

Croix-des-Bouquets : La Nationale #8, débloquée par la PNH

La Police nationale a réalisé une intervention dans la commune de la Croix-des-Bouquets vendredi...

14 août 2021 – 14 août 2024, 3ème anniversaire du séisme meurtrier du Grand Sud d’Haïti :

3 ans après, aucun projet de reconstruction du Grand Sud, a constaté le Mouvement...

Latest News

Fusillade des journalistes à l’hôpital général :

Le Mouvement Point Final dénonce le mauvais traitement des journalistes blessés à Cuba.Depuis le...

Haïti/ USA, crise migratoire :

Le Mouvement Point Final annonce au Département d'État américain que la déportation des Haïtiens...

Massacre à Kenskoff : Le laxisme des autorités….

Le Maire Jean Massillon de Kenscoff, reste prudent sur le bilan de l’attaque des...