Selil òganizasyon nan Inivèsite Leta a salye kominote inivèsitè a epi wete chapo devan sakrifis chak gwoup ak grenn moun k ap batay kont pwojè anti-demokratik yon ti gwoup moun ki pran tèt ILA an otaj epi pa janm sispann pouse do etidyan (19 yo ak anpil lòt viktim s on egzanp konkrè) ak pwofesè k ap fè rezistans nan inivèsite a, k ap seye mete devan lasèn kontradiksyon klas yo epi enskri yo nan dinamik ansèyman ki chita sou kilti anti-enperyalis José Martà, ti ponyen teyoris entèlektyèl ak kowalisyon nepotis neyodivalyeris ak sosyal demokrat mannigèt ki pa gen ankenn sousi akademik vrèman an, kòmanse egzegite nan inivèsite a. Poutan, nou tout konnen, ILA an plis fonksyon akademik, pwodiksyon konesans ak rechèch li, gras ak gwoup pwogresis revolisyonè yo, li te toujou bay tèt li misyon pou l akonpanye sosyate a, patikilyèman tout kategori k ap sibi dominasyon ak eksplwatasyon sou yon fòm ou yon lòt anba men grandon ak entènasyonal kominotè a. Anplis, listwa aprann nou inivèsite a te toujou bay patisipasyon li nan batay pou demokratize sosyte a, sitou enstitisyon etatik yo aprè gwo batay etidyan ak pwofesè pwogresis yo te fè pou inivèsite a te demokratize pwòp tèt li. Kidonk, inivèsite a dwe rete yon senbòl ak yon modèl demokratik pou sosyete a pandan fòs pwogresis yo ap kontinye batay pou apwofondi demokratizasyon ILA jis rive nan yon demokrasi deliberativ.
Pou sa, nou menm selil òganizasyon etidyan ki nan inivèsite leta a deside nonsèlman atire atansyon sosyete a, patikilyèman fòs pwogresis deyò kou anndan inivèsite a sou yon ansanm pratik tonton makout dirijan san kalite ak lejitimite mete chita nan inivèsite a men tou n ap pwofite pwente dwat nou sou chat elektoral antidemokratik fakilte yo, ki sèvi kòm zouti politik ak mekanis totalitè nan men ti gwoup dirijan-dirije ki toujou ap defann kò lide politiko- idejolojik neyoliberal la ki marande ak enterè materyèl klas dominan ak entènasyonal enperyalis la.
Pou kòmanse :
– Selil la ap denonse ak tout fòs li lòd tonton makout Fritz Deshommes ak akolit li yo rive tabli nan ILA a depi yon bon bout tan atravè zak li ap poze nan tèt rektora inivèsite a. Selil la sezi wè nan ki nivo Fritz Deshommes ki nan tèt rektora inivèsite a depi anviwon 8 lane, fin makoutize ILA a nan mete moun li vle nan tèt dekana ki nan chak fakilte yo avèk gwo ponyèt pou regle zafè pèsonèl ak gwoupis li. Jounen jodi a nou ka konte sou dwat ti grenn fakilte ki ap dirije ak yon konsèy dekanal lejitim ak legal piske majorite enstisyon sa yo, sitou syans moun ak sosyal yo twouve yo anba men yon gwoup ti maryonèt, gwo maryonèt ki nan rektora a ak klas dirijan ayisyen an chwazi ou bay jwe wòl sou-prefè. Pou kenbe estatiko a vivan, fòs fènwa yo prè pou fè nenpòt bagay e tout mwayen bon. Nou sonje eleksyon ki te fèt nan fakilte etnoloji nan lane 2022 pou te ranplase etènèl etidyan Claude Mane Das (ki pou kò l ap jwe wòl dwayen ai, dwayen zafè akademik ak dwayen nan zafè rechèch ), eleksyon ki t ap al kondui ak viktwa konsèy dekanal ki te gen nan tèt li Dr.Ilionor LOUIS . Malereman, Fritz Deshommes ak Pycard Byron te deside nouvo eli yo pa p enstale paske yo pa nan ekip antikademik ak anti-ideyal Desalinyen yo a. Se menm bagay la ki rive aprè eleksyon yo nan fakilte IERAH kote rektora a anpeche yon konsèy ki eli demokratikman, enstale paske se pa t reprezantan yo Sterlin Ulysse kite rive eli nan eleksyon an. Malgre etidyan, pwofesè ak pèsonèl yo te eksprime klèman volonte pou yo sanksyone reprezantan sistèm lan tankou Das ak Sterlin ak tout politik represif ak anti-akademik yo tabli nan fakilte sa yo, sa pa anpeche Deshommes ak Picard Byron kwoke Claude Mane Das ak Sterlin, respektivman nan gòj FE ak IERAH kòm sèl kòk chante k ap koupe rache nan enterè ti gwoup yo ak klas dominan an.
Pou fakilte INAGHEI li menm manda moun sa yo fini depi nan lane 2022 ebyen mesye Deshommes te pwolonje manda yo pou yon lane anplis. Aprè sa li enpoze yon lòt konsèy defakto toujou pou fè sa li vle nan fakilte a. Reyalite sa pa diferan pou FASCH . Sa genyen plis pase 4 lane depi mesye Vaval ap koupe rache ak alye li yo nan tèt fakilte a san fè eleksyon pou yon nouvo konsèy eli, lejitim ak konpetan pran tèt dekana fakilte a. . Se menm kad figi a, pi grav menm pou Kanpis Henry Christophe la ki pa janm fè eleksyon depi 12 lane. 12 Janvye 2012, kanpis lan inogire ak yon konsèy ki te gen nan tèt li pwofesè Jean Marie THÉODAT, youn nan misyon konsèy la sè te òganize eleksyon, sa ki pa t rive fè. Aprè 3 zan, kidonk an 2015, yon nouvo konsèy ki te gen nan tèt li regrete memwa Audalbert BIEN-AIMÉ t ap al enstale pou yon mande 3 zan ankò ak misyon pou fè eleksyon pou yon nouvo konsèy eli pran tèt Kanpis la. Yon lòt fwa ankò, dirijan Kanpis la ak Deshommes t ap al moutre klèman yo se negasyon demokrasi : manda nouvo konsèy la fini nan lane 2018 san fè eleksyon. Poutan, malgre konsèy la echwe nan misyon l, RUEH la t ap al renouvle manda menm konsèy la pou 3 zan ankò, avèk menm atribisyon an : kreye kondisyon nesesè pou fè eleksyon pou yon nouvo konsèy eli pran tèt enstitisyon an. Rive 3 Mas 2021 ki se ane fen manda 3 konsèy nome a, RUEH la te jije bon pou re-estriktire konsèy misyon li fini an atravè sikilè 09 avril 2021 an, suit ak travèse Audalbert BIEN-AIMÉ ki te prezidan. Sikilè 09 Avril 2021 an mansyone trè klè misyon konsèy jesyon ki gen nan tèt li Hérissé GUIRAND an gen pou misyon kreye kondisyon nesesè pou eleksyon yo fè avan premye Janvye 2022, pou anfen se sijè yo ki chwazi moun ki ap dirije yo, ki s on prensip bazik demokrasi : dwa vòt.
Malgre pwosesis pou fè eleksyon yo te tanmen tankou mete sou pye konsèy elektoral la. Malerezman, tèlman responsab yo ap fè jwèt mèt dam ak pike kole pou yo rete nan tèt enstitisyon an, gras ak pwoteksyon epi veleyite RUEH la, malgre yo san lejitimite ak legalite. Sa ki t ap al kondui demisyon plizyè manm konsèy elektoral la epi paralize pwosesis elektoral . E jis kote n ap ekri lèt sa, se menm konsèy san manda a ki kontinye a pyafe nan tèt Limonad . Pou sa k gen pou wè ak konsèy Dwayen an, se menm reyalite ak konsèy jesyon an. Manda konsèy la bout depi 3 novanm 2023 men Deshommes kontinye soutni yo tantativ pou kenbe tèt kanpis la an otaj malgre tou de konsèy sa yo pwouve pi gwo konpetans yo se enkonpetans volontè. Dènye gout dlo ki pral ranvèse vaz la epi moutre trè klè se diktati Deshommes vin enstore tout bon vre nan ILA se kote manda li fini depi 15 dawout 2024 nan tèt RUEH la men li chwazi pwolonje manda li kòm rektè monak toupisan nan tèt ILA pou l nòmalize politik defakto li te gitan tabli nan fakilte yo, pandan genyen anpil sispisyon koripsyon sou jesyon Deshommes nan tèt RUEH la nan 8 lane li fè ap dirije ILA a kòm rektè. Se menm bagay la pou dirijan plizyè lòt fakilte, pami yo Das nan Fakikte Etnoloji. malgre tout deriv sa yo, pwofesè ak etidyan lakou yo ( ki ap manje myèt anba bouch monak la epi viv nan antouraj li) kontinye san wont ap sipòte Monachi Deshommes lan nan Rektora Inivèsite a malgre vizaj represif ak a epistemofob li.
Nan menm chan lide a, pou sa ki gen pou wè ak dispozisyon elektoral la, repatisyon an (vòt pwofesè 55%, vòt Etidyan 35%, vòt tipèsonèl yo 10%) konfime yon lòt fwa se pa koze demokrasi ki ap regle nan ILA. Anplis karaktè diskrimatwa chat la, li vyole youn nan prensip fondalnatal demokrasi ki se egalite sitwayen /votan yo devan lalwa san konsidere kategori sosyal yo soti, elatriye. Menm jan tou, dirijan yo vyole plizyè lòt prensib baz demokrasi a tankou lib ekspresyon vòt lè yo refize òganize eleksyon nan yon ansanm fakilte, altènans ak transparans politik, souverènte popilè, pliralis ideyolojik, libète chwa ak ekspresyon, lè yo voye jete rezilta eleksyon yo, koube anba volonte/vèdik popilè yo, itlize fòs pou mete baboukèt nan bouch Etidyan ak Pwofesè ki pa wè reyalite a nan menm linèt ak yo, anpeche konsèy eli yo enstale, prive sijè yo dwa ak libète yo genyen pou chwazi moun ki pou reprezante yo, nan enpoze konsèy defakto nan tèt yon fakilte yo.
Aprè tout rale mennen vini sa yo, nou konprann se yon pwojè diktati, antikademik san mezi moun sa yo gen pou inivèsite a, toujou nan objektif pou bare lawout ak pitit mas yo sou chimen ledikasyon.
Fas ak reyalite lawont ak dezonoran sa, selil la egzije :
1) Demisyon prese prese Fritz Deshommes nan tèt RUEH la pou fasilite yon komisyon fè bon jan eleksyon nan yon tan rekò pou pran tèt RUEH;
2) Pou Koudèkont fè yon odit jeneral nan ILA a jan selil la te mande yo sa deja nan yon lèt;
3) Moute yon komisyon prese prese pou travay sou yon nouvo chat elektoral ;
4) Pou tout fakilte ki genyen defakto yo òganize prese prese eleksyon pou remete ILA sou chimen demokrasi a, nan non prensip demokrasi entèn inivèsite a, ki tabli depi fevriye 1997.
Viv bon jan refòm nan inivèsite a !
Moun k ap batay pa mouri !
Ou menm ki toujou nan batay la, bon konba !
Sèk Makandal
[email protected]
LAKOU
[email protected]
Sèk Janil Lwijis [email protected]
Sistèm Edikasyon Ayiti pa Adapte ak Reyalite Sosyal Peyi a: Yon Refòm Nesesè
Edikasyon se youn nan pi gwo motè devlopman nan yon peyi, men malerezman, sistèm edikasyon Ayiti toujou rete enkapab pou reponn ak bezwen sosyal ak ekonomik peyi a. Anpil ane pase, gen anpil diskisyon sou feblès sistèm nan, men chanjman reyèl yo toujou manke. Rezon prensipal la se paske sistèm edikatif la pa adapte ak reyalite sosyal Ayiti, epi li souliye nesesite ijan pou yon refòm fon nan sektè a.
Yon sistèm depase pa tan
Pwogram edikatif Ayiti yo, nan anpil aspè, rete trè terorik ak deyò reyalite lavi chak jou popilasyon an. Anpil lekòl kontinye itilize kourikoulòm ki pa prepare elèv yo pou fè fas ak defi ki pi enpòtan nan sosyete a, tankou chomaj, povrete, ak devlopman dirab. Leksyon yo konn konsantre sou memorizasyon epi mwens sou devlopman kapasite kritik, kreyativite, ak kapasite pou rezoud pwoblèm.
Yon lòt pwoblèm grav nan sistèm edikasyon an se mank aksè inivèsèl. Anpil timoun ki soti nan fanmi defavorize pa gen chans pou jwenn yon edikasyon bon jan, swa paske fanmi yo pa gen mwayen pou peye lekòl prive, oswa paske lekòl piblik yo twò ra ak manke resous. Kidonk, inegalite sosyal yo reflete nan sistèm edikasyon an, kote yon timoun ki soti nan zòn riral oswa nan fanmi pòv gen mwens chans pou reyisi pase yon lòt ki soti nan yon fanmi ki gen mwayen.
Sistèm Lang ak Eksklizyon Elèv yo
Youn nan pi gwo kontradiksyon nan sistèm edikasyon Ayiti a se kesyon lang lan. Malgre ke majorite popilasyon an pale kreyòl, sistèm edikatif la toujou mete yon gwo aksan sou fransè, yon lang anpil timoun pa metrize. Sa aji kòm yon baryè ki entèdi anpil timoun ak jèn gen aksè a bon jan aprantisaj. Kreyòl, lang nasyonal la, pa toujou jwenn valè li merite nan lekòl yo, sa ki lakòz yon gwo fristrasyon nan mitan elèv yo epi limite pwogrè yo.
Mank Alineasyon ak Mache Travay la
Yon lòt gwo defisyans nan sistèm edikasyon an se dekoneksyon li ak mache travay la. Anpil elèv gradye san yo pa genyen konpetans ki nesesè pou enskri nan travay oswa devlope aktivite pwòp yo. Pa gen ase pwogram fòmasyon pwofesyonèl, teknik, ak vokasyonèl ki ta ka pèmèt jèn yo sèvi ak kapasite yo pou kontribye nan devlopman peyi a. Sa lakòz yon sipè-abondans diplome san preparasyon pou lavi pwofesyonèl, sa ki ogmante chomaj nan mitan jèn yo epi rann devlopman ekonomik peyi a pi difisil.
Refòm Nesesè pou yon Sistèm Edikasyon Modèn
Li klè ke yon refòm pwofon nan sistèm edikasyon Ayiti a pa sèlman ijan, men li nesesè pou prepare jenerasyon kap vini yo pou yo fè fas ak defi sosyal ak ekonomik peyi a. Gen plizyè eleman esansyèl ki ta dwe konsidere nan refòm sa a:
1.Modènizasyon Pwogram Lekòl yo: Kourikoulòm lekòl yo bezwen refòme pou ankouraje panse kritik, inovasyon, epi reflechi sou bezwen reyèl peyi a. Lekòl ta dwe plis oryante sou aprantisaj ki aplikab nan lavi chak jou ak nan devlopman kominote yo.
- Fòmasyon Pwofesyonèl ak Teknik: Ogmante kantite lekòl pwofesyonèl ak teknik pou prepare jèn yo pou antre nan mache travay la avèk konpetans solid. Fòmasyon pwofesyonèl nan agrikilti, teknoloji, atizay, ak sèvis ta ka ede diminye chomaj jèn yo epi ankouraje antreprenarya.
3.Amelyore Aksè ak Egalite: Yon refòm dwe vize fè edikasyon tounen yon dwa inivèsèl, espesyalman pou timoun ki soti nan zòn riral ak fanmi defavorize. Sa mande plis lekòl piblik, plis resous, ak plis sipò pou fanmi ki nan difikilte.
- Rekonèt Lang Kreyòl la: Pou edikasyon an reyèlman enkli tout timoun, li enpòtan pou kreyòl jwenn yon plas kle nan sistèm edikatif la. Ansèyman an kreyòl ta pèmèt elèv yo konprann lekòl pi byen, devlope kapasite yo, epi kontribye efektivman nan sosyete a.
Ayiti bezwen yon sistèm edikasyon ki alèz ak reyalite sosyal li, yon sistèm ki prepare jèn yo pou yo pa sèlman siviv, men tou pou yo kontribye nan rekonstriksyon peyi a. Refòm edikatif la ta dwe youn nan pi gwo priyorite gouvènman an ak patnè entènasyonal yo si peyi a vle jwenn yon avni miyò. Edikasyon se kle ki pral ouvri pòt pou yon Ayiti pi pwospè ak jist.
Jean Launy AVRIL