HomeActualitéDeklarasyon Sem Edgard Leblanc Fils devan lanasyon, jou dimanch 6 oktòb 2024

Deklarasyon Sem Edgard Leblanc Fils devan lanasyon, jou dimanch 6 oktòb 2024

Published on

Archives

1. Konpatriyòt Ayisyen anndan peyi a tankou sila ki lòt bò dlo oubyen lòt bò fwontyè, mwen salye nou tout alawonnbadè.

2. Mwen vini pale avèk nou aswè dimanch 6 oktòb 2024 la, nan yon moman trè kritik nan lavi peyi a. Sitiyasyon an pa bon, malgre bòn volonte, malgre gwo jefò k ap fèt nan divès domèn patikilyèman nan domèn sekirite ki se premye priyorite otorite alatèt Leta a.
Gang ame kontinye ap simen dèy nan mitan popilasyon an. Jedi 3 oktòb la, gang Gran Grif nan Saviens masakre plis pase 70 kretyen vivan nan Pon Sonde nan depatman Latibonit. Se avèk anpil tristès nan kè m, m ap prezante moun Latibonit, tout pèp Ayisyen an kondoleyans mwen. Mwen salye Polis Nasyonal la ki deplwaye rapid pou vin netwaye zòn nan, mete lòd, pèmèt aktivite yo reprann pou popilasyon an viv nan lapè.   

Se nan konjonkti kote lekòl la louvri, men anpil timoun pa rive rantre lekòl sitou nan kapital la. Peyi vwazen, Repiblik Dominiken,  kontinye ap maltrete konpatriyòt nou yo, pran desizyon pimpe  bann ou anviwon 10,000 chak semenn sou fwontyè a. Leta ayisyen pran dispozisyon pou akeyi nou. Sou plan politik, mèkredi 2 oktòb ULCC (Òganis Leta k ap lite kont koripsyon) prezante rapò ankèt li sou eskandal koripsyon 100,000,000.00 goud ki touche 3 Konseye-Prezidan  e ki afekte imaj tout Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an.

3. Apre piblikasyon rapò ULCC a, Konsèy Prezidansyèl la   pa kapab nan kase fèy kouvri sa. Li oblije genyen yon pozisyon klè. Jan mwen te di deja nan dat 30 jiyè, nan okazyon 47èm reyinyon Chèf Leta ak Chèf Gouvènman peyi CARICOM yo ki te fèt nan peyi La Grenade: “ULCC sezi l de dosye a, Konsèy Prezidansyèl la ap tann li pwodui rapò l an tout endepandans pou l kab pran pozisyon. Li ankouraje l travay vit.” Antretan, nou te swete Konseye ki te konsènen yo te aksepte yo menm  tyoula kò yo, pa patisipe nan travay Konsèy Prezidansyèl la pou pèmèt pwosesis tranzisyon an kontinye vanse san domaj pandan lajistis ap fè chemen l pou rive fè limyè jayi sou dosye a pou laverite parèt klè epi fikse responsablite yo.
4.  Malerezman, yo pa t konprann sa t ap pi bon.
Dosye a sòti, ULCC bay konklizyon travay li.
Mwenmenm  ki  vle respekte enstitisyon ak lalwa peyi a, nan sousi pou pwoteje imaj Konsèy Prezidansyèl la epi rete koyeran ak sa m te di deja, mwen pa kapab  aksepte patisipe nan okenn demach ki ap afebli pi plis epi devalorize Lajistis peyi a, nan menm tan  tou, voye move siyal bay popilasyon an. Se sa ki esplike mwen refize siyen e mwen pa siyen rezolisyon Konseye yo pran nan dat vandredi 4 oktòb 2024 la.

Wout Konsèy la, nan gran majorite li, pran an pa bon. Li riske jete nou nan enstabilite, konsa agrave sitiyasyon an epi pwolonje peryòd tranzisyon an. Se domaj !

Mwen kontinye kwè nan peyi a, nan kouraj ak konviksyon pèp Ayisyen ki vle chanjman nan lapè, sekirite, travay, tèt ansanm pou yon lòt Ayiti. Se linyon ki fè lafòs.Se nan respè lalwa n ap fè lajistis blayi pou leve figi peyi nou.

Viv Ayiti !!!!!   




Ayiti-Masak Pont-Sondé : KOGCA voye senpati bay fanmi viktim yo epi mande leta pran responsabilitel

Nèg ak zam ki soti Savien nan baz “Gran Grif” atake nan mitan lannwit  mèkredi 2 pou leve Jedi 3 oktòb 2024 la, vè 3:00 nan maten, nan lokalite “Pont-Sondé”, ki genyen kèk kilomèt ak Vil Saint -Marc, nèg ak zam sa yo touye 57 moun,  epi blese 28 lòt  yo piye epi boule plizyè kay , genyen 250 moun ki trouve yo nan abri provizwa selon bilan provizwa Pwoteksyon Sivil nan depatman.

Fas ak sitiyasyon sa, Konbit PM Garry Conille an Aksyon (KOGCA), kise yon mouvman politik popilè, ki regroupe yon ansanm Pati Politik, òganizasyon nan sosyete Sivil la, òganizasyon baz yo, òganizasyon Sendikal ak pèsonalite politik kredib ak onèt ki nan 10 depatman peyi a poun site sa yo sèlman voye senpatil bay fanmi viktim yo nan masak si la epi mande pou premye Minis Garry Conille ak manb Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an pou mete tèt yo ansanm pou jere problèm ensekirite a tout bon vre, paske se mas defavorize a ki toujou viktim.

Konbit la fini pou di :  fòk responsab yo sispann fè dilatwa, se mete pye yo atè pou yo ka ateri, pou ti pèp la ka rale yon Souf.

Pou otantifikason :

Senatus Jean Wilner
Kòdonatè Nasyonal KOGCA

Etzer Jean-Louis
Sekretè Egzekitif KOGCA

Garry Jean-Baptiste
Pòt Pawòl KOGCA

Estrè nòt òganizasyon progresis nan Gran Nò Ayiti sou sitiyasyon lanfè popilasyon ayisyèn nan ap sibi

Dokiman sa a vin jwenn Haiti Progrès 3 oktòb 2024

Ansanm òganizasyon progresis nan Gran Nò a reyini pou chèche konprann sitiyasyon konplèks peyi a twouve l jounen jodia. Nou konstate peyi a ap fè gwo bak chak jou ki jou pandan mizè popilasyon an ap ogmante chak jou pi plis, kòripsyon nan leta a sanble ap vin pi grav. Nou konstate aprè pase 5 mwa pouvwa egzekitif Tranzisyon an rete sèlman nan jwi privilèj men pa ateri pou soulaje popilasyon an anba pouvwa gang kriminèl yo nan peyi a ak sitiyasyon grangou an ki melanje ak yon mizè lanfè san parèy. Sa fè n ap poze kesyon, eske n tonbe nan yon katastwòf pouvwa PHTK 4èm vèsyon ? Lè n konsidere kantite soufrans popilasyon an pase anba men pouvwa PHTK a.

Nou konstate pwoblèm ensekirite a vin pi malouk chak jou epi tout pouvwa tranzisyon an rete konsantre nan pòtopwens ak anba men levye sikui kriminèl yo (…). Sa vle di pou KPT a pa antreprann okenn chanjman. Pri lavi ap pete plafon, malere lavil ak peyizan nan mòn paka met men nan bouch, bandi yo vin gen plis pouvwa nan komèt krim ak vòl sou popilasyon an, sitou nan Latibonit.

Nou konstate okenn pouvwa nan kolektivite depatmantal ak kominal yo pa chanje, boujwa (gran nèg) yo vin pran plis anpriz sou pouvwa piblik yo. Otorite yo vin pi soumèt anba depandans ak dominasyon enperyalis lan, kote minis afè etranje lòt peyi ap konvoke Prizandan KPT a nan anbasad lakay li san okenn jèn ak respè. Nou konstate ouvèti lekòl lan fèt kote majorite timoun paka pran chimen lekòl, akoz paran yo pa konn ki sen pou yo rele anba lamizè ak ensekirite, alòske PM Garry Conille ap kale wès kòm chef Gouvènman an, san pa panche sou vrè pwoblèm popilasyon ap sibi.

Nan mitan pouvwa a, yo refize pibliye akò 3 avril lan nan jounal ofisyèl monitè ak mete an aplikasyon kontni akò a, sa pwouve nou nan yon kontinite PHTK. Nou rive nan yon pwen pou n tadi se moun ki nan pouvwa leta a k ap kenbe ensekirite a pou ka rive nan yon eleksyon seleksyon bouyi vide pou kenbe tennfas PHTK ak alye l yo nan tèt pouvwa a, sitou nan fason yo monte komite konferans nasyonal la ak komisyon jistis ak verite a epi KEP a. Tout sa montre popilasyon an dwe souke kòl pou kanpe deriv ki vle mennen n nan kontinite k ap kondwi n nan yon falèz politik.

Lè n konsidere tout sa nou sot di piwo yo : nou fè apèl avèk tout fòs pwogresis ki nan rès peyi a, pou potekole nan yon gwo konsansis, pou monte yon gwo rezo ki gen repondong pou pran direktiv peyi a epi mennen l nan yon lòt direksyon ak fòse KPT a pou inisye mekanis koupe fache a kont sistèm peze souse a epi konbat kòripsyon e soulaje mizè a, tankou :

1- Mete sou kote twa konseye yo ki te nan vann pòs nan BNC ak tout lòt enstitisyon k ap kolekte lajan pou peyi a.

2- Bese pri lavi a ak desann epi regilarize pri komès gaz la nan tout peyi a.

3- Degansterize pouvwa leta a anba ponyèt PHTK ak alye l yo k ap goumen pou kontinye kenbe politik gang ak ekonomi kriminèl lan.

4- Mete mekanis solid pou goumen kont gang yo ak tout sektè k ap sipòte yo epi kont tout fòm ekonomi kriminèl ak diskriminasyon nan pataj richès peyi a.

5- Mete mekanis klè ak transparan pou mete kanpe yon vrè KEP ki dwe enspire popilasyon an konfyans.

Sèl fòs sektè popilè ak pwogresis lan ki dwe ini yo nan divèsite pou defann enterè peyi a ak enterè klas defavorize an, pou rive tabli yon leta k ap gen pou defann enterè peyi a kont malonèt enperyalis lan ak gran nèg rapas yo ap fè popilasyon sibi.

Pèp òganize pa janm pèdi batay, viktwa se pou pèp k ap goumen !

Klèvwayans politik ak entèlijans politik se chimen viktwa popilè !

Pou ansanm òganizasyon pwogresis nan gran Nò a :

Kerby Joseph FPP Nòdwès
Astride Noël MOPDES Nòdès
Roland Fleurimat MITPA Latibonit
Jose Felix MODOD Nò
Wendy Joseph MRCPBB Sant
Nicolas Pierre-Louis PREPLA Latibonit
Ogoukadi Tchovama Tanbou Pale Latibonit
Jouvely Augustin SKDK Nòdès
Elifaite Joseph TK Nòdès
Yliette Supremat SOFA Latibonit
Junior Jeune IPAM Nò
Marcquenson Jean KRPN Nòdès
Exantus Exanté ASO Nòdwès
David Nernel TK Nòdwès
Balancé Garçonet Lakay Latibonit
Fanahême Joachin MPP Sant

Pou otantifikasyon :
Kerby JOSEPH
Kòdonatè FPP (Fwon Patriyotik Popilè). Nòdwès

Astride NOËL.
MOPDES (Mouvman Peyizan pou Defann Enterè Savannolè). Nòdès.

Nicolas PIERRE-LOUIS.
PREPLA (Platfòm Rezistans Peyizan Latibonit). Latibonit.

Wendy JOSEPH.MRCPBB (Mouvman pou Ranmase Chalmay Peralt ak Benwa Batravil). Plato Santral.

Emmanuel Saintus

Popular articles

79 ème Assemblée générale ordinaire des Nations Unies :

Le Mouvement Point Final salue le discours du Conseiller présidentiel, Edgard Leblanc Fils à...

Croix-des-Bouquets : La Nationale #8, débloquée par la PNH

La Police nationale a réalisé une intervention dans la commune de la Croix-des-Bouquets vendredi...

14 août 2021 – 14 août 2024, 3ème anniversaire du séisme meurtrier du Grand Sud d’Haïti :

3 ans après, aucun projet de reconstruction du Grand Sud, a constaté le Mouvement...

Ouragan Béryl :

Le Mouvement Point Final a fait des visites des lieux dans le Sud -Est...

Latest News

Fusillade des journalistes à l’hôpital général :

Le Mouvement Point Final dénonce le mauvais traitement des journalistes blessés à Cuba.Depuis le...

Haïti/ USA, crise migratoire :

Le Mouvement Point Final annonce au Département d'État américain que la déportation des Haïtiens...

Massacre à Kenskoff : Le laxisme des autorités….

Le Maire Jean Massillon de Kenscoff, reste prudent sur le bilan de l’attaque des...