Depi lè yo enstale Mathias Jean David ki gen grad komisè prensipal nan Delmas se pwoblem selman komin nan ap viktim.
Premye aksyon li te fè sete soti yon nòt kote li mande kob pou tout otorizasyon aktivite kap fèt nan komin nan.
Apre li pran patwouy polis komin nan kila pou desèvi popilasyon fè yo tounen konpayi sekirite privel nan bay biznis ak makèt tankou Delimart elatriye sekirite.
Popilasyon Delmas 24 yon katye ki fè pati komin Delmas konn andifikilte li di li resevwa lòd pou li pa voye okenn patwouy ou byen brigad entèvansyon yo Delmas 24.
Pandan DG lapolis la, DDO1 ap goumen pou yo pou pa kite bandi pran zone sa, Li menm lap fè afè pal.
Kou ki pi di li bay polilasyon Delmas 24,30,Codada, Kafou Ayopò li retire polisye ki konn goumen kont gang yo la li voye yo Delmas 83 pou al siveye biznis boss li.
Li asosyel ak yon jij ki rele Dorsainvil pou voye polisye al fè konsta epi li menm lap touche
Se premye fwa popilasyon Delmas ap viv konsa.
79èm asanble jeneral ONU: Ayisyen yo montre enkyetid yo sou volonte pou kominote entènasyonal la ede rezoud ensekirite a
Pandan lidè mondyal yo reyini nan Nasyonzini semèn sa a pou diskite sou efò pou kontwole gang ki ap toufe Ayiti, Ayisyen yo eksprime dezespwa pou yon repons entènasyonal ta chanje sitiyasyon vyolans lan.
Jiskaprezan, yon fòs ki gen 400 polisye ki soti Kenya ak anviwon yon douzèn ofisye Jamayiken pa fè anpil pou kalme gang ki ap terorize peyi a depi zak sasinay Prezidan Jovenel Moïse nan lane 2021. Lidè mondyal yo ap diskite sou pwochen etap yo nan kokennchenn jefò pou retabli lòd nan nasyon Karayib la.
Etazini te pwopoze lide yon fòs lapè Nasyonzini, men lide a te soulve polemik akòz kesyon kolera ak ka abi seksyèl ki te gen kòm rezilta pasaj dènye twoup Nasyonzini yo an Ayiti.
Ayiti: gouvènman an debloke plis pase 9 milya goud pou program sosyal
Gouvènman ayisyen an lanse ayè lendi 22 Sept nan, yon pwogram asistans sosyal ak 9,3 milya goud. Li gen 22 inisyativ tankou: distribisyon manje, transfè 20,000 goud pou 261,000 fanmi, sipò pou ti antreprenè. Se 6 ministè plis FMI ki ap kwòdone program nan, epi FAES ap egzekite li.
Nan yon konferans pou laprès, ministè afè sosyal anonse y ap remete sou pye yon pwogram ijans pou ede fanmi ki pi vilnerab yo an Ayiti. Nan kad pwogram sa, ministè edikasyon nasyonal resevwa yon chèk 5 milya goud pou ede paran yo prepare antre lekòl la
Ministè edikasyon nasyonal ap kolabore ak FAES pou bay 20 mil goud ak plis pase 260 mil paran pou ede yo nan efò y ap fè pou voye piti yo lekòl ane sa.
Nan kad pwogram sa, gouvènman an konte distribiye 2 milyon plat manje nan tout peyi a ak moun ki pi vilnerab yo. Fanm ki nan prizon yo tou ap jwenn plat manje, selon sa leta anonse.
Emmannuel Saintus