HomeActualitéPeyi Etazini sanksyone ansyen prezidan Ayisyen Joseph Michel Martelly pou trafik dwòg...

Peyi Etazini sanksyone ansyen prezidan Ayisyen Joseph Michel Martelly pou trafik dwòg ak konivans ak gang

Published on

Archives

Biwo Kontwòl Byen Etranje (OFAC) ki nan Depatman Trezò Ameriken, anonse yo sanksyone madi 20 dawout 2024 la ansyen Prezidan Ayisyen Michel Joseph Martelly, konfòmeman ak Dekrè Egzekitif (E.O.) 14059 ki te pibliye nan dat 15 desanm 2021, ki enpoze sanksyon sou moun etranje ki enplike yo nan komès dwòg ilegal nan mond lan.

Nan mesaj depatman deta ameriken pibliye madi 20 dawout 2024 la, aprè sanksyon yo anonse yo pran kont ansyen prezidan Ayisyen an, J. M. Martelly : «Pa gen moun ki pi wo pase lalwa. Sanksyon trezò Ameriken pran jodi a kont ansyen Prezidan Ayisyen an Michel Martelly, demontre angajman nou pou nou ede peyi Ayiti fè elit li yo reponn pou zak yo nan moman kote peyi a ap bati yon lavni ki gen sekirite.»

«Aksyon jodi a kont Martelly souliye wòl enpòtan ak destabilizasyon li menm ak lòt elit politik ki nan koripsyon yo jwe nan kenbe kriz aktyèl la ann Ayiti,» mesaj Sous-sekretè A.I pou Teworis ak nan entèlijans finansye, Bradley T. Smith, deklare sou sanksyon etazini enpoze ak Martelly yo.

«Kanada akeyi desizyon Etazini pran ki sanksyone ansyen prezidan Ayisyen Martelly. An 2022, nou te jwe yon wòl prensipal nan sanksyone elit politik ki kontribye nan laterè ann Ayiti, e nou ankouraje kominote entènasyonal la fè menm bagay la.» Se sa Minis Zafè Etranjè Kanadyen an, Mélanie Joly pibliye sou sanksyon depatman Trezò Ameriken enpoze ak Martelly yo.

Michel Martelly se yon «bandi ak kòl» selon diplomat Hawkins. Nan vil Kap Ayisyen, mèkredi 21 dawout 2024 la, anbasadè Ameriken an ann Ayiti, #Dennis_Hawkins, afime bay laprès ansyen prezidan Ayisyen Michel Martelly se youn nan «bandi ak kòl» ki koze gwo mal ann Ayiti, sitou nan trafik dwòg ak finansman gang kriminèl yo. Hawkins souliye kounye a gouvènman ameriken an ap travay ak otorite Ayisyèn yo pou idantifye tout bandi ak kostim, ni nan sektè prive a, ni nan politik, nan lide pou sanksyone yo.

Tou suit aprè enpozisyon sanksyon yo madi 20 dawout la ki di li se yon dwòg lidè, yon kòwonpi ki mete gang destabilize Ayiti, Etazini mande ansyen prezidan Michel Joseph Martelly pou li kite sòl Ameriken an nan yon brèf dilè. Otorite amerikèn yo anonse tout moun ki konn fè tranzaksyon ak Martelly kapab sanksyone tou, epi tout bank amerikèn yo entèdi pou trete ak li.

Aprè Sodo, popilasyon an nan komin Laskawobas mande Ministè Enteryè ranplase ajan enterimè yo

Mouvman Laskawobas Devan (MLD) ki se yon estrikti ki regwoupe anviwon 5 lòt gwoup nan sosyete sivil komin Laskawobas la, rankontre wikenn sa a Delege Depatmantal Sant lan, M. Coriolan BURDRY, pou chita pale sou pwoblèm mache kominal la ak divès lòt pwen enpòtan tankou depa san kondisyon 3 ajan enterimè ki nan tèt meri a, malgre gen prezidan konsèy la ki anbandone pòs li depi prèske 2 lane, selon sa youn nan inisyatè mouvman an deklare.

Rankont sa te fèt anba envitasyon Delege BUDRY, nan objektif pou l te rive mye sezi tout anje ki gen nan kriz sosyopolitik komin Laskawobas ap fè fas la sa fè twòp tan, epi rive sènen pozisyon ak griyèf diferan gwoup sa yo nan sosyete sivil la atravè «Mouvman Laskawobas Devan.»

Pwotestatè yo prezante 4 rezon majè ki pouse yo mande revokasyon osnon demisyon imedya 3 ajan enterimè yo: Junior PIERRE, Fedner JOSEPH ak Rodelie Cariétanne BALDÉ prezidan konsèy la, ki li menm gen prèske 2 lane depi li kite komin nan, toujou selon sa youn nan inisyatè mouvman an di nou:

1. Lè nou konsidere prezidan konsèy ajan enterimè ki fè ofis komin nan abandone Laskawobas depi prèske 2 lane, sa ki make kadisite konsèy la.

  1. Lè nou konsidere diferan mega manifestasyon popilasyon Laskawobas la fè pou di yo rejte ajan enterimè kadik sa yo.
  2. Lè nou konsidere non ajan sa yo site nan eskandal koripsyon tè pou konstwi mache modèn Laskawobas la.
  3. Lè nou konsidere konsèy la pèdi tout kredi popilasyon an aprè tout betiz manm yo koze nan jesyon komin nan.

Mouvman Laskawobas Devan mande demisyon katèl enterimè a imedyatman epi ranplase li pa 3 sitwayen onèt epi konpetan. Nou pap bay tèt nou manti, kriz la p ap ka rezoud avèk menm moun sa yo ki kreye l, ki pa gen kapasite, ni volonte, ankò mwens enterè pou rezoud li.

Aprè diskisyon yo, Delege BURDRY te pwomèt MLD li ap fè yon rapò sou vizit li nan komin nan, epi mande otorite santral yo pou klase Laskawobas an priyorite nan kad tretman dosye kolektivite yo.

MLD te remèt Delege Budry a yon dokiman ki fè radyografi kriz komin Laskawobas la. Dokiman sa genyen tou ansanm griyèv ak rekòmandasyon popilasyon an ki di yo p ap soti nan byen mal pou tonbe nan pèd pawòl.

Mouvman Laskawobas Devan anonse li voye yon pinga bay tout moun/gwoup moun ki swete depoze 3 moun nan Meri a sou baz se moun pa yo. Gwoup la fè konnen fwa sa a MICT pap retire pay pou mete pay. Yo di yo pap pran nan dirijan pèpè ankò, konsa fòk se moun ki kapab, ki serye epi ki jwenn benediksyon popilasyon an ki pou rive nan direksyon politik komin nan.

Pandan yo kritike konpòtman Vis Delege Laskawobas la, M. Jeantès BELFORT, ki deside chita ak lameri sèlman san reprezantan popilasyon an, kritik mesye BELFORT voye jete puiske, selon sa li di nou, siperyè yerachik li pat òdone li chita ak popilasyon an, MLD anonse yo renouvle volonte yo genyen pou kontinye batay pou defann koz kominote a anba pawòl sakre sa a: Laskawobas avant tout lòt bagay.

Nap note, diferan gwoup ki fòme Mouvman Laskawobas Devan an se: Lig Spòtif, Inite Pilotaj Sosyete Sivil, Fòtifyan, Tribinal Spòtif Laskawobas ak COFI ki gen yon ansanm reprezantan: Jefferson DESIR, Pierre Ronald HONORÉ, Gaétan LINDOR, Peterson REVOST, Sem LAPAIX, Jean Anderson BREVIL, Wadel BLANCHARD, Sem LAPAIX…

Pwoblèm konstriksyon mache modèn komin Laskawobas la remonte jiska lane 2018, lè fanmi CADICHON te bay yon kantite tè pou mache a konstwi, non sèlman mache a pa fèt, men anpil nan tè a vann anba konplisite lameri, selon sa youn nan inisyatè mouvman an di nou.

Sitiyasyon sa a ta pral pouse yon komisyon moute nan komin Laskawobas nan dat 20 janvye 2023, pou ale ankete sou rezon ki lakòz mache a pa t rive konstwi. Men lis sitwayen ki te fòme komisyon an: Gaëtan LINDOR, Yvon PIERRE, Jean Roland BIEN-AIMÉ, Rigaud DERISIER, Pierre Roland HONORÉ, Manel CASTEL ak Sem LAPAIX.

Nap note, sitiyasyon sa a pa diferan nan komin Sodo, kote popilasyon an fèmen meri a depi 8 jen 2024, pou egzije depa 2 ajan enterimè (Marie André Ruth THÉLUS/Claude FREJUS), paske: Konsèy la kadik, gen divès ka koripsyon grav nan meri a, majistra Ruth abandone pòs li depi 8 mwa, li di 80% moun Sodo ta gang, an plis de imaj fòs espesyalize yo (PNH) ki nan Sodo li sal sou plizyè radyo ak sou rezo sosyal.

Emmanuel Saintus

Popular articles

79 ème Assemblée générale ordinaire des Nations Unies :

Le Mouvement Point Final salue le discours du Conseiller présidentiel, Edgard Leblanc Fils à...

Croix-des-Bouquets : La Nationale #8, débloquée par la PNH

La Police nationale a réalisé une intervention dans la commune de la Croix-des-Bouquets vendredi...

14 août 2021 – 14 août 2024, 3ème anniversaire du séisme meurtrier du Grand Sud d’Haïti :

3 ans après, aucun projet de reconstruction du Grand Sud, a constaté le Mouvement...

Ouragan Béryl :

Le Mouvement Point Final a fait des visites des lieux dans le Sud -Est...

Latest News

Afrique

Dossier tentative de coup d’État au Bénin : Olivier Boko et Oswald Homéky écoutés...

79 ème Assemblée générale ordinaire des Nations Unies :

Le Mouvement Point Final salue le discours du Conseiller présidentiel, Edgard Leblanc Fils à...

33ème anniversaire du Coup d’État du 30 septembre 1991:

Le Mouvement Point Final présente le rapport de l'insécurité actuelle avec le Coup d'État...