Ak plis pase 60% popilasyon kreyolofòn ki nan Karayib la, Ayiti reprezante pi gwo moso nan kreyolofoni an. Toupatou nan rejyon karayibeyen an (Matinik, Gwadloup…) ak nan Oseyan endyen (Lil Moris, Sechèl…), ekriven yo pa sispann pwodui pou yo anrichi memwa literè lang kreyòl epi konsa, moutre posibilite ak kapasite bèl patrimwàn lenguistik ansestral nou an pa gen limit.
Festival Entènasyonal Literati Kreyòl (FEL) pran nesans nan lide pou kreye plis espas rankont ak boukantay ant ekriven, lenguis, powèt, atis, entèlèktyèl kominote kreyolofòn sa yo, fasilite difizyon ak pwomosyon liv kreyòl nan mond kreyolofòn nan, fè konnen otè ak liv ki make istwa ak evolisyon literè lang kreyòl. Atravè « Dyaspowèm » FEL ajoute nan pwogramasyon li depi 2021, nou rive kreye yon espas espesyal pou kreyatè kreyolofòn kominote sila yo k ap evolye nan lòt peyi.
Premye evènman literati kreyòl nan Karayib la ak nan Oseyan endyen, Festival Entènasyonal Literati Kreyòl se yon inisyativ Association FEL Caraïbes an patenarya ak Fondation Maurice Sixto, Organisation Martiniquaise pour le Developpement des Arts et de la Culture (OMDAC), Sosyete Koukouy, Akademi Kreyòl Ayisyen, Espas Kreyòl ak Eritaj Kilti Kreyòl ki baze nan peyi Etazini. Depi 2019, se kreyolis, powèt ayisyen Anivince Jean Baptiste k ap prezide evènman an.
Pou 6èm edisyon Festival Entènasyonal Literati Kreyòl (FEL 2024) se Pòtoprens ak vil Gonayiv k ap genyen pou akeyi diferan aktivite nou yo soti 3 pou rive 8 desanm 2024 la. Twa ekriven alonè : Doktè Serge Madhère (Ayiti), powèt, estatisyen ; Michel Ducasse (Lil Moris), powèt, jounalis, tradiktè literè ; Lyonel Desmarattes (Ayiti), ekriven, jounalis, tradiktè literè, manm Akademi Kreyòl Ayisyen.
Ekriven ki alonè nan Festival Entènasyonal Literati Kreyòl depi 2019
Chak ane, Festival Entènasyonal Literati Kreyòl mete pwojektè sou de oubyen twa pèsonalite, kote li onore yo pou travay yo ak kontribisyon yo nan dinamik pwomosyon ak devlòpman literati kreyòl. Se okazyon kote festival la asire pwomosyon zèv pèsonalite sa yo epi envite piblik la (re) dekouvri travay yo. Men pèsonalite literè ayisyen ak etranje ki pote deja chapo « Envite alonè » depi kreyasyon evènman an :
2019 : Manno Ejèn, powèt (Ayiti – Kanada) ; Hilario Batista Félix (Kiba), powèt, responsab Depatman kreyòl nan Radyo Leta La Havana Cuba; Yves Marie Seraline (Matinik), ekriven, enjenyè kiltirèl;
2020 : Raphaël Confiant (Matinik), ekriven; Pierre Michel Chéry (Ayiti), ekriven, manm Akademi Kreyòl Ayisyen, kreyolis; Jean Euphèle Milcé (Ayiti), ekriven ; Rodolphe Mathurin (Ayiti), ekriven, pwofesè ;
2021 : Jude Duranty (Matinik), ekriven, kreyolis; Lyonel Trouillot (Ayiti), ekriven, majòjon Atelye jedi swa ; Ena Eluther (Gwadloup), ekriven, doktè nan literati… ;
2022 : Jo – Anne S. Ferreira (Trinidad & Tobago), lenguis, mèt konferans nan inivèsite Uwi ; Guy Gérald Ménard (Ayiti), powèt, nouvelis, pwofesè nan inivèsite Leta Ayiti, manm Akademi Kreyòl Ayisyen; Grégory Rabess (Ladominik), chantè, konpozitè, ekriven…
2023 : Jean Dédé Dorcély (Ayiti), ekriven, atispent, fondatè branch Sosyete Koukouy Santo ; Gregory Rabess (Ladominik), chantè, konpozitè, ekriven ; Vye Ewòl (Ayiti), powèt, responsab Medikaplant, pwofesè inivèsite nan Florid.
Ansyen depite sikonskripsyon Dèlma a, Gary Bodeau anonse li pa manm platfòm boukliye ankò
Nan yon nòt nan atansyon opinyon piblik nasyonal ak entènasyonal la, ansyen depite Dèlma a Gary Bodeau anonse li pa manm platfòm boukliye ankò.
Nan nòt sa a ansyen prezidan chanm depite a voye yon gwo kout chapo pou tout polisye, pwofesè lekòl, enfimyè, doktè ,tout konpatriyòt nan sektè enfòmel la, manm sektè prive a, tout chofè transpòtè ki kontinye akonpanye pèp ayisyen an nan moman difisil sa a peyi an ap travèse an.
Smith Prinvil