Kreyol

Archives

Ayiti: tantativ evazyon nan prizon sivil Ench lan : 2 prizonye mouri epi 10 lòt moun blese

Bilan pasyèl yo montre (2) prizonye mouri sou plas, anba bal ajan penitansye yo, (7) lòt blese grav, ak (3) polisye soti blese tou, nan yon tantativ prizonye yo pou te evade nan prizon Ench lan, byen bonè dimanch 28 avril 2024 la.

Komisè gouvènman jiridiksyon Ench lan, Marlène Abraham, akonpaye sibtiti Winslor Nèlson ak Jij depè Jean-Marie Toutanva, ki te ale konstate sa k rive andedan prizon an, deklare gen diferan materyèl yo jwenn ak temwayaj kèk lòt detni, ki pwouve se te yon aksyon planifye.  Anpil nan prizonye nan prizon Ench lan gen plizyè mwa nan prizon, san yo pa pase devan yon jij.

Aksyon sa rive tou (2) de jou aprè ajan DAP yo pa deside resevwa manje pou prizonye yo, nan kad mouvman grèv yo lanse pou mande bon jan tretman. 

N ap raple: 3 polisye blese yo, lopital, epi lamèri Ench depoze kadav 2 prizonye yo nan Mòg lopital la, pou swit nesesè.

Enstalasyon Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon

Anbasadè Hankins te kontan asiste seremoni enstalasyon Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon (KPT) an, jodi a.  Li felisite manm KPT yo, paske yo te travay ansanm pou pase etap enpòtan sa a pou pèp ayisyen an.  Anbasadè Hankins pa ka tann pou l remèt lèt kreyans li yo, bay KPT a, anvan lontan.

Pati  ak regwoupman politik progresis yo mande pèp la kore lapolis ak lame a

Pati ak regwoupman politik progresis yo KOWÒT PATRIYOTIK, PPN, RANFÒ, MJL ak ZOULA kwè tout pèp la dwe pote kole ak  fòs piblik yo  pou mete fen ak rèy tout kalite gang teworis yo nan peyi a.  Twòp san koule, twòp inosan viktim anba rejim kriminèl PHTK ak alye li yo nan  Akò 21 Desanm lan, ki pa sispann distribye lajan bay gang teworis yo pou  ranfòse kawo a, nan lide pou kenbe yon pouvwa k ap garanti enpinite ak amnisti pou yo.

Pati ak regwoupman politik progresis yo mande pèp la akonpaye Konsèy Prezidansyèl enstale a, pou li koumanse travay, san pèdi tan, pou li estope vòl k ap fèt nan Leta, mete entèdiksyon depa kont tout piyajè yo k ap mande plis pase 4 milyon goud pou swadizan frè separasyon.  Yo fè anpil gabji ak nominasyon devan dèyè, andeyò tout nòm administratif, jan lalwa trase pou sa fèt.  Se pou rezon sa yo menm, pou yo arete tout minis ki rantre nan lojik lawont sa a.  Pèp ayisyen dwe vijilan pou rejim PHTK ak moun Akò 21 Desanm yo pa renouvle tèt yo nan Konsèy Prezidansyèl enstale a, pou yo pa ranfòse lanfè gang teworis yo tabli nan  peyi a, depi 2011 epi k ap  kreye plis dezespwa, plis desepsyon, plis kòripsyon, plis chomay, plis grangou, plis mizè, plis ansasinay, plis vyòl, plis kidnapin ak plis enpinite.

Pati ak regwoupman politik yo di se enpinite  ki donnen kòripsyon.  Kòripsyon an se kansè ki  pwopaje  nan tout fondalnatal  pèp la.  Se pousa gouvènman tranzisyon koupe fache a dwe pran yon dekrè pou fè kòripsyon tounen yon krim nan tout kwen peyi dAyti.  Lè sa a, peyi a ap jwenn lajan pou konstwi lekòl, inivèsite, lopital, dispansè, wout, pon, agrikilti, san bliye bay moun bonjan dlo potab toupatou nan peyi a.

Pati ak regwoupman politik yo ap mande moun k ap dirije Konsèy Prezidansyèl la pou yo fè plis jefò pou pran kontwòl Palè Nasyonal ak Primati.  Twòp tolalito, twòp dilatwa sou san pèp la k ap koule chak jou.  Pran dispozisyon pou moute yon gouvènman inyon nasyonal ak yon premye minis entèg, konpetan, ki va toujou pran angajman patriyotik pou peyi a  nan moman difisil, pou kwape  ensekirite pwograme a,  retabli Konstitisyon 87 la nan fonksyon li, ann atandan yo amande l, mande konsèy sekirite Nasyon Zini an yon apwi teknik pou fòs lame dAyiti ak lapolis, nan plas fòs miltinasyonal la.  N ap felisite lapolis ak  lame a, ki fè anpil jefò nan dènye jou sa yo, pou anpeche bandi teworis yo detwi tout biznis klas mwayèn nan peyi a.


Pati ak regwoupman politik yo mande pèp la veye tout move zangi, tout fo demokrat, tout kowonpi ki kraze kòb PetroCaribe a, kòb CIRH la, pou yo pa fofile andedan Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an.  Kowonpi pa nan pwogrè, kowonpi yo chanpyon nan fè kòripsyon.  Dapre yon ankèt 2 komisyon sena a ak enstitisyon finansyè peyi a sou vòl kòb PetroCaribe a, yo montre 6 premye minis ki dechèpiye kòb la, tankou: Laurent Lamothe, PHTK, ki depanse 688 milyon dola ameriken, Jean-Max Bellerive LESPWA PHTK, ki depanse 349 milyon dola ameriken, Evans Paul PHTK ki depanse 280 milyon dola ameriken, Garry Conille, PHTK, ki depanse 210 milyon dola ameriken, Michelle Duvivier Pierre-Louis, LESPWA, ki depanse 190 milyon dola ameriken ak Enex Jean-Charles / Privert PHTK, ki depanse 33 milyon dola ameriken.  Peyi a pa jwenn anyen.


Se vre pa gen mwayen pou respekte Konstitisyon 1987 la, men Konsèy Prezidansyèl la dwe respekte lespri atik 135 Konstitisyon an ki di kouman yon moun ka prezidan nan peyi a.  Fòk moun nan gen dechaj, si li t ap jere lajan Leta; fòk moun lan se Ayisyen, san li pa t janm chanje nasyonalite li; epi se yon prezidan ki dwe genyen nan tèt Konsèy Prezidansyèl la.  Pa gen 7 prezidan, se yon prezidan ak 6 konseye pou  pa gen latwoublay nan tèt pèp la.  Pèp la bouke, li pa kapab ankò, se sekou l ap mande.

Pou pati ak regwoupman yo:

  • Pati Popilè Nasyonal:  Keny Bernadin
  • KOWÒT PATRIYOTIK: Francisco Alcide
  • RANFÒ: Jean Thidé Nazaire
  • ZOULA: Pierre Dieudonné Délice
  • M. J. L : Serge Desroches.

Evens Eliacin

Popular articles

 

Happy Father’s Day: Dismantling Stereotypes Affecting Black Fathers                                              Malika Jallow  This past Sunday, June 16th, we...

COUN : le CPT inaugure le Centre d’opérations d’urgence national

Le Centre d’Opérations d’Urgence National a été inauguré par les membres du Conseil Présidentiel...

Interrogations sur les motifs de refoulement des Haïtiens munis de visa américain, canadien ou Schengen

Le refoulement des Haïtiens, munis de visa américain, canadien ou Schengen, débarquant dans les...

Conférence de commémoration du 199ème anniversaire de la dette de l’indépendance d’Haïti:

" Impact de la dette de l'indépendance dans le sous-développement d'Haïti"Le Mouvement Point Final...

Latest News

Niger : le suspense et la tension montent après l’attaque du pipeline par le Front Patriotique pour la Libération

Dans la nuit du 16 juin, le Front Patriotique pour la Libération (FPL) a...

Juneteenth and Reparations

 Rena Black The commemoration of Juneteenth, which acknowledges the end of slavery, takes place on...

 

Happy Father’s Day: Dismantling Stereotypes Affecting Black Fathers                                              Malika Jallow  This past Sunday, June 16th, we...
Exit mobile version