Kreyol

Archives

Palman Kenya apwouve deplwaman 1000 polisye yo ann Ayiti
Finalman, Asanble Nasyonal la vote an favè deplwaman 1000 polisye kenyen yo ann Ayiti. Nan yon
vòt ki fèt maten jedi 16 novanm 2023 a, lejislatè yo adopte rapò komite konjwen an ki rekòmande
Chanm lan apwouve deplwaman an. Se vis-prezidan asanble a, Gladys Boss Shollei, ki anonse
nouvèl la, nan divès medya nan peyi Kenya. Kenya ap geyen 1000 polisye ki soti nan divès inite
espesyalize k ap fè pati misyon miltinasyonal la. Jou jedi 9 novanm 2023 a, devan palman an, minis
Kithure Kindiki asire genyen lòt peyi k ap voye twoup yo ann Ayiti, nan kad misyon an : Senegal
(350), Burundi (250), Barbad (200), Seychelles 190, Chili, Jamayik ak Ekwatè tou.
Nairobi : Minis Enteryè kenyan an di ankenn deplwaman pa p fèt anvan yo resevwa lajan pou sa
Kithure Kindiki, deklare : toutotan gouvènman peyi li a pa resevwa « 240 milyon dola ameriken »,
yo estime deplwaman an ap koute, peyi a pa p voye polisye li yo ann Ayiti, nan kad misyon
miltinasyonal Nasyonzini te apwouve a. Minis la fè deklarasyon sa yo, nan maten jedi 9 novanm
2023 a, selon Periódico Hoy. N ap raple, jiskaprezan, Kou Siprèm peyi Kenya a poko delibere sou
plent opozisyon an te depoze kont gouvènman an, pou l bay prèv konfòmite konstisyonèl
deplwaman polisye kenyan yo sou yon lòt tèritwa. Charles Midenga, ki se avoka pati opozisyon an
nan Kenya e ki te siyen petisyon pou mande Kou Siprèm la kanpe deplwaman polisye Kenya yo
ann Ayiti, di ajans Reuters: “ ap genyen yon odyans ki pral dewoule nan tribunal la sou dosye sa a,
jou k ap 26 janvye 2024.”
Bous etid Larisi : ULCC mande lajistis ann Ayiti pou li pousuiv Roland Garçon ak Daphnica Paul
Inite Lit Kont Koripsyon an (ULCC) mande lajistis mare Roland Garçon ak tout Daphnica Paul.
Nan 19 rapò ankèt (ULCC) li te sòti mèkredi 15 novanm pase a, Inite a fè konnen lajistis ta dwe
pousuiv atache nimewo 1 kòdinasyon pwogram bous etid nan Direksyon zafè lakilti nan Ministè
Zafè Etranjè ak Kilt (MAEC) la, Roland Garçon, ak Daphnica Midley Paul ki se mèt ajans vwayaj
“Nica Multi services LLC”. Selon ULCC, 2 moun sa yo te met tèt yo ansanm pou monte yon rezo
pou te vòlè lajan sou anviwon 25 postilan bous etid nan peyi Larisi, pou ane inivèsitè 2023-2024 la.
Daprè enfòmasyon anketè ULCC yo bay, pou ane inivèsitè 2023-2024, Larisi te bay
gouvènman ayisyen an 25 bous etid. Men, nan bò pa ministè Zafè Etranjè a, yo di konsa, Roland
Garçon ki se youn nan responsab pwogram bous yo, te pwofite mare konplo ak Daphnica Paul, pou
te fikse a 715 dola vèt, pri chak grenn kandida te dwe bay pou dosye yo a te kapab rive trete nan
anbasad Federasyon Larisi a, nan peyi Venezwela.
«Kòb sa se pa t MAEC ki te ranmase l men pito Daphnica Midley Paul, ki se pwopriyetè
antrepriz “Nica Multi services LLC“, ki t ap opere, selon detay ankèt la, nan tèt kole ak Roland
Garçon. Konsa, pou te rann bagay la pi fasil pou madanm lan, mesye Garçon, li menm, te pwofite
pozisyon li genyen nan MAEC, kote l prepare yon tablo li te bay tout lajan postilan yo ap peye pou
tretman dosye yo. Li te fè sa, yon fason pou l kabap reponn ak egzijans madanm lan te gen tan fè a,
pou kantite lajan li te mande a», selon sa dokiman an fè konnen.
Pi lwen, rapò a fè konnen: nan 715 dola ameriken sa chak grenn postilan, ki te an total 25, te
dwe al depoze avan 14 mas 2023, mwatye 600 dola, plis 115 dola al sou kont UNIBANK ki sou non
Daphnica Midley Paul, nan nimewo 180-2016-22373076. Premye lajan sa a konsidere kòm premye
vèsman, toujou daprè rapò a. Nan 35 depo ki fèt sou kont sa a, yo jwenn genyen antou 15 015 dola
vèt sou li, e ULCC fè kwè yo jwenn non 28 kandida ki, yo chak, te bay 415 dola ameriken.
Responsab ULCC yo montre te gen gwo lyen ant 2 moun sa yo. Yo presize, pandan mwa
mas 2023 a, madanm Paul te fè 3 gwo transfè lajan ki bay antou 10 644,10 dola ameriken sou kont
Ronald Garçon nan Bank Nasyonal Kredi (BNC). Yon lòt kote, yo souliyen ministè Zafè Etranjè pa
t resevwa yon goud nan tout lajan sa a ki t ap fèt sou do kandida pou bous etid Larisi yo, e yo di tou
ministè a pa gen okenn kont labank ki te la pou bagay sa a.
Se pou tèt sa, anketè nan Inite lit Kont Koripsyon yo mande pou lajistis mare Roland Garçon
ak tout akolit li, Daphnica Paul, pou enfraksyon li komèt kòm pwofitè, epi pou asosiyasyon
malfektè. Lalwa 12 mas 2014 la kondane krim koripsyon sila a yo, sitou nan atik 5.1 an, epi nan
atik 224 ak 225 kòd penal la.

«Sou baz enfòmasyon sa yo, sou plan administratif, nou mande pou yo mete mesye Garçon
chita lakay li, san ba li yon goud. Sou plan penal, nou mande pou mete aksyon piblik an mouvman
kont li pou zak pwofitè, dèske l itilize pozisyon l pou fè abi, bagay lajistis kondane. Yo dwe pousuiv
li tou, pou asosiyasyon malfektè. Nou mande menm bagay la tou pou madanm Daphnica Midley
Paul, paske li konplis nan ede Garçon, e nou mande tou pou otorite konpetan ayisyen yo fè demach
pou lòt peyi, kote madanm lan ye a, kapab livre l bay Leta ayisyen, pou l vinn reponn kesyon lajistis
ayisyèn». Se sa nou te li nan konklizyon rapò a.
AYITI: Lapolis arete yon sitwayèn ayisyen natiralize amerikèn, pou enplikasyon l nan gang
Lapolis Nasyonal Ayiti anonse yo poze lapat sou Germinal Abigaëlle Hailey, alyas Fifi Bèl Bòs, nan
ayewopò Tousen Louvèti, pou koneksyon li genyen ak plizyè gang k ap opere nan zòn
metwopolitèn lan, nan Pòtoprens. Fòs lòd yo pibliye sa, maten samdi 18 novanm 2023 a. N ap note,
PNH deja mare plizyè bandi k ap tante kouri kite Ayiti.
Sèvis Analiz Biwo Ransèyman Jidisyè a fè konnen yo te genyen enfòmasyon, depi kèk
mwa, Abigaëlle genyen konivans ak plizyè chèf gang nan kapital la, tankou: Chéry Christ-Roi,
alyas « Krisla », Rénel Destina, alyas « Ti Lapli », Wilson Joseph, alyas « Lanmò San Jou ». DCPJ,
ki fè arestasyon an, 13 novanm pase a, presize: Krisla se chèf gang k ap opere nan Tibwa, Ti Lapli
ap opere Gran-Ravin, epi Lanmò San Jou ap opere Kwadèboukè.
Lapolis di li genyen enfòmasyon Abigaëlle fèt 24 novanm 1988, nan Pòtoprens, e li vin
natiralize kòm Ameriken, nan lane 2019. Aprè li fin pase 6 mwa Ayiti, li te dwe retounen Etazini 13
novanm 2023 a, e se la, polisye yo ta pral arete li.
Lapolis di aprè arestasyon Abigaëlle, yo ta pral verifye, sou telefòn li, kontak li fè ak plizyè
chèf gang k ap opere nan kapital la. Anplis de sa, yo ta pral jwenn enfòmasyon Abigaëlle se bon jan
kouzin ansyen chèf gang 400 Mawozo ki rele Germine Jolly, alyas Yonyon, ki aktyèlman nan
prizon Etazini.
Anketè DCPJ yo fè konnen Abigaëlle asire kominikasyon ant Yonyon, ki Etazini, ak Lanmò
San Jou, ki se aktyèl chèf gang 400 Mawozo a ann Ayiti. Lajistis amerikèn di li t ap chèche
Abigaëlle tankou moun fou, pou divès zak malonèt li ta enplike. Jodi a, madanm sa a twouve li nan
gadavi Direksyon Polis Jidisyè Ayiti (DCPJ), pou l tann suit ka li merite.
FBI ajoute non chèf gang ayisyen,Vitel’Homme Innocent, sou list 10 fijitif ki pi rechèche yo
Ajan Espesyal FBI (Biwo Federal Envestigasyon Etazini an), Jeffrey B. Veltri, ki pale pandan yon
konferans pou laprès nan Biwo Adjwen FBI la nan Miami, mèkredi 15 novanm 2023 a, fè konnen
FBI ap chèche, kou chen fou, chèf gang ayisyen, Vitelòm, ki nan lis 10 moun yo plis ap chèche.
Lajistis Etazini ap pousuiv misye, pou koneksyon li nan dosye kidnaping ak asasina misyonè
ameriken nan peyi d Ayiti. Yo admèt jodi a ke se yon objektif ki difisil, akoz ensekirite a nan peyi d
Ayiti. An koneksyon ak anons la, Depatman Deta fè konnen li pral peye jiska $2 milyon pou
enfòmasyon ki ede l mete Vitel’Homme Innocent anba kòd. Lajistis Ameriken akize l ofisyèlman de
kidnaping ame sou 16 misyonè kretyen an 2021, epi de asasina yon misyonè ak kidnaping mari li,
an 2022. Pi fò gwoup la te rive sove, 61 jou apre yo te kidnape yo. Mari misyonè a, limenm, te
jwenn liberasyon li, apre yo te peye yon ranson pou li.
Eliacin Evens

Popular articles

Le déploiement de la force Kenyane en discussion 

La ministre de la justice et de la sécurité publique, Emmelie Prophète, a représenté...

Tout cela n’est que pour un temps…

Il arrivera un moment où tout ceci sera derrière nous.  Quand exactement, je ne...

Le juge de paix de Carrefour, Jean Frantz Ducasse : kidnappé

Les cas de kidnapping se multiplient dans la zone métropolitaine de Port-au-Prince, ces derniers...

Comme quoi, Guy Philippe est aussi menteur que ses patrons…

« 90 jours seulement pour mettre fin au problème des gangs dans le pays », a...

Latest News

Ariel deklare li pi rèd sou pouvwa ke yon ke makak

Premye minis defakto a, Ariel Henry, adrese l, mèkredi 7 fevriye a, a pèp...

Demon atake legliz gran jounen nan Dèlma 18

Nèg ak zam sakaje espas “l’église du Christ de Port-au-Prince” ki gen ladan l...

kreyòl

Liberasyon tout fidèl yo te kidnape nan legliz Notre-Dame de Fatima aTout fidèl legliz...
Exit mobile version