Kreyol

Published on

Archives

spot_img

Tanpèt twopikal Franklin: otorite nan peyi Dayiti anonse alèt vijilans jòn sou tout
teritwa peyi a
Direksyon Pwoteksyon Sivil, ansanm ak Inite Idwometeyowoloji, fè konnen, depi dimanch 20
dawout lan, yon puisan ond twopikal deja tounen tanpèt twopikal nan lanmè Karayib la. Non
li se Franklin, l ap pase madi a sou Repiblik dominikèn. Nan sans sa, otorite yo deside mete
Ayiti sou vijilans jòn, akoz pasaj li ki dwe afekte rejyon Sid la nan madi, epi sant tanpèt la
dwe travèse teritwa papa Desalin lan nan mèkredi 23 dawout. «Direksyon Jeneral Pwoteksyon
Sivil, UHM-Haïti ansanm ak Sekretarya Pèmanan k ap jere Risk ak Dezas deside mete Ayiti
anba vijilans jòn poutèt Tanpèt Twopikal Franklin ki kapab afekte peyi a nan lannuit madi ak
mèkredi k ap vini la a », se sa Direksyon Pwoteksyon Sivil la anonse sou kont Twitter li. Nan
sans sa a, pou alète popilasyon an, otorite yo deklare alèt vijilans jòn lan se fas ak menas gwo
van ak lapli ki kapab lakoz inondasyon ak glisman teren nan zòn vilnerab yo. Daprè dènyè
previzyon yo, Franklin dwe afekte rejyon Sid Ayiti, apati madi, epi sant tanpèt sila a ap
travèse tout Ayiti nan mèkredi. Inite Idwometeyowoloji peyi Dayiti di l ap swiv avèk atansyon
tanpèt sa a.
Solino, Kafoufèy, Kwadèboukè, eske se dènye etap la
Depi nan kòmansman semèn lan, yon seri evènman trajik rekòmanse ap rive nan plizyè katye
nan Kapital la. Gang yo antoure tout kapital la epi koupe wout soti nan nò, sid ak lès nan peyi
a. Gang yo kontinye ap elaji territwa yo, malgre bwa kale te pote yon ti akalmi, men «ekstrèm
vyolans» rekòmanse nan plizyè katye. Gang Gran-Ravin lan atake katye Kafoufèy ak Savann
Pistach. Selon yon bilan pwovizwa Sant Analiz ak Rechèch sou Dwa Moun (CARDH), ki
parèt madi a, li rapòte 15 ka ansasinay, pami yo: twa granmoun aje, de polisye ak de timoun,
anviwon karant blese, ak 27 kay boule. Plis pase 10 000 moun deplase kite kay yo.
Nan pati lès kapital la, nan jedi maten 17 dawout la, abitan nan Bon-Repos, Beudet,
Lilavois, Meyer ak anba lavil Croix-des-Bouquets t ap fè fas ak yon klima ensekirite. Anpil
kout zam t t ap tire e moun yo t ap lanse tou yon apèl detrès bay otorite yo men sa te rete san
repons.
Menm sitiyasyon sa a te nan Solino tou, nan jedi aprèmidi 17 dawout la. Bandi ame ki
soti sou Bèlè ki gen nan tèt li yon chèf gang ki rele «Kempès», te atake ak anpil vyolans
abitan Solino yo. Temwen yo rapòte bandi yo mete dife nan plizyè kay nan zòn lan, tankou ri
Anglade ak Solino. Yo te remake barikad kawotchou t ap boule nan divès kote, tankou ri
Sylvia, koridò Bastia. Gwo kout zam t ap chante toupatou. An panik, rezidan yo te kòmanse
abandone kay yo. Diferan atak sanginè sa yo konyenside ak prezantasyon rapò Sekretè Jeneral
Nasyonzini an, Antonio Guterres, pou Konsèy Sekirite a. Nan rapò a, Antonio Guterres egzije
deplwaman yon fòs miltinasyonal lapolis ak itilizasyon mwayen militè ki nesesè pou retabli
lòd piblik ann Ayiti epi dezame gang yo. Li mande pou yo itilize gwo fòs zam kont gang yo.
Nan rapò a, Misye Guterres te ajoute: «kontèks aktyèl Ayiti pa bezwen fòs mentyen lapè,» li
bezwen yon debakman militè ak lapolis ak gwo mwayen pou sekirize wout ak enstalasyon
estratejik, restore Leta pou bay sèvis debaz yo.
Siy ap plase tou piti e Nasyonzini ap veye twa prensip pou deside fè entèvansyon yon
militè

  • Premyèman, yon kawo jeneralize; yon klima laterè ki kreye, alimante epi
    kontwole, selon bezwen yo; plizyè masak sou popilasyon sivil la, kote gouvènman lokal la
    enkapab pou pran responsablite li; yon konfli ant plizyè gwoup ame teworis ki vle pataje
    teritwa yo.
  • Konsantman gouvènman lokal la pou mande èd entènasyonal. Nan mwa Oktòb
    ki sot pase a, gouvènman Ayiti a te mande yon asistans sekiritè etranje an ijans. Nan demand

sa a, Ariel Henry te mande èd kominote entènasyonal la pou vin konbat gang ame yo ki te
anvayi kapital la, Pòtoprens.

  • Dènye prensip pou deplwaman fòs militè a, se konnen ki enterè ekonomik ak
    jeyopolitik kominite entènasyonal genyen pou li pwoteje.
    Nan ka pa Ayiti, tou lè 3 prensip sa yo deja la. Konsèy sekirite a ta gen pou bay
    otorizasyon li pou debakman an fèt nan jou k ap vini la yo. Fwa sa a, se pa p ni Brezil, ni
    Etazini, ni la Frans ak Kanada ki ap nan tèt operasyon yo. Se Kenya, yon peyi an Afrik k ap
    jwe wòl soutretan pou dirije fòs entènasyonal la. Objektif yo ap rete menn jan: konsolide
    dominasyon peyi «Zanmi Ayiti» yo sou Ayiti.
    Egzòd abitan Kafoufèy
    Abitan nan katye Kafoufèy ak Savann Pistach nan Pòtoprens, depi kèk jou, tonbe anba sènay
    gang ame Grand-Ravin, Renel Destina, alyas «Ti Lapli», ap dirije. Katye sa yo anba vyolans
    gang ame sa a, nan kad batay chèf gang lan, Tilapli, ap mennen pou pran kontwòl sou
    komisarya Savann Pistach la, ak elaji teritwa li, nan tout zòn kafoufèy la. Timoun kou
    granmoun, fanm kou gason ab sibi yon vyolans ekstrèm nan zòn sa yo. Gang ame atake, piye,
    boule kay, blese epi touye sivil ak polisye. Selon yon kominike sendika lapolis, 2 polisye deja
    mouri ak 2 lòt blese. Abitan yo anonse gen plizyè dizen sivil ki mouri, pami yo: yon tibebe, e
    yo deplore lanmò 7 moun nan yon menn fanmi, nan silans total otorite yo. Lagè pou elajisman
    tèritwa nan plizyè katye nan kapital la ak vyolans seksyèl sou tifi ak medam yo, te lakòz
    deplasman an mas abitan nan Matisan, Torcelle, Tabarre elatriye…
    Egzòd nan katye Kafoufèy ak Savann Pistach kòmanse depi 12 dawout 2023.
    Nasyonzini estime prèske 5 000 moun kouri kite kay yo nan zòn sa yo. « Se apeprè 1020 kay
    ki gen 4972 moun ki deplase, pi fò nan yo (76%) te pran refij nan 13 sit», se sa nou te ka li
    nan yon nòt OIM. Nan yon deklarasyon, gouvènman ayisyen an di lapolis pral deplwaye «tout
    fòs li yo» pou retabli lòd ak lapè nan katye sa a ki nan sidwès Pòtoprens, kote plizyè milye
    abitan deja chape poul yo, kite espas yo vid pou bandi yo.
    Ronald Léon

Popular articles

14 août 2021 – 14 août 2024, 3ème anniversaire du séisme meurtrier du Grand Sud d’Haïti :

3 ans après, aucun projet de reconstruction du Grand Sud, a constaté le Mouvement...

Ouragan Béryl :

Le Mouvement Point Final a fait des visites des lieux dans le Sud -Est...

Les élections américaines 2024 :

Le Mouvement Point Final présente un petit compte-rendu sur les débats de Joe Biden...

 

Happy Father’s Day: Dismantling Stereotypes Affecting Black Fathers                                              Malika Jallow  This past Sunday, June 16th, we...
spot_img

Latest News

6èm edisyon Festival Entènasyonal Literati Kreyòl la nan kizin

Ak plis pase 60% popilasyon kreyolofòn ki nan Karayib la, Ayiti reprezante pi gwo...

Kreyol

Wilson Pierre alyas Balans, anba kòd Sibtiti komisè gouvènman Aken an, Mèt Rousseau Libin, nan...

Biwo Suivi Akò Montana a denonse kont maltaye ki fèt pou mete Edgard Leblanc Fils nan tèt Konsèy Prezidansyèl la

Biwo Suivi Akò Montana a (BSA) fè konnen se yon kont maltaye yon kowalisyon...
spot_img