Kreyol

Published on

Archives

spot_img

Gwo tansyon nan komin Monwi
Yon sitiyasyon panik ap devlope nan Monwi, Latibonit, kote endividi ak zam debake nan
plizyè kominote e yo simen laterè. Yo atake moun epi boule omwen yon kenzèn kay, dapre
temwayaj ki vin jwenn Journal Haïti Progrès.
Se plizyè dizèn moun ak zam k ap tire san rete, depi jedi pase 6 avril 2023 a, epi ki
mete dife nan yon bann kay. Samdi 8 avril 2023 a, sa vin grav nèt, dapre sa òganizasyon Tèt
Kole ti Peyizan, ki gen baz li nan zòn lan, fè konnen. Temwen yo pa konn si gen moun ki
mouri, men gen moun yo pa wè. Anpil peyizan blije antre anba raje pou wè si yo va chape
poul yo. Zak bandi, sou moun Monwi yo, rive nan moman yon sitiyasyon laterè kontinye ap
pran pye nan divès zòn nan peyi a. Latibonit se youn nan zòn bandi achte lajan kontan, menm
jan ak yon bann katye nan Pòtoprens, kote popilasyon an lage san sekou anba bandi ak zam,
ki kontinye ap touye ak dechèpiye.
Selebrasyon Jounen Nasyonal Mouvman Fanm Ayisyèn yo
Nan okazyon Jounen Nasyonal Mouvman Fanm Ayisyèn yo, Zantray Fanm Kreyòl (ZAFAK)
ak plizyè lòt òganizasyon te patisipe nan yon fòmasyon sou tèm: «Féminismes et la politique
de l’aller-retour: pratiques et théories politiques». Fòmasyon sa a, se Madanm Fania Noël, ki
se Sosyològ, Militant Afwo-Feminis e Ekriven, ki te prezante li. Akitivite sa a te reyalize pa
Òganizasyon Feminis Nègès Mawon nan Vil Okap, 3 avril 2023.
Fòmasyon sa ap fasilite nou defini objektif nou, pou n milite pi byen nan domèn nou.
Li te anrichi konesans nou sou divès pwen tankou : orijin Mouvman Feminis Ayisyen an,
bilan ak pèspektiv, diferans ki genyen ant yon Òganizasyon Feminis ak yon Òganizasyon
Fanm…
«Aksè a lajistis pèmèt fanm yo defann tèt yo, lè yo vyole dwa yo»
Se sou tèm sa a, Fanm Deside realize yon gwo rankont sansibilizasyon nan komin Kay-
Jakmèl, nan okazyon komemorasyon Jounen Nasyonal Mouvman Fanm Ayisyèn, 3 avril, nan
tèt kole avèk òganizasyon fanm: «Flore des Femmes» de Cayes-Jacmel. Aktivite sa a enskri
nan kad yon seri sansibilizayon Fanm Deside ap reyalize nan divès komin nan Sidès la pou
sansibilize gran piblik la sou «Aksè a Lajistis». Rankont sa a rive reyalize ak entèvansyon
animatris, Lucia Antoine, CG Tatiana Bernadel ak Mèt Stanglina Jean-Pierre, avokat Fanm
Deside. Aktivite sa jwenn sipò «Avocats Sans Frontières Canada/ASFC», ak bourad lajan
Affaires Mondiales Canada / AMC.
Emmanuel Saintus

Popular articles

BYRON LARS PRESENTS IN EARNEST 

NYFW Spring 2024 By Ann Cooper I will always remember the first time that I came...

Pourquoi ne puis-je pas pleurer, même si je suis triste?

Vous est-il déjà arrivé d'avoir besoin d'un bon cri, mais d’être incapable de pleurer...

La solution à l’insécurité, de plus en plus loin

Les signataires du National Memorandum of Understanding (PEN) annoncent une série de mobilisations, à...

Que dit la Loi? Du Conseil Supérieur de la Police Nationale

Si la loi accorde une certaine autonomie à la Direction Générale de la Police...

Latest News

Dans le dossier du Canal de la Rivière Massacre, la Dominicanie porte le monopole de l’opprobre, mais…

Le dossier du canal d’irrigation de la Rivière Massacre défraie encore les chroniques de...

Les gangs terroristes nous prennent pour des canards sauvages

Dès que la hyène ouvre son clapet, ça sent mauvais à des kilomètres. Cette...

Le canal d’irrigation de la rivière Massacre, un dossier de discorde, exploité hors de proportion

La presse locale, en Haïti et en République Dominicaine, également des journaux importants des...