Gang yo atake katye rezidansyèl, Vivy Mitchel
Nan apremidi jedi 30 mas 2023 a, avèk gwo kout zam yo t ap tire, bandi al simen laterè nan
zòn Vivy Mitchel, ant Dèlma ak Petyonvil. Lapolis voye plizyè inite l yo, pou al eseye kwape
degenn bandi ak zam sa yo. Jedi 30 mas 2023 a, bandi ak zam, kidnape ankò plizyè moun nan
Pòtoprens ak Dèlma, pami yo, plizyè anplwaye yon makèt. Gang ak zam yo, rive gen nan men
yo anpil gwo mwayen, tankou dron, pou kontinye fè zak kidnaping, nan peyi d Ayiti, dapre sa
jounal ameriken Miami Herald ekri.
Lapolis deplòtonnen nan Vil Okay (Sid)
Ak sipò pakè tribunal sivil Okay la, lapolis nan Sid pwomèt l ap deplòtonnen plis polisye nan
lari, espesyalman nan vil Okay, kèk jou apre bandi ak zam, ansasinen ak bal, 2 komèsan.
Avoka bawo Pòtoprens manifeste
Jedi 30 mas 2023 a, plizyè avoka bawo Pòtoprens yo òganize yon mouvman pwotestasyon,
pou ekzije aktivite yo reprann nan 18 espas tribinal peyi d Ayiti yo, ki paralize depi madi 7
mas 2023 a, akoz grèv grefye yo tanmen an.
10 milyon dola kanadyen pou ranfòse lapolis nasyonal
Mèkredi 29 mas 2023 a, gouvènman defakto a siyen, ak anbasad Kanada nan peyi d Ayiti,
siyen yon pwotokòl akò pou 10 milyon dola kanadyen (yon dola kanadyen vo 115 goud
jodia), ki vle di yon milya 150 milyon goud, pou ranfòse Akademi nasyonal polis la, nan
objektif pou fè fas kare ak klima laterè a.
Nou pa vle solisyon pakoti
«Nou vle yon solisyon, Ayisyèn ak Ayisyen yo va pote, avèk sipò Kominote Karayib yo
(Caricom), nan kriz k ap brase bil peyi d Ayiti a, depi plizyè mwa. Nou voye jete tout lide
pwojè, pou yon lòt fòs militè etranje ta vin deplòtonnen ankò nan peyi d Ayiti». Se pozisyon
Asanble pèp Karayib yo, nan yon lèt tou louvri yo voye bay chèf gouvènman Kominote peyi
Karayib yo (Caricom).
«Tout fòs militè, ki ta vin deplòtonnen ankò nan peyi d Ayiti, p ap pote okenn
solisyon, nan katyouboumbe ki genyen an, menm jan nou te wè Minustah ak Core Group
lakoz gwo dezas, sou teritwa nasyonal la». Se dizon Mouvman sosyal ak politik Repiblik
Dominiken an, nan yon dokiman yo remèt, Santo Domingo, bay anbasad Ayiti a, mèkredi 29
mas 2023 a, nan okazyon 36 lane depi popilasyon an te vote anfavè Konstitisyon 29 mas 1987
la.
Lanfè kidnaping ak ensekirite k ap boulvèse Ayiti kounye a, se rezilta koudeta 29 fevriye
2004 la, dapre ansyen presidan Jean-Bertrand Aristide
Nan yon diskou li pwononse jounen dimanch 26 mas la, nan kad senkyèm seremoni
gradyasyon «Université de la Fondation Aristide» (UNIFA), ansyen prezidan Jean-Bertrand
Aristide denonse sitiyasyon katastwòf Ayiti ap travèse depi kèk ane. Pou ansyen presidan an,
ensekirite ak kidnaping k ap sakaje peyi a se rezilta koudeta 1991 ak 2004 yo
Nan kad diskou pou seremoni gradyasyon yon gwoup etidyan nan UNIFA, ansyen
prezidan Jean-Bertrand Aristide te pwofite bay dizon li sou kriz k ap sakaje bil peyi a. Ansyen
prèt katolik la pa t mete dlo nan bouch li pou li kritike yon seri gwoup politik ki pran peyi a ak
tout pèp la an otaj, epi gaspiye lajan Leta, tankou Gwoup 184 ak ansyen prezidan Michel
Martelly. «Si koudeta 30 septanm 1991 ak 29 fevriye 2004 pa t pote ale konkèt demokratik
yo, anpil nan pitit gason ak pitit fi nan peyi a ta dwe prezan pou fè pouse, ak fyète ak diyite,
devlopman Ayiti nou renmen anpil la. Malerezman, jou fèy tonbe nan dlo, se pa jou a li pouri.
Lanfè kidnaping, ensekirite k ap fin detwi peyi a, se rezilta koudeta 2004 la», ansyen presidan
an deklare, sou aplodisman asistans lan.
Ansyen prèt katolik la rapouswiv : «Lavi tout moun menase anba ensekirite kontra
sosyal sa a. Fòk nou solidè paske soufrans yon Ayisyen se pou tout Ayisyen».
Yon lòt kote, lidè karismatik Fanmi Lavalas la denonse kriminèl ak kravat ki dilapide
lajan PetroCaribe a ak fon CIRH la. Dapre li, moun sa yo ta dwe anba kòd e non dèyè biwo.
«Èske kriminèl PetroCaribe yo entèlijan? Nan rebati Ayiti ak manti pwenti, manti pakoti,
manti sou manti, manti ki pa fouti pa manti, si yo pa entèlijan yo pran pòz yo entèlijan-an !
Kot plas yo ye ? Dèyè biwo ou dèyè bawo ?»
Pou Aristide, si peyi a chaje ak moun entèlijan toujou, gen yon ti gwoup zwililit ki
«entèlijan-an» nan fè mal. «Ensekirite a, kidnaping lan fè nou tout mal. Pri gaz, lavi chè,
blakawout 24/24 la, fè nou tout mal, kout jilèt chomaj la fè nou tout mal, flanm dife grangou a
fè nou tout mal, paske nou tout se frè ak sè. Jodi, demen, fòk nou libere anba fo kwafè ki vle
kale tèt nou wòz», Aristide di.
Ansyen prezidan an pwofite okazyon sa a pou li kritike atitid otorite yo ki bay bandi
legal baryè lib pou teworize popilasyon an epi fè jèn yo pati kite peyi a. «Yo dòmi reve
pouvwa, vire tounen pouvwa pou toujou pran pèp la an otaj, pouvwa pou dechèpiye, san pèp
la pa jwenn anyen, pouvwa pou fè jèn yo pati kite peyi a blanch. Plan rekolonizasyon an klè,
lè nou di Ayiti pou Ayisyen, bandi legal yo jwenn kat blanch pou bay Ayiti san Ayisyen ».
Li rapouswiv: «Frè m sè m kite inosan peye pou koupab se t ap yon gwo erè. Di tout
moun koupab, se t ap yon gwo tonton erè. Kwaze bra n pou mal la vin pi mal se yon kokenn
erè. Se pou sa mwen swete nou tout ki reprezante fòs ekonomik ak fòs politik, louvri lespas
pou pèp la pote fòs pa l nan akouchman sekirite a.»
Pou ansyen prezidan an, tout akò, kote pèp la deyò, pa p kapab ede nan rezoud kriz
plizyè dimansyon Ayiti ap sibi depi kèk tan an. «Tout akò ki pa fè kò ak pèp la ankò, se
akòdeyon, akòdeyon pou chante DO-RE-MI-FASIl sou do pouvwa. Fòs pèp la endispansab
pou akouchman sekirite a». Pati Fanmi Lavalas, ki te siyen Akò Montana, te kraze kite sa, nan
dat 28 janvye 2022, akoz chwa, pèsonalite ki te dwe dirije tranzisyon ripti siyatè Akò sila a,
ap pwone depi kèk tan. Dapre Fanmi Lavalas, te gen konfli enterè nan pwosesis la.
Fòk nou siyale, ak seremoni sila a, Université Fondation Aristide mete sou mache
travay 230 diplome, pami yo: 95 jenn medsen, 22 enfimyè, 24 jiris, 18 enjenyè, 14 dantis, 16
achitèk ak 30 diplôme fakilte syans reyabilitasyon.
Eliacin Evens