HomeHot NewsPWOPOZISYON AYITI-OPA POU REZOUD KRIZ KONJONKTIRĒL LA

PWOPOZISYON AYITI-OPA POU REZOUD KRIZ KONJONKTIRĒL LA

Archives

OPA – OGANIZE POU AVANSE!

Kontèks:

Pèp ayisyen an, nou di gouvènman ki sou pouvwa a ak tout peyi k ap sipòte l yo: nou pa kapab ankò. Wi,  nou bouke viktim anba men teworis asasen ak gang kriminèl k ap fè e defè nan peyi a. Nou deja pase plis ke 14 mwa yon tranzisyon malatchòng ki gen nan tèt li mesye Ariel Henri ki ofri  pèp la yon bilan negatif sou tout plan: sekirite, ekonomi,  jistis,Sante, edikasyon,  devlopman elatriye. Li lè li tan pou ekip ki sou pouvwa a bay peyi a on chans pou nou sòti nan katchoubounbe sa.

Plan ak  Aksyon:

 OPA nan non pèp Ayisyen  ap reklame :

  1. DEMISYON gouvènman  doktè Ariel Henri, Imediatman epi san kondisyon
    1. Nou mande pou Premye Minis Ariel Henri ak tout minis, sekretè deta, dirèktè jeneral ki fè pati gouvènman li an DEMISYONE epi remèt PRESE PRESE pouvwa a  bay yon Egzekitif 2 tèt kap gen ak li yon Konsèy Tranzisyon Rapid (KONTRA).
    1.  Konsèy Tranzisyon Rapid de 9 manm, kap konpoze : 1  manm soti Nan lakou dè kont oubyen ULCC, 1 manm soti Nan pouvwa jidisyè ya, 1 manm soti Nan sektè inivèsitè, 1 manm soti Nan diaspora-a, 1 manm ke 3 relijyon majoritē yo (vodou, katolik, pwotestan) mete tèt ansanm pou bay, 1 manm nan sektè peyizan, 1 manm sòti Nan sektè sendikal, 1 manm ki pa an kontravansyon ak fisc peyi ya soti Nan sektè prive.
    1. 10 palmantè an fonksyon yo dwe jwe yon wòl espesyal nan travay ak tout sektè ki pral fè pati tranzisyon an pou mete sou plas yon gouvènman pou ranplase gouvènman demisyonè a.
    1. Kontra ap gen yon manda pa pi long ke 12 mwa pou ranpli misyon sa yo ke nou pral site nan pwen 2-10.
  • Dekrete Eta ijans ak kouvrefe
    •  Dekte eta ijan epi deklare yon kouvrefe pandan 30 jou pou fasilite restoration lòd ak lapè nan peyi a.
    •  Mete tout fòs sekirite tankou lamarin, lame, lapolis,etc. nan eta alèt maksimal pou deplwaman nan fason pou sipòte tout operasyon kont zak teworis.
    • Monte yon inite ( task force) ki ap gen manm solda Lame Dayiti  ak Inite espesyalize Polis Nasyonal la ki gen pou misyon prensipal mennen operasyon kont tout teworis ak gang kriminèl nan tout kwen nan peyi a.
    • Task Force la dwe gen pou piti 1000 manb ki byen ame ak antrene ki ap gen misyon chak jou pou arete oubyen elimine tout teworis ak gang kriminèl yo kwaze sou wout yo.
    • Ogmante bidjè lapolis, fòs lame, lajistis, CSPN lan ak tout lòt enstans kap patisipe nan goumen kont teworis yo.
  • Pwoteje komès ak biznis ak distribisyon GAZ
    • Asire acha al distribisyon gaz nan tout peyi a
    • Fikse yon pri pou pwodui petwolye yo an fonksyon de enflasyon ak endis ekonomik ki chita sou réyalite Ayiti.
    • Deplwaye lame, lapolis ak tout fòs sekirite disponib pou kontwole Dwa’n yo, Ayopò, Waf, Fwontyè, tout kote ki gen depo gaz ak tout lot pwen estratijik peyi ya.
    • Debloke tout wout ak pon pou machandiz ak machan sikile san kontrent.
  • Batay kont teworis asasen ak gang kriminèl
    • Deklare tout bandi kriminèl ak chèf gang asasen ki koni yo tankou teworis. Pèmèt leta ak lajistis arete, sezi tout byen yo tankou kay ak machinn,  bloke kont  anbank yo, anpeche yo silike nan peyi ak vwayaje kite peyi a..
    • Trete kòm konplis tout moun ki ede yo jwenn yo zam, bal ak  Minisyon, kay, lajan, manje ak tout lòt fòm sipò pou planifye ak egzekite zak kriminèl ak teworis yo.
    • Mete entèdiksyon pou kite peyi a, anile tout dokiman ofisyèl tankou paspò, Kat idantite  tout teworis,  tout kriminèl gangstè ak konplis yo.
  • Ranfòse lajistis ak pwoteje tribinal yo
    • Monte tribinal espesyal oubyen tribinal Popilè  pou asire ke tout teworis ak kriminèl peye pou tout krim yo fè kont pèp la: ke se krim de san,  ke se krim finansye tankou koripsyon ak rakèt.
    • Libere tout prizonye politik epi pèmèt tout sitwayen ki. An detansyon prevantiv pase devan yon jij.
    • Analize posibilite pou retabli pèn de mò pou tout teworis ak kriminel kap fè gwo krim ak masak sou popilasyon an.
    • Etabli limyè sou zak asasinay kont ansyen Prezidan Jovenel Moyiz epi arete e jije tout koupab ak konplis ki te patisipe Nan krim sa.
    • Relanse pwosè sou koripsyon ak gagòt lajan Pwojè Petwo Karibe a.
    • Ogmante bidjè CSPN lan ak pwoteje ajan ak lokal tribinal yo.
  • Oganize eleksyon nan peyi a
    • Monte yon nouvo konsèy elektoral
    • Prepare yon kalandriye pou oganizasyon eleksyon nan peyi a e remèt mayèt la bay yon gouvènman anvan 12 mwa a ekspire.
    • Anpeche tout moun ke non yo site nan krim finansye tankou Pwojè Petwokaribe, chèk zonbi, vòl ak koripsyon nan leta patispe nan eleksyon an kòm kandida.
    • Anpeche tout teworis,  gang ak kriminèl patisipe nan eleksyon yo ni kòm kandida ni kòm sitwayen.
  •  Mete lòd nan Leta
    • Kanpe tout sètifika franchiz an atandan yon audit fèt sou fason enstitisyon ak konpani priveljye yo sèvi ak franchiz sa yo.
    • Ranfòse ak miltipliye kapasite leta Nan koleksyon taks.
    • Kanpe,  revoke tout anplwaye ak enstitisyon leta kap touche lajan leta san ofri okenn sèvis ni travay(chèk zonbi).
    • Redui depans leta yo o minimòm nan aplike mezi osterite.
  • Envesti nan defans ak sekirite nasyonal
    • Fè yon kontra fòmèl ak plizyè milye ansyen militè ki pa enplike nan move zak, e ki gen volonte, pou yo vin ranfòse lame ya, ke nou pwopoze pou patisipe nan batay anti-teworis la, pouw peryòd ki  inisyal de 6 mwa.
    • Bay fòs sekirite legal yo mwayen finans ak lojistik pou yo kap fè travay yo kòm swa dwa.
  • Fasilite devlopman ekonomik :
    •  Monte yon kanpay pou anile dèt Ayiti ak Favorize envestiman nan explorasyon ak eksplwatasyon min ak resources natural nou yo.
    • Pran mezi ekonomik solid pou pèmèt goud la jwenn fòs li pa rapò ak dola ameriken an ak lòt deviz etranje.
    • Pandan peryòd eta dijans ekonomik la, pran desizyon prese prese pou wetire gaz la Nan men patikilye kap toupizi peyi ya Nan fikse pri inilateralman. Leta ap achte, lap revann patikilye yo, ki yo menm, pral distribiye a yon prix ke leta antann ak yo sou li.
    • Fè odit sou enjeksyon lajan ki fèt pou bank komèsyal yo.
    • Atake tout endivi ak antite kap fè espekilasyon nan fòs goud la.
    • Kanpe peyman dèt la apre negosyasyon ak donatè  e enstitisyon tankou BID ak FMI.
  • Pwoteje entegrite ak souverente nasyonal
    • Lanse mobilizasyon 5 mil ak 10 mil jèn solda ak polisye pou yon fòmasyon 3 a 6 mwa  pou ranfòse kapasite leta pou aside entegrite teritwa nasyonal e fè fas ak tout menas teworis nan peyi a ak efikasite e fèmete jan lalwa mande sa.
    • Asire ke fòs sekirite leta okipe ak pwoteje tout teritwa nan peyi a nan deloje teworis ki kenbe katye sa yo an otaj.
    • Ranfòse efektif  ak bidjè POLIFRONT.

Fen

 Pou evite repete menm erè ki abitye fèt nan tranzisyon san okenn misyon klè, fwa nou vle ke ekip ki pral ranplase gouvenman sa konnen sa ke pèp la ap tann de li. Ak plan sa-a, nou espere si yo aplike plan sa yo  sou sipèvizyon ak lidèchip 10 manm sena yo,  Ayiti ap gen chans pran yon souf epi vanse sou chimen devlopman. N ap raple pa Gen pwogrè k ap posib san lapè ak bon jan sekirite nan peyi. Devlopman nan ekonomi ak lasyans repoze sou estabilite politik. Defann enterè peyi nou se yon devwa tout sitwayen Ayisyen san distenksyon klas, koulè, sèks, orijin ak relijyon. Jodi a Ayiti bezwen pou tout pitit li yo travay ansann epi pare pou aji pou sove nasyon an.

Viv Ayiti!

Sitwayen ki siyen nòt sa:

  • Ernso MELAY
  • Yves LUNDY
  • Guerdy FORTUNE
  • Nathalie ALPHONSE
  • Carlos MONTINARD

Journal Haïti Progrès

ingalmazor@yahoo.com

Popular articles

Interrogations sur les motifs de refoulement des Haïtiens munis de visa américain, canadien ou Schengen

Le refoulement des Haïtiens, munis de visa américain, canadien ou Schengen, débarquant dans les...

Conférence de commémoration du 199ème anniversaire de la dette de l’indépendance d’Haïti:

" Impact de la dette de l'indépendance dans le sous-développement d'Haïti"Le Mouvement Point Final...

Instabilite

De l'instabilité sociopolitique dégradante aux ingérences des puissances impérialistes occidentales en Haïti, le peuple...

Mythe ou vérité ? Le peuple haïtien, pour son propre malheur, choisirait-il des bandits comme leaders?

 Les analystes politiques prennent le vilain plaisir de culpabiliser les victimes en guise de...

Latest News

Newsreel

As the presidential transitional council, Conseil présidentiel de transition (CPT) struggles to see if...

Haïti Conseil Présidentiel : le CP Athlétique Club

Le mois d’avril, disent certains, est cruel.  Quand le pain quotidien n’est pas certain,...

221ième de notre Bicolore : et si les ancêtres revenaient parmi nous !

18 novembre 1803 - 18 novembre 2023, 221 années contemplent tristement la création de...
Exit mobile version