HomeHot NewsNouvèl kout an kreyòl

Nouvèl kout an kreyòl

Archives

Yon lòt fwa ankò, machin kidnapin nan frape sektè sante a

Daprè òganizasyon «Nos Petits Frères et Sœurs», madi ki te premye me 202 an, bandi san fwa ni lwa kidnape doktè Jenny Edouard Pierre-Lys ak tout pitit gason l. Nan lide pou pwoteste kont zak sila a, òganizasyon an fè konnen l ap fèmen pòt li. Yon nòt ki pote siyati doktè Jacqueline Gauthier, ki se direktris nasyonal pou «Nos Petits Freres et Sœurs», lese kwè enstitisyon an ap fèmen pòt li, toutotan doktè a ak pitit li pa jwenn liberasyon yo. Yon lòt bò, etidyan Inivèsite Leta Ayiti yo pran lari a pou egzije liberasyon kanmarad yo, Youry Valéry Léonard Dérival bandi te kidnape nan zòn Kanapevè.

Nan Bizoton, 3 jèn tonbe anba bal bandi

Jounen vandredi 7 me 2021 an, nan komin Kafou, zòn Bizoton, Site Chavez, 3 jèn tonbe anba bal bandi sou motosiklèt. Nan menm semen sa a, nan kad yon operasyon lapolis te mennen nan zòn sila a, anviwon 20 moun te anba kòd. Selon enfòmasyon moun nan zòn lan, se inosan sèlman lapolis te arete nan operasyon an. Pandan ensekirite a ap taye banda nan peyi a, pèp la pa konn ki sen pou li rele, ApreDye pa wè lòt bagay ke referandòm.

Dife pete nan lise Jean-Marie Guilloux

Yon gwo dife pete nan lise Jean-Marie Guilloux, jounen vandredi 7 me 2021 an. Prèske tout sa ki te anndan lise a, tounen sann. Erezman, jou sa a, ponpye te vin pote konkou l. Se sa ki fè tout espas la pa pase anba flanm. Pa bliye, lise Jean-Marie Guilloux twouve l nan Katye Bèlè, yon zòn ki pa janm sispann sibi atak anba men «Krache Dife» ki se yon branch nan G-9. Nan sans sa a, plizyè moun nan zòn lan fè kwè se ta gang G-9 la ki komèt zak kriminèl sa a.

Yon mwa avan referandòm lan, kidnapè yo pran poz

Selon yon rapò Sant Analiz ak Rechèch sou Dwa Moun pibliye, nan mwa mas 2021 an, te genyen 27 ka kidnaping, pandan mwa avril la fenomèn kidnapin nan te ogmante a 300%. Pou mwa me a, sitiyasyon an chanje, kantite ka kidnapin yo tonbe atèplat. Selon yon sous pwòch Komisyon Dezameman an, aprè anpil negosyasyon ki fèt ant gwoup gang yo ak Komisyon Dezameman an, gang yo bay garanti y ap pran yon poz. Avan yo pran poz sila a, yo libere tout moun ki te nan men yo. Pou konbyen tan poz sa a ? Si gen moun ki pa konnen, pou kèk lòt, poz sa a bay, nan lide pou gen yon klima sekirite nan peyi a. Klima sa a ka an favè Jovenel, nan pwosesis referandòm lan.

Aksidan sikilasyon yo pa sispann

Selon yon rapò òganizasyon «Stop Accidents» pibliye, soti 3 pou rive 9 me 2021, gen plis pase 38 aksidan ki fèt, kote gen 18 moun ki pèdi lavi yo epi 114 lèzòt, blese. Pami moun ki mouri yo, gen 10 nan yo, se sou moto. Aksidan sa yo fèt nan zòn: Lali, Okap, Dèlma, Bonbad, Okay, Katye Moren, Basen Ble, Lilavwa, Mòn Kalvè. Daprè responsab òganizasyon an, Doktè Garnel Michel, aksidan sa yo pa sispann mete dlo nan je pèp ayisyen an. Nan sans sa a, li mande pou Leta pran responsabilite l.

Nobert Bdouby

Popular articles

BYRON LARS PRESENTS IN EARNEST 

NYFW Spring 2024 By Ann Cooper I will always remember the first time that I came...

Pourquoi ne puis-je pas pleurer, même si je suis triste?

Vous est-il déjà arrivé d'avoir besoin d'un bon cri, mais d’être incapable de pleurer...

La solution à l’insécurité, de plus en plus loin

Les signataires du National Memorandum of Understanding (PEN) annoncent une série de mobilisations, à...

Que dit la Loi? Du Conseil Supérieur de la Police Nationale

Si la loi accorde une certaine autonomie à la Direction Générale de la Police...

Latest News

Le canal d’irrigation de la rivière Massacre, un dossier de discorde, exploité hors de proportion

La presse locale, en Haïti et en République Dominicaine, également des journaux importants des...

La PNH patauge entre nomination et opération

La Police Nationale d’Haïti (PNH) dit entreprendre des interventions à Carrefour-Feuillespour permettre à la...

«Abandon de la Providence, trahison de l’État, naïveté, bravoure ou excès de zèle du PasteurMarco?»

L'événement, qui a un caractère plutôt épique, s'est terminé par une fin tragique. Pourtant,...