HomeNouvèl kout an kreyòlKidnaping doktè yo pa kanpe

Kidnaping doktè yo pa kanpe

Archives

spot_img

Nan yon nòt ki pote siyati doktè Jacqueline Gauthier ak mesye Kenson Kaas, yo deklare ke Òganizasyon «Nos Petits Frères et Sœurs» ap fèmen pòt tout enstitisyon l yo, apati 3 me a, pou egzije liberasyon doktè Jenny Édouard ak tout pitit li, bandi anleve. Desizyon sa a te pran bò kote responsab yo, apre kidnaping ki te fèt sou yon manb pèsonèl enstitisyon an, ki se doktè Jenny Édouard Pierre-Lys, ak tout yon pitit gason li ki rele Noah Sacha Pierre-Lys. Aksyon sa a te pase, samdi 1ye me 2021. Doktè Jenny, se direktris depatman VIH ak sante kominotè nan lopital Sen Damyen.

Nan sans sa a, nòt la enfòme y ap fèmen lopital Sen Damyen nan Taba, sof ka ekstrèm ijans y ap resevwa. Sant Sent Jèmèn pou andikape, nan Taba, ap fèmen. Lekòl Frè Watson Angels of Light, nan Taba, ak Lekòl Sent Elèn, nan Kenskòf, ap fèmen tou. Nòt la presize enstitisyon sa yo ap fèmen, jistan Doktè Jenny Édouard ak tout pitit gason la, libere.

Koze kidnapin lan pa sispann ogmante. Li frape tout sektè anndan sosyete a ki, chak tan yo frape, reyaji nan fason pa yo, pou denonse, pwoteste ak pran desizyon, yon fason pou yo jwenn liberasyon otaj yo.

N ap raple w, nan inogirasyon baraj Maryon an, ansyen prezidan Jovenel Moïse fè konnen 80% kidnaping ki fèt anndan peyi a, se akoz politik. Se te yon fason pou ansyen chèf Leta a montre gen men kache oubyen men politik dèyè fenomèn sa a ki sanble tounen yon antrepriz k ap apovri pi plis, tout kouch anndan sosyete ayisyèn lan.

Pouvwa ap touye militan

Patrickson Morton, tout moun konnen sou non «Ti Blan Tatou», se yon militan konsekan ki t ap batay, san pran souf, kont diktatè Jovenel Mantè a. Li mouri anba bal bandi PHTK ki atake li sou plas Jeremi, zòn Kafou-fèy, nan jou samdi 1ye me a. Bandi sou motosiklèt te bare epi kenbe militan sa a. Apre, yo ba li 2 bal nan bouch li, yon fason pou di li te pale twòp, li te denonse twòp vòl, asasina ke ekip anplas la ap fè nan peyi a.

Ti Blan Tatou pa t janm konn rate yon mobilizasyon kont ekip kriminèl, malfra PHTK yo, epi li se youn nan poto mitan mouvman mobilizasyon ki konn toujou fèt sou Channmas la.

Jovenel Moïse ak Minis enteryè a, Hervé Day, asasinen Ti Blan Tatou, yon fason pou voye yon pinga bay tout militan ki kanpe ankwa kont pwojè referandòm san koutya ak eleksyon bouyi vide nan fo ti mamit makout.

Emmanuel Saintus

Popular articles

BYRON LARS PRESENTS IN EARNEST 

NYFW Spring 2024 By Ann Cooper I will always remember the first time that I came...

Pourquoi ne puis-je pas pleurer, même si je suis triste?

Vous est-il déjà arrivé d'avoir besoin d'un bon cri, mais d’être incapable de pleurer...

La solution à l’insécurité, de plus en plus loin

Les signataires du National Memorandum of Understanding (PEN) annoncent une série de mobilisations, à...

Que dit la Loi? Du Conseil Supérieur de la Police Nationale

Si la loi accorde une certaine autonomie à la Direction Générale de la Police...

Latest News

Dans le dossier du Canal de la Rivière Massacre, la Dominicanie porte le monopole de l’opprobre, mais…

Le dossier du canal d’irrigation de la Rivière Massacre défraie encore les chroniques de...

Kreyol

Bandi nan Kanaran anvayi Komin Sodo, maspinen popilasyon an epi boule Komisarya a Se depi...

Le canal d’irrigation de la rivière Massacre, un dossier de discorde, exploité hors de proportion

La presse locale, en Haïti et en République Dominicaine, également des journaux importants des...