Kidnaping Eveline Sincère
Eveline Sincère, elèv nan klas filo, nan lise Jacques Roumain, yo te kidnape a, paske pa t gen lajan pou peye ranson kidnap yo te ekzije a, yo vyole li, yo tiye li epi yo lage kadav li sou yon pil fatra, nan Delma 24.
Yo te kidnape jenn demwazèl sa a, depi jedi 29 oktòb, sou wout Delma, pandan li t al kay mennaj li. Bandi yo te mande san mil (100 000) dola, men, aprè negosyasyon, yo rete a kenz (15) mil. Gran sè Evelyne lan fè konnen se demen lendi 2 novanm lan, li t ap gen pou l pote kòb la, men kidnapè yo te fè konprann yo pa ka tann, akòz yo pa gen kote pou yo gade moun.
Kidnapè yo te ekri gran sè Evelyne sou whatsapp li, pou yo fèl konnen yo pa gen plas pou kenbe moun ankò.
Ebyen, dimanch pwemye novanm, nan granm bonè, nan antre Delma 24, ki sou Nazon an, moun nan zòn yo te wè kò yon jenn fi sou yon pil fatra. Nouvèl gaye te rive nan zòrèy gran sè a. Lè li rive sou plas, li konfime se byen ti sè l la, Evelyne Sincère, bandi fini vyole epi touye l, lage l sou pil fatra a. N ap raple Eveline te fenk fini konpoze nan egzamen ofisyèl pou klas filo e li te gen 21 lanne sèlman.
Sanwont ak volè se menm
Nou pa kapab rive konprann nan ki nivo yon seri moun sanwont nan peyi Dayiti. Nen yo frèt pase nen chyen. Nan nivo malsite peyi a tonbe ak pouvwa volè sa a, ti gwoup moun sanwont sa a yo fè nen yo byen frèt pou ale ede prezidan Jovenel Moïse volè ak kraze peyi a, plonje l nan labou santi, pi plis toujou.
Gen yon laj ou rive, menm si w ta grangou, fò w pa montre w visye. Wi, se enpòtan, 5 malfra sa yo ta dwe eskplike ak nasyon an, rezon ki fè yo chwazi al ede Jovenel vòlè lajan peyi a. Rejim kriminèl kowonpi PHTK a, nan tèt peyi a atravè Martelly, kraze e piye Leta, pou kontinye l atravè Jovenel. Se menm kabrit tomazo a, pase pranm, m a pase chèche w, senkant kòb ak de gouden.
Lè a chanje nan peyi d’Ayiti
Atravè yon kominike, gouvènman peyi d’Ayiti nan Pòtoprens anonse popilasyon an, ajan sektè prive ak piblik, ke arete 7 mas 2012, sou chanjman lè a, ap antre an aplikasyon premye dimanch mwa novanm. Daprè arete a, premye dimanch mwa novanm lan, apati 2 zè di maten, lè a ap rekile de 60 minit.
Ayiti selebre Jounen Lang ak Kilti Kreyòl
28 oktòb batize Jounen Lang ak Kilti Kreyòl, yon jounen ki pa t pase inapèsi nan Pòtoprens. Akademi Kreyòl Ayisyen an te selebre, nan dat 28 oktòb 2020 an, Jounenn Entènasyonal Lang ak Kilti Kreyòl, nan yon seremoni ki te dewoule nan Palè minisipal Dèlma a, an prezans yon latriye otorite nan Leta ak sektè kiltirèl ak edikatif ki pa janm sispann milite pou lang kreyòl nan peyi D’Ayiti. Pami pèsonalite ki te prezan nan seremoni an, moun te ka remake Premye Minis, Joseph Jouthe, akademisyen yo, sekretè Leta alfabetizasyon, Hervé Saintilus, ak yon latriye lòt pèsonalite tankou: ansyen premye minis Evans Paul, direktè Direksyon Nasyonal Liv (DNL) Jean Emmanuel Jacquet, direktè jeneral ministè Kilti ak Kominikasyon Camy J. Depas
Emmanuel Saintus