Nouvèl Kout nan Sidès
Rezo Veterinè entèdepatmantal ak Lameri Jakmèl te mobilize pou sansibilize elvè yo, sou idantifikasyon bèt yo, jis pou bare wout pou vòlò k ap dechèpiye elvaj yo. Konsa, doktè Michel Chancy ak Joseph Samedi te denonse fenomèn ensekirite sa a epi pwopoze plan pou idantifye chak tèt bèt.
Senatè Joseph Lambert bat bravo pou lapolis k ap trake bandi epi li pwopoze pwemye minis nonmen a, Jean-Michel Lapin.
Yon dife, wout bloke
You dife pran nan kay Maurice Philogène (koni sou non Louloune), toupre komisarya a. Ponpye pa t ka pase pou pote sekou. Se gras ak popilasyon an ki te leve kanpe pou bay men fòt pou touye dife a, yo rive a bout li. Kesyon ap poze kounye a pou konnen sa ki fè ponpye pa t ka pase. Pou anpil moun, se paske wout devan komisarya a toujou fèmen ak vye machin ak fatra, menm jan tou, gen plizyè kote ki bare, tankou: wout Sent- Elèn, devan simityè, ak wout Zoranje. Poutèt sa, popilasyon an mande otorite leta yo pou debloke tout wout ki fèmen, epi, anpeche foutbòl nan lari yo. Patikilyèman, debare devan komisarya a, bay bon egzanp demokratik pou ka gen sekirite. Bare wout egal dezòd ak ensekirite.
Yon kadav yo pa ka idantifye
Popilasyon zòn Latitans, yon lokalite touprè plaj Lasalin, te leve jwenn kadav yon jèn fanm nan yon movèz eta epi yo pa t ka idantifye li, kidonk, M. Jean Jeudy, defansè dwa moun, te mande otorite yo pou pran bon jan mezi pou anpeche vye zak sa yo repete, paske se tout tan moun ap mouri konsa nan menm zòn nan. Epi li di: «sa se pa nòmal. Fòk gen limyè ki fèt sou vye zak sa yo.»
Jistis
Batonye lòd avoka Jakmèl yo, Mèt Luc François, avèk Mèt Ronald Charles, te pran mikwo laprès pou enfòme popilasyon an, ansanm aktivite yo mete anplas pou pèmèt jistis la pran jaret, paske y ap demare plis relasyon jistis ak lapolis, atravè yon seri konferans deba ak lòt ankò ki te kòmanse mwa me a, nan objektif pou asire konfyans nan jistis la, sou tèm: «dwa ak devwa.»
Jean Claude Mondésir