HomePito nou lèd men nou la ?

Pito nou lèd men nou la ?

Published on

Archives

Sa se yon pawòl piman bouk ki sòti nan bouch anpil Ayisyen, pou remonte moral yo, lè yo reyalize sa yo jwenn kòm rezilta a se pa sa yo t ap tann lan. Kidonk, depi yon konpatriyòt echwe nan yon inisyativ oubyen nan yon projè, olye li chèche konprann sa ki lakòz echèk la, li jis bat lestomak li sèt fwa pou l di : «  pito m lèd, m la ».

 

Tout ti rale-mennen-vini sa a, se pou m rakonte w gwo manman sipriz ki te anvlope m lè m te wè tout bèl seremoni, tout gwo selebrasyon ki te fèt pou ti medam ki t al reprezante Ayiti, peyi nou, nan Koup di mond foutbòl fanm ki t ap dewoule nan peyi Lafrans.  Wi, yo merite anpil bravo paske yo te la. Yo te rive nan ti bout lis peyi kote foutbòl fanm ap boujonnen. Men, apre yo te pèdi 3 match youn dèyè lòt, yo oblije fè malèt yo pou tounen an Ayiti.

Si bèl jwèz nou an, ki rele Nerilia te bay ekip Almay lan 2 gòl, se te yon dekabès ki pa t pèmèt nou asiste tiraj nan lotri Lafrans lan.  Rezon an, se paske yo te gen tan ronfle nou ak 3 bout gòl ki te tankou twa gwo souflèt ki te sifi pou koupe souf nou. N ap bat bravo pou Neri,  gòl komestik yo, demwazèl la li menm pou tèt pa li, te pete kriye. Lawonte sanble te anvayi l. Yon emosyon ki montre jan li te pran chanpyona sa a oserye. Selon mwen menm, se yon fason, Neri te chwazi pou di tout peyi a li te regrèt bagay yo pase mal.  Li te regrèt, paske li konnen pèp la t ap tann lòt rezilta.  Parèyman, tout lòt foutbolèz ki te pete kriye dlo tankou li, nou te merite konsole yo. Nou te bezwen tande nou di yo : nou konprann ke kou a fè nou tout mal. Ann prepare nou pou nou ka fè pi bèl pèfomans prochèn fwa.

 

Malerezman, depi anndan Lafrans, premyè Dam Repliblik Dayiti a, pa t regrèt al fè foto ak ekip peyi Lachin ki te fin sapata nou.  Gen moun pou defann vye jès sa a tonbe pale de fèpley (Fairplay). Men « watèvè » bagay yo rele fèpley a, devan yon peyi ki sòt imilye nou devan je lemond, koze prezidan oubyen madan prezidan al tire foto ak ekip advèsè a, plis sanble  ak fè-wont ke fèpley.  Pou agrave bagay la pi plis.  Gouvènman peyi nou deside fè plis granpanpan angiz yon ti konsolasyon dèyè rido, nan fè ti medam yo yon sipriz ke yo pa ni espere ni merite.  Medam yo rantre  an Ayiti ak tout lawonte. Men le yo rive Ayeropò, yo sezi pou wè, madan prezidan ki sanble pa gen twòp bagay pou l regle, te vin akeyi yo.  Jounalis fè kenken. Medam yo transfòme 3 defèt lawonte nan yon rantre kòm gwo fèt, yon viktwa yo te pote bay peyi a. E la tou, tout moun tonbe chante, fredone ansanm : «Nou te lèd, men nou te la».

 

Gade yon salmanaza ! Nan kisa Ayiti tonbe la?  Kòmsi on ti peyi pòv konsa depanse tout lajan pou voye kèk atlèt al reprezante l pandan nou kite lopital ak malad kap trennen san swen.  Doktè ki ap fè grèv paske yo pa touche. Kantite timoun grangou , kwatchòkò, k ap mouri ak malnitrisyon. Nou retire lajan nan bouch pèp sa a ki pa nan travay pou nou voye foutbolèz sa  yo, al batay pou leve diyite n, al defann fyète n.  Tout gagòt sa yo fèt pou yon rezilta dezonè.  Nou pa menm fè yon match nil, alewè pou nou ta bat yon ekip menm yon fwa. Epi, figi nou di konsa, nou tèlman sanwont: n ap bat bravo? Bravo kisa ?

 

Konpatriyòt, vin eksplike pèp ki nan mizè ak chomaj pou kisa nou depanse tout lajan sa a pou n al fè lèd sèlman.  Li lè li tan pou nou koumanse di,  olye n peye pou n al fè lèd pito n pa la. Jenerasyon foutbòl gason an 1974, te reyalize menm bagay yo. Jis jounen jodi a, jounalis ap pale nou te bay Itali yon bout gòl.  Men yo pa p di lajenès ke Ayiti te pran 7 a zero nan men Lapolòy. Non jamè ! Nou pap raple pèp la, menm yon ti match nil nou pat fè nan koup-di-mond sa a.

 

Politisyen tout koulè, tankou kameleyon pa p rate yon okazyon konsa.  Mwen tande plizyè depite ap pote solidarite yo pou rekonpanse medam yo pou bèl defèt sa a.  Chanm Depite vle transfòme tèt li an esponsò ofisyèl pou foutbòl.  Sa vle di, nan pwochen aktivite espò, pa sezi si nou wè mayo atlèt nou yo make «  Koutwazi  Chanm Depite a».  Gade jan moun yo ka fè lèd nan yo ti peyi. Tout sa, jis pou yo ka di yo te la.  Ala traka mezanmi !

 

Ayisyen, frè m ak sè m, konpatriyòt mwen yo, ann sispann al nan konpetisyon jis pou nou ka di nou te la.  Ann sispann peye gwo lajan epi jis al fè lèd devan lòt nasyon ki pa janm regrèt pale nou mal. Si nou vle pote non Grenadye oubyen Grenadyè, ann  di an granmoun :  Alaso.  Ann travay ansanm pou pote laviktwa bay yon nasyon ki swaf sa anpil anpil.  Sitwayen, koze Grenadye al fè lèd dwe fini Jodi a. Sinon , pita ap pi tris.

Mèsi

Rodelyn Almazor

[email protected]

 

Popular articles

Deklarasyon Sem Edgard Leblanc Fils devan lanasyon, jou dimanch 6 oktòb 2024

1. Konpatriyòt Ayisyen anndan peyi a tankou sila ki lòt bò dlo oubyen lòt...

79 ème Assemblée générale ordinaire des Nations Unies :

Le Mouvement Point Final salue le discours du Conseiller présidentiel, Edgard Leblanc Fils à...

Croix-des-Bouquets : La Nationale #8, débloquée par la PNH

La Police nationale a réalisé une intervention dans la commune de la Croix-des-Bouquets vendredi...

14 août 2021 – 14 août 2024, 3ème anniversaire du séisme meurtrier du Grand Sud d’Haïti :

3 ans après, aucun projet de reconstruction du Grand Sud, a constaté le Mouvement...

Latest News