HomeNòdwès: Rara Bochan

Nòdwès: Rara Bochan

Published on

Archives

Vandredi 30 mas 2018 la, yon senkantèn Band Rara, ki sòti nan divès komin nan depatman Nodwès la, te rasanble nan zòn Bochan, 4e seksyon komin Pòdpè, pou vin patisipe nan konkou Katèl KASEK ak ASEK la t ap òganize pou rara e ki te gen pou tèm li : «rebwazman». Plizyè milye moun te fè deplasman pou vin asiste bèl cho bann yo ap remèt. Kòdonatè katèl la, Monmis Ervilus ki se prezidan komite kiltirèl rara epi Ati nan relijyon vodou a, te reyaji nan diskou li pou di: «rara a, se sèl espas yon peyizan genyen pou defoule li. Mwen pa konprann jan leta santral la pa janm panse pou rara vin yon tradisyon nasyonal toutbon vre.» Li kontinye pou l di se kabare l ap pase chak lanne, pou li jwenn mwayen pou l kenbe aktivite sa a. Li pwofite mande senatè ak depite yo pou yo vote bonjan lwa epi fòse minis Kilti a pou mete pwovizyon nan bidjè, pou retire rara a nan kras ak nan mande. Te genyen prezans kèk reprezantan nan leta a tankou : vis delege awondisman Pòdpè, Anseigno Jeantinord, direktè depatmantal Nòdwès la, Benedic Calixte, ak plizyè lòt chabwak pami yo : Erve Germain : prezidan nasyonal Vodou, Agenord Wilner : kandida malere pou pòs depite nan 50e legislati a pou komin Pòdepè a, Alceille Adieudon : yon kandida malere pou pòs depite komin Pòdepè ki te reprezante PPN nan rara. Aprè rapò komite kiltirèl la ki pa t vle bay rezilta sou plas, pou evite twòp derapaj, jounal Haïti Progrès aprann Band ki premye a ap jwenn 15 000 goud, 2e nan 10 000 goud, 3e nan 7 000 goud, tout res yo ap jwenn prim konsolasyon ki se 5 000 goud, popilasyon an te bat bwavo lakontantman pou di : katèl KAZEK la avi.

Alceille Adieudon

Popular articles

Deklarasyon Sem Edgard Leblanc Fils devan lanasyon, jou dimanch 6 oktòb 2024

1. Konpatriyòt Ayisyen anndan peyi a tankou sila ki lòt bò dlo oubyen lòt...

79 ème Assemblée générale ordinaire des Nations Unies :

Le Mouvement Point Final salue le discours du Conseiller présidentiel, Edgard Leblanc Fils à...

Croix-des-Bouquets : La Nationale #8, débloquée par la PNH

La Police nationale a réalisé une intervention dans la commune de la Croix-des-Bouquets vendredi...

14 août 2021 – 14 août 2024, 3ème anniversaire du séisme meurtrier du Grand Sud d’Haïti :

3 ans après, aucun projet de reconstruction du Grand Sud, a constaté le Mouvement...

Latest News