HomePiblikasyon yon èv sou relasyon literè Ayiti-Kiba

Piblikasyon yon èv sou relasyon literè Ayiti-Kiba

Array

Archives

spot_img

Semenn sa a, nan Laavan, pi presizeman nan Sal Che Guevara, se te prezantasyon 8 liv ki te genyen pri literè Casa de las Americas 2017 la. “Una suave, tierna línea de montañas azules, Nicolás Guillén y Haití”, yon liv Emilio Jorge Rodriguez te ekri, te vann tankou pate cho. (Nicolas Guillen se powèt nasyonal Kiba.)
Rodriguez te pran la pawòl, li menm, pou eksplike pouki sa li te reyalize gwo rechèch pou ekri dokiman sa a. Li te afimen: «Mwen te bouke tande nan laprès, chak fwa yo te nonmen non Ayiti, se peyi ki pi pòv nan Amerik Latin lan. Non, se yon peyi ki rich ak yon kilti divès ekstraòdinè – kit se penti, eskilpti, dans, mizik – san pale de literati ki vrèman san parèy».
Fòk mwen fè remake, Rodriguez pa yon desandan ayisyen men yon Kiben pito blan. Liv rechèch sa a gen 3 blok ladan l ki rele: «De listwa», ki rapwoche kote Rodriguez trase echanj ant Ayiti e Kiba depi epòk Atwèy; «Dyalog horizontal», ki abòde Ayiti nan literati kiben ak Kiba nan literati ayisyen ; epi «Nicolás Guillén: vizit memorab ann Ayiti» a.

Nan fen liv la, gen yon bibliografi long, ki se repèkisyon vizit Guillén nan laprès ayisyen epi detay jou pa jou vizit Guillén ann Ayiti, kote li vin zanmi Jacques Roumain, Roussan Camille ak Philippe Thoby-Marcelin, pami dòt entelektyèl ayisyen.
“Una suave, tierna línea de montañas azules, Nicolas Guillen y Haití” te ranpòte konkou Casa de las Americas nan kategori Pri pou etid sou prezans Nwa ann Amerik ak Karayib kontanporen an.
Anna Kovac

Popular articles

BYRON LARS PRESENTS IN EARNEST 

NYFW Spring 2024 By Ann Cooper I will always remember the first time that I came...

Pourquoi ne puis-je pas pleurer, même si je suis triste?

Vous est-il déjà arrivé d'avoir besoin d'un bon cri, mais d’être incapable de pleurer...

La solution à l’insécurité, de plus en plus loin

Les signataires du National Memorandum of Understanding (PEN) annoncent une série de mobilisations, à...

Que dit la Loi? Du Conseil Supérieur de la Police Nationale

Si la loi accorde une certaine autonomie à la Direction Générale de la Police...

Latest News

Dans le dossier du Canal de la Rivière Massacre, la Dominicanie porte le monopole de l’opprobre, mais…

Le dossier du canal d’irrigation de la Rivière Massacre défraie encore les chroniques de...

Droit

France: Projet de loi pour contrôler l'immigration, améliorer l'intégration Régularisation des travailleurs sans papiers dans...