HomeImigrasyon Etazini retire Ayiti nan pwogram viza H-2A

Imigrasyon Etazini retire Ayiti nan pwogram viza H-2A

Published on

Archives


Se te an janvye 2012 ke ansyen prezidan Barack Obama te twouve ke Ayiti te dwe nan lis peyi ki gen moun ki ka vin travay nan jaden, nan keyi zoranj, pòm, tomat, zonyon, elatriye.
Li difisil pou detèmine konbyen imigran ki gen viza H-2A. Men, selon rapò ofisyèl Depatman Travay ameriken (DOL an anglè ki vle di Department of Labor), pa ane, gen plis ke 100 mil demand ki fèt pou viza sa a. Ak DOL ki sètifye epi aprouve plis ke 85% nan demand sa yo, sa fè plis ke 80 mil moun ki sou program H-2A, an mwayèn. Konbyen viza ki konn rive jwenn Ayisyen?
Ki konsekans anilasyon viza H-2A sa a gen sou Ayiti ?

Si nou gade chif yo, depi 2012, dat nou te antre nan pwogram sa a, sete Meksiken ki te toujou ap banbile ladan l. Ak plis ke 61 mil travayè nan sèl ane 2012 la. Lè nou ta gade kantite viza Ayisyen jwenn nan yon sèl jou nan men Dominiken, nou ka di se te pou lafòm yo te mete Ayiti nan pwogram H-2A a, paske sistèm lan pa t ede Ayisyen vrèman pwofite de viza k ap simaye bay moun ki pa gen gwo metye epi ki kapab keyi zoranj, pòm, patat, leti elatriye.

Nan ane 2017 la, gen sous ki konfime ke se sèlman 72 Ayisyen ki te sou viza H-2A. Donk, si nou ta fè kèk ti kalkil, se t ap prèske 7 Ayisyen sèlman ki te jwenn viza sou anviwon chak 10 mil viza sa a Ameriken bay pou al travay nan jaden. Kòmkidire se yon grenn Ayisyen ki jwenn viza sa a sou mil moun. Ann di pito : yon ti grenn wòch nan yon mamit diri. Malgre sa, blan Meriken yo deside retire nou nan lis peyi ki ka jwenn viza H-2A.


Men sa ki fè Ayisyen ki Ayiti tankou nan diaspora a mal anpil, se paske desizyon an parèt sou yon fòm reprezay kont nasyon nou an. Se yon lòt atak malonèt, apre koze tout Ayisyen gen sida ak Ayiti se yon peyi « twou kaka ». Yo sèvi ak 2 vye rezon pou avili nou :
1. sè ke Ayisyen fè anpil magouy,
2. nou pran twòp refi.

Pou koze magouy la, menm si nou ta gen ti twou nan manch vre, men ak ti kantite Ayisyen ki jwenn viza sa a pa ane, mwen pa wè ki fwod yo di nou fè an kantite a, alòske gen plis ke 40 mil Meksiken ki konn jwenn visa H-2A. Epi pou lòt koze refi a, n ap raple yo pa bezwen pran pòz pran pitye pou nou, paske se menm yo menm lan ki pran plezi gaspiye nou ak refi. Lè nou fè ti konparezon ant Ayisyen ak Meksiken : si se pou fizik, pou travay anba solèy cho, Meksiken pa kanpe devan nou. Antouka, fòk nou fè yo sonje tou ke yo pa janm remèt yon dola nan 460 dola ameriken yo pran pou yon aplikasyon viza H-2A a. Donk se vann yo vann refi yo, yo pa fè okenn kado. Nan sans sa a, moun sa yo pi rèd ke wougan. Depi lajan antre lakay yo, li pa p sòti. Pa okipe okenn diskou politisyen blan meriken, machann refi, vinn plenyen paske Ayisyen pran twòp refi. Tout se pawòl van!
Nan dosye mawon sou viza lè yon moun antre Etazini kòm vizitè, Kanadyen ak Meksiken se 2 gwo chanpyon. Si nou voye je nou sou estatistik depatman imigrasyon bay, nan pwen sa a, pou lane 2016, se preske 100 mil Kanadyen ak 42 mil Meksiken ki te kraze rak. Ayisyen pa menm nan lis 10 gwo peyi move zafè yo. Men se sou do Ayiti y ap monte: maten, midi, swa. Si sa pa yon konpòtman rasis oubyen diskriminasyon, tanpri, ede nou konprann kijan fè Ayisyen tounen kat make pou granmesi ?


Tout move trètman sa yo, se akoz politisyen ki pran peyi a pou yon jaden bannann, kote lajan leta tounen fig mi anba dan yo. Pou jan lakay nou, nou pa neglije priye, pran lari ak bèl foto Vyej Mirak, mache òganize gwo kwazad ak pastè popilè lakay, pastè vedèt nan diaspora, gwo pastè blan je vèt ak profèt milyonè Afriken, pou jan gen nan nou ki pa neglije limen bouji nan dèyè pye mapou, pouki peyi a pa pi avanse? Konsa, nou pa ta gen pou nou kite li, al pran desepsyon lakay move vwazen?

Antouka, sòti Sendomeng, pase Bahamas, Chili, Sirinam, Lagiyann, Meksik pou rive Etazini, tout nasyon montre yo bouke ak Ayisyen. Menm jan nou te pran lari nan Miyami, nan Nouyòk, an Ayiti pou nou te di Prezidan Trump pa di nenpòt bagay sou peyi nou, konsa tou, nou dwe mete tèt ansanm, pran desizyon pou nou chanje figi Ayiti tout bon vre. Ann leve kanpe kont tout move je ki anpeche peyi a mache. Ke se je vèron, je wouj ou je vèt, ann di yo : derespektan an dwe fini. Ann travay ansanm pou Ayiti ka granmoun tèt li. Konpatriyòt, li lè li tan pou nou pran avni ak devlopman peyi a o serye. Men anpil chay pa lou!

Rodelyn Almazor

[email protected]

Sous
• U.S. Dep’t of Labor, Foreign Labor Certification Data Center, Case Disclosure Data, http://www.flcdatacenter.com.
• https://www.uscis.gov/news/alerts/uscis-announces-countries-eligible-h-2a-and-h-2b-visa-programs
• https://www.federalregister.gov/documents/2018/01/18/2018-00812/identification-of-foreign-countries-whose-nationals-are-eligible-to-participate-in-the-h-2a-and-h-2b
• https://www.foreignlaborcert.doleta.gov/pdf/OFLC_Annual_Report_FY2016.pdf
• https://www.uscis.gov/sites/default/files/files/form/i-129instr.pdf
USCIS, “New Law Increases H-1B and L-1 Petition Fees,” last updated January 12, 2016
• https://www.uscis.gov/news/alerts/new-law-increases-h-1b-and-l-1-petition-fees
• http://globalworkers.org/sites/default/files/visafiles/DHS%20press%20on%20H-2%20source%20countries%201.13%20.pdf
• https://fas.org/sgp/crs/homesec/R42434.pdf
• https://www.foreignlaborcert.doleta.gov/pdf/oflc_annual_report_fy2015.pdf
• http://globalworkers.org/iii-h-2a-workers-us-%E2%80%93-figures#footnoteref87_jmx35mq

Popular articles

Deklarasyon Sem Edgard Leblanc Fils devan lanasyon, jou dimanch 6 oktòb 2024

1. Konpatriyòt Ayisyen anndan peyi a tankou sila ki lòt bò dlo oubyen lòt...

79 ème Assemblée générale ordinaire des Nations Unies :

Le Mouvement Point Final salue le discours du Conseiller présidentiel, Edgard Leblanc Fils à...

Croix-des-Bouquets : La Nationale #8, débloquée par la PNH

La Police nationale a réalisé une intervention dans la commune de la Croix-des-Bouquets vendredi...

14 août 2021 – 14 août 2024, 3ème anniversaire du séisme meurtrier du Grand Sud d’Haïti :

3 ans après, aucun projet de reconstruction du Grand Sud, a constaté le Mouvement...

Latest News