HomeDemokrasi la Tousen

Demokrasi la Tousen

Published on

Archives

Nan peyi nou, Ayiti, mwa doktòb ak novanm se mwa yo ki gen anpil aktivite. Se mwa yo ki chaje jou konje pou moun ki nan gwo djòb, bèl djòb ak bon djòb. Kòm nou konnen peyizan pa gen jou konje, m ap pale de moun lavil yo. Petèt se sak ka eksplike ki se nan peryòd sa prezidan peyi n te rankontre ak gwoup katolik, protestan ak voudouyizan cache pran on souf kont tout opozan ki ta vle menase pouvwa l ?

Ann kite priyè pou n pran kantik. Se mwa doktob, disetyèm jou nou selebre gwo zak asasen ak machann peyi yo te fè  sou toro gronde sa nou sa a nou rele papa Desalin.  Gen moun anvan menm jou sa rive, lespri Desalin sanble vizite yo. Lwa desalin pa ka tann premye novanm pou danse nan tèt anpil swadizan patriyòt. De semèn apre, se tout kalte lwa k ap monte Ayisyen ki sèvi nan gran lakou. Premye novanm rive tout gede pran lari. Si w te pran pòz gwo kretyen legliz ou, veye zo w paske jou sa nenpòt lwa kap monte w tankou chwal fè tout moun konnen kiyès ou ye ak kisa w sèvi. Selon kretyen katolik se jou pou yo selebre tout moun ki mouri kom ti sen e ki ap taye banda nan paradi. Se fèt latousen. On jou apre, pa gen travay, se se fet moun kip a mouri sen ou tout ti sendenden pou fanmi yo al priye mande Granmèt la on chans pou moun sa yo antre nan paradi selon jan legliz katolik eskplike sa. Antouka, lakay ke moun lan katolik, vodouyizan, protestan oubyen li pa kwe nan anyen, yo tout jwenn de jou pou yo banbile. De jou san lekol san travay.Se 2 jou kretyen katolik ak vodouyizan sanble fè on sèl pou bay respè ak diaspora k ap viv nan peyi san chapo.

 

 

Lè m te piti m te panse fèt latousen se te on fason pou Ayisyen fete gwo toro gason sa yo  te rele Tousen.  Kòm anpil istoryen fè konprann msye te on ti sen  sitou youn ki te sakrifye lavi l pou konviksyon li, pou peyi te gen on ti mwayen bwase anba kolon blan oubyen si n ap pale kòm save nou ta di msye te batay pou Ayiti te ka gen ti Otonomi. Rèv Tousen se te pou Ayiti  pat jis peyi pou bèl men on bèl depatman nan peyi Lafrans. Men pou kisa nou pa fete Tousen jou Latousen ?  Lè m ap grandi m koumanse konprann menm nan legliz majorite Sen ke nou fete se blan yo . Se petèt sa ki fè ni Tousen ni Desalin pa gen estati nan kanpe nan legliz?

 

Tank lane ap pase, se plis m ap konprann lakay anpil fèt n ap fete, se mouche blan ki di nou ki jou pou fete, ki fèt pou n fete epi pafwa menm kijan nou dwe fete.  Ou panse se pa vre ? Poze tèt nou kesyon, si w te Rochambeau, Bonapat ou tande yo asasinen Desalin, eske w pa t ap fete jou sa? Jou key o te asasinen yon enmi ki te imilye w devan lemond ? Si pèp Ayisyen te vreman konprann travay, batay Desalin t ap menmen an, jou lanmò trajik sa, se t ap jou dèy nasyonal, jou pou manifestasyon pou mande jistis, jou pou fè prizonye gras, jou pou dyalòg fè ant politisyen nou yo, jou pou jenn moun ak granmoun panse ak lavni peyi a. Okontrè, se jou gouvènman ap trennen anpil gwo blan, pitit pitit kolon dèyè yo pou fè diskou epi tann etranje sekwe tèt, bat bravo pou yo. Gouvènman sou gouvènman, militan sou militan, politisyen apre politisyen yo youn pa leve vwa yo pou mande jistis pou krim sa kont Papa Desalin. Yo p ap fè sa, paske yo toujou nan konflyolo ak pitit pitit Petyon yo, moun po jòn yo, moun anwo nan mòn yo. Yo kontinye ap fè koripsyon ak  gran nèg magwouyè.

18 Novanm Vètyè, se plis solda blan ki pral banbile mache bwè byè. Drapo blan ap file byen toupatou nan peyi ke Desalin te di : « du sol soyons seul maîtres». Moun ki gen nostaliji pouvwa zam ak koudeta pral pran lari mande lame. Men yo pap gen kouraj pou yo mande tout gwo Jeneral yo ki sa yo te fè ak lame a? Pou ki yo te vann tout ti solda yo bay monblan pandan yo menm yo pran egzil dore ak anpil milyon biyè vèt. Eske kont lame. Non, m jis pa pou lame popetwèl. M panse se t ap bèl bagay si nou ta gen on lame tankou lame Desalin lan, nou tap fè dominiken respekte nou. Malerezman, lame yap pale de li a, se on lame pou bat ak touye pèp, on lame tchoul blan. Karavan demokrasi la Tousen an pral monte Vètyè chaje ak blan je vèt : BID, LONI, Inyon Eropeyèn, anpil moun gwo zouzoun MINIJIP ak anpil patizan pou al distribye nouvo kit bannann lan. Mouch blan BID ak Nasyonzini yo menm rive deklare zafè moun ki pa kouri pran on woulib paske p ap manke milyon nan tank Karavan lan. Pye kout pran devan!

 

Dirijan ak politisyen nou yo nan konbinezon ak gran nèg boujwa ti lolit, nan mafyozo ak blan profitè fose sele pèp la ak on sak pay demokrasi la Tousen k ap kokobe n chak jou. Menm jan ak Tousen, yo vle montre n nou pa esklav ankò men fòk nou toujou rete tèt anba devan blan.  Se blan ki di nou ki kandida ki bon kandida. Ki eleksyon ki bon eleksyon epi anplis ki rezilta ki aseptab. Dirijan ak politisyen nou yo, Yo tout se ti Sen. Youn ap lonje dwèt sou lot kom move je. Yo toujou di se sèl yo ki ka chanje bagay yo. On kote, on gwoup ki swadizan nan opizisyon ap chante on sèl kantik: Rache manyòk. On kote, on lòt gwoup ap bat lestomak yo nan di Timari p ap monte Ti mari pap desann, jaden nan manyòk la rete la. Ak moun say o, n ap di yo, on jou fòk pèp la ap fè yo konprann: peyi se pa jaden manyòk manman yo, pinga yo vin koupe rache jan w vle! Pou lòt yo, ke yo sispann kalbende, gagote nan jaden manyòk pèp la paske papa yo se bannann  li konn plante! Se pèp sèl ki konn plante manyòk, se li konn ki lè manyòk bon pou rache!

Rodelyn Almazor

[email protected]

Popular articles

Deklarasyon Sem Edgard Leblanc Fils devan lanasyon, jou dimanch 6 oktòb 2024

1. Konpatriyòt Ayisyen anndan peyi a tankou sila ki lòt bò dlo oubyen lòt...

79 ème Assemblée générale ordinaire des Nations Unies :

Le Mouvement Point Final salue le discours du Conseiller présidentiel, Edgard Leblanc Fils à...

Croix-des-Bouquets : La Nationale #8, débloquée par la PNH

La Police nationale a réalisé une intervention dans la commune de la Croix-des-Bouquets vendredi...

14 août 2021 – 14 août 2024, 3ème anniversaire du séisme meurtrier du Grand Sud d’Haïti :

3 ans après, aucun projet de reconstruction du Grand Sud, a constaté le Mouvement...

Latest News

Fusillade des journalistes à l’hôpital général :

Le Mouvement Point Final dénonce le mauvais traitement des journalistes blessés à Cuba.Depuis le...

Haïti/ USA, crise migratoire :

Le Mouvement Point Final annonce au Département d'État américain que la déportation des Haïtiens...

Massacre à Kenskoff : Le laxisme des autorités….

Le Maire Jean Massillon de Kenscoff, reste prudent sur le bilan de l’attaque des...