HomeHot NewsBandi ame kidnape Marc Théagène, administratè Radyo-Tele karayib (RTVC)

Bandi ame kidnape Marc Théagène, administratè Radyo-Tele karayib (RTVC)

Published on

Archives

Bandi ame kidnape Marc Théagène, administratè Radyo-Tele karayib (RTVC)

Pa two lwen Radyo-Tele karayib (RTVC), nan ang ri Marcelin ak riyèl Waag la, bandi ak zam kidnape Marc Theagène, administratè Radyo-Tele karayib (RTVC), ak tout madanm li. Se moun ame yo pa rive idantifye, abò yon machin tout teren (zoreken) ki te fè kidnapin sa a, lendi 28 fevriye, nan maten, vè 10 zè konsa, dapre yon sous nou ka fè konfyans.

Ravisè yo lage Pastè Lochard Rémy ak Doktè Martial Piard alyas Dòk Bekàn

Premye a, Pastè Lochard Rémy, finalman libere, apre fanmi li peye kòb pandan 3 fwa, e se nan samdi 26 fevriye, nan aswè, bandi yo lage li, apre 3 semèn li pase nan men kidnapè yo. Bandi ame yo te kidnape Pastè Lochard Rémy nan Tabarre, jou dimanch 6 fevriye 2022. Yo te lage li sou ranson, san yo pa di ki kantite sòm lajan fanmi an peye. Dezyèm lan, yo konnen sou non Dòk Bekàn, lage apre mwens pase 24 trè tan li pase nan men ravisè yo. Doktè Martial Piard lage san li pa bay senk kòb kwiv, apre bandi ak zam te kidnape li vandredi 25 fevriye, nan Pòtoprens, tou pre Lopital Inivèsite Leta d Ayiti (HUEH). Doktè Martial Piard, t ap travay kòm benevòl nan Matènite Isaïe Jeanty ak Léon Audain, Lopital Chanserèl ak yon ti bekàn. Li te toujou disponib pou tout fanm ki ta pral akouche.

Bandi ame krible ak bal yon bis «Voix des Anges»

Polisye Phillin Maurice mouri nan atak sa a, e plizyè lòt moun te blese. Ensidan sa a rive aprè bandi ame nan Matisan te atake, vandredi 25 fevriye 2022, bis «Voix des Anges», ki fè wout Pòtoprens – Kay. Nan moman atak la, bandi yo te vle fouye pasaje yo e te bare bab pou bab ak yon polisye e yon echanj kout zam te eklate. Bilan: polisye Phillin Maurice mouri nan atak sa a e plizyè lòt moun te blese.

Lapolis nasyonal kraze sovajman manifestasyon travayè yo

Bilan an: yon jounalis mouri, plizyè moun blese e lapolis arete (5) senk moun. Jan sa te anonse, mèkredi 23 fevriye 2022, plizyè santèn travayè SONAPI te pran lari pou mande yon salè minimòm 1500 goud. Ouvriye t ap manifeste pasifikman sou wout Ayewopò a, nan antre Vilaj Solidarite. Lapolis Nasyonal te itilize gaz lakrimojèn pou kraze mouvman ouvriye yo. Polisye yo te reprime sovajman ouvriye ki t ap mache sou wout Ayewopò a. Polisye yo te tire ak bal reyèl sou manifestan yo, kote yon jounalis mouri, plizyè moun blese e lapolis te arete (5) senk moun .

Apre asasina jounalis Lazarre Maxihen, manifestan yo te monte barikad ak gwo wòch, boule kawotchou nan chak kalfou sou wout Ayewopò a, pou pwoteste kont atitid vyolan polisye yo. Ajan UDMO yo te itilize gaz lakrimojèn pou dispèse foul la. Revòlte, travayè ki te fache kou konn te reponn yo ak anpil galèt leta.

Kòdonatè Santral Nasyonal Travayè Ayisyen yo (CNOHA), Dominique Saint-Éloi, pwomèt pou l kontinye mobilizasyon an, jiskaske travayè nan sektè soutretans yo jwenn 1500 goud kòm salè minimòm pa jou. Li konpare zak sa a ak entimidasyon pou anpeche travayè yo defann dwa yo.

Ronald Léon

Popular articles

Interrogations sur les motifs de refoulement des Haïtiens munis de visa américain, canadien ou Schengen

Le refoulement des Haïtiens, munis de visa américain, canadien ou Schengen, débarquant dans les...

Conférence de commémoration du 199ème anniversaire de la dette de l’indépendance d’Haïti:

" Impact de la dette de l'indépendance dans le sous-développement d'Haïti"Le Mouvement Point Final...

Instabilite

De l'instabilité sociopolitique dégradante aux ingérences des puissances impérialistes occidentales en Haïti, le peuple...

Mythe ou vérité ? Le peuple haïtien, pour son propre malheur, choisirait-il des bandits comme leaders?

 Les analystes politiques prennent le vilain plaisir de culpabiliser les victimes en guise de...

Latest News

HISTORICAL ACCOUNT OF HAITIAN PEOPLE FROM A DIFFERENT PERSPECTIVE

Rasin Ganga [email protected] Part five Peasants class versus the State  The Peasant Class creates mechanisms that render establishing a state...

ISTWA PÈP AYISYEN YON LÒT APWÒCH

Senkyèm pati aRasin [email protected] Peyizànri parapò ak leta Peyizànri an pwodwi yon latriye mekanis ki rann...

« Ayiti, le meilleur est à venir ! »

Après autour de deux siècles de tumultes et d'épreuves multiformes et pluridimensionnelles : notre...