24 Novamn, 2004
Gouvènman defakto a pa nan gou moun li yo!
(Ayiti Pwogre/Potoprens) Jedi 11 novanm lan, 6 pati politik: PNDPH, RANFÒ, ADEBA, CNTD, MRN ak REPAREN drese yon bilan sou gouvènman defakto a, 8 mwa aprè enstalasyon l. Lidè CNTD a, Joseph Fignolé Jean-Louis ki t ap pale nan non yo fè konnen ke ekip teknokrat la pa regle anyen pou soulaje soufrans popilasyon an. Sèl fason pou pwoblèm peyi a rive jwenn yon solisyon, daprè 6 pati politik sa a yo, se gouvènman an ki dwe bay demisyon l. Li di gouvènman defakto Gérard Latortue pa gen konpetans pou l dirije peyi a; prezidan defakto a, Alexandre Boniface echwe nan misyon l, donk plas li pa la ankò.
Lidè GREH a Himmeler Rébu tou fè konnen Rejim defakto a pa respekte pwomès yo te fè nan kad akò tranzisyon yo te siyen an. Li di gouvènman defakto ap dirije peyi a sèlman anfavè Gwoup 184 André Apaid la ak Konvèjans demokratik la. «Sèlman mal, bokou pi mal ke pèspektiv de solisyon yo pa evidan. Ke w genyen yon sitiyasyon ki pa bon, se yon ka, ke w poko wè kijan w ap sòti ladan l, se ankò pi grav. Aprè 8 mwa de pratik, se grav dotan pi grav ke w pa tèlman wè, pa gen pèsonn ki kapab di objektif prensipal gouvènman an, pa egzanp ki reyalize eleksyon yo, ou pa wè pèspektiv yo klè devan w. Okontrè chak pa ke yo fè ann avan ou wè kat yo vin pi bwouye. Gen yon aspè nan konsèy elektoral la ki fè 2, 3 gòj cho, 2, 3 ti pwoblèm, ti tripotaj ant moun e moun ki ofèt gen anba l yon gè de pozisyon pou pran kontwòl aparèy elektoral la, e pou al fè eleksyon yo anfavè yon gwoup moun, se vrè kesyon an.»
Bò kote pa l Federasyon etidyan e inivèsitè Dayiti (FEUH) kritike jesyon gouvènman defakto a tou. Oganizasyon yo fè konnen popilasyon a tonbe nan yon sitiyasyon ekonomik san parèy depi nèg sa yo pran pouvwa. Gouvènman sa a pa kapab satisfè bezwen elemantè popilasyon an, yo lanse yon apèl bay lòt jèn yo pou yo mobilize yo pou yo fòse gouvènman pran responsabilite l.
Lanmo 2 polisye
(Ayiti Pwogre/Potoprens) 2 polisye jwenn lanmò yo nan kapital nan dènyè jou sa yo, tankou pòtpawòl lapolis la, Jessie Cameau Coicou te konfime sa. Samdi 13 novanm lan Jean Nicolo, yon polisye nan sèvis sikilasyon jwenn lanmò li nan Lasalin. Lendi 15 novanm lan, nan aprèmidi, yon lòt polisye ki rele Wakin jwenn lanmò li sou boulva Jean-Jacques Dessalines. Moun ki touye polisye yo te pran zam ki te sou yo, daprè Jessie Cameau Coicou. Li te tou pwofite denonse movè trètman polisye yo ap resevwa anba men ansyen militè demobilize yo.
Gouvènman defakto te fè sòti yon kominike pou l te fè popilasyon konnen se sèl PNH ak Minustah ki gen dwa bay sekirite nan peyi a.
Anplwaye meri Tigwav mande touche 12 mwa!
(Ayiti Pwogre/Potoprens) Anplwaye vwari Tigwav menase kanpe travay nan jou k ap vini yo pou fòse otorite yo peye yo 12 mwa travay leta dwe yo: «Nou gen yon lane travay, nou pa touche, nou mande sèvis la silvouplè, se malere nou ye pitit nou lekòl, nou gen kay pou n peye, nou mande sèvis konsène a ak lakomin nan pou l fè dilijans pou l wè sa l ta fè pou nou. Kounye a nou mande 12 mwa salè nou… Bon si yo pa peye nou n ap fèmen meri a, n ap bloke meri a..» Majistra Tigwav la Emmanuel Lindor di li rekonèt meri a dwe anplwaye yo 12 mwa, men li fè konnen ke «nou dwe yo 12 mwa ariyè salè vrèman, nou ranpli dè fòmalite oprè de ministè de titèl, bon mentnan bagay yo an kou, e yè mwen te ale nan direksyon ministè Enteryè e Kolektivite teritoryal, yo di m ke y ap pran dè mezi pi rapidman posib pou yo kapab jwenn salè yo… »
Lapolis ap depale!
(Ayiti Pwogre/Potoprens) Pòtpawòl lapolis la, enspektè Bruce Myrtil pote dizon pa li sou enfòmasyon k ap sikile ki ta fè kwè genyen 21 ajan administrasyon Penitansye nasyonal (APENA) ki t ap manniganse yon konplo pou asasinen Premye minis Yvon Neptune nan Penitansye nasyonal. Li fè konnen ke «genyen 21 polisye APENA ki arete, ke lapolis ap tande nan enspeksyon jeneral, polisye sa yo konvoke pou fot administrativ grav, ladan yo gen youn ki ann izolman».
Avoka Reynold Georges te reyaji pou relve kèk kontradiksyon, li di ki genyen nan deklarasyon pòtpawòl lapolis la.. Li fè konnen, dapre kèk sous nan lapolis la, se sou enplikasyon ajan sa yo nan yon konplo pou asasinen prizonye politik Lavalas nan Penitansye nasyonal y ap kesyone yo. Donk Reynold Georges kwè genyen yon tantativ de divèsyon bò kote otorite lapolis yo: «Pòtpawòl la te di 27 moun, aprè m tande 21 moun ki arete nan konplo ki ta pral touye Yvon Neptune. Men yè yo fè konferans de près, kounye a la, yo di se pou fot administrativ, e yo di y ap di nan laprès, men ki y ap? Se kòm si m ta di w se laprès k ap bouyi zen oubyen moun k ap di, se ou ki te di afè w, gen kouraj di sa w te di a se pa sa, konplo nou t ap fè a mal pase, yo gen tan dekouvri nou, epi nou prezante eskiz, nou pap fè konplo a ankò. Tout kontradiksyon sa yo se paske tout moun sa yo mal arete, se menm moun yo ki fè tout konplo yo pou yo arete yon bann moun nan sektè Lavalas la pou yo anpeche pati politik yo rele pati Lavalas la, ki fò sou teren an pou l pa apiye yon moun oubyen pa voye moun nan eleksyon, dekouraje yo nan zafè eleksyon pou yo kapab fè brigandaj yo gen nan tèt yo a, se tou. Donk ou pa wè Brezil gen tan vin la a, l ap mande pèp ayisyen an pa fè konfyans a peyi ki konn abitye fè peyi a echwe, patikilyèman Etazini, se nou pou nou fè konfyans e ke … chita la vini avèk pati sosyalis, met nan tèt yo se pati sosyalis yo ki pi fò sou teren an. M gen nouvèl pou yo pati sosyalis pa gen okenn fòs sou okenn teren, tout nèg sa yo echwe ansanm avèk gwoup 184 la ki te fè GNB, ki lakoz yon bann etidyan mouri, yo fè kont lajan yo, gen nèg se al jwe lajan yo, ke yo fè mal sou do pèp la e ke mwen deja di pèp ayisyen an, kriz ki gen ann Ayiti a se yon kriz ki enpòte de laba, yo vinn mennen isit e enterè a se yon bagay ekonomik nou gen gwo bagay nan peyi a ke nèg yo bezwen pran pou y al lakay yo avè l »