6 Juillet, 2005

July 6, 2005

6 Jiyé, 2005
Vol. 23 No. 17

Inogirasyon yon komisarya nan Fò Nasyonal
Mèkredi 29 jen an, responsab defakto Polis nasyonal (PNH) yo, direktè jeneral la, Léon Charles ; sekretè Deta sekirite piblik la, David Bazile, pòtpawòl PNH la, Jessy Cameau Coicou; Direktè polis jidisyè a (DCPJ) Michaël Lysius e yon reprezantan fòs Nasyonzini ann Ayiti, Georges S. Celatou te inogire yon komisarya nan Fò Nasyonal ki te ansyen prizon fanm. Travay reparasyon ansyen prizon fanm yo koute plis pase 70 mil dola e se anbasad Etazini ki te bay defakto yo lajan sa a. Daprè sekretè Deta, David Bazile, se ajan kò dentèvansyon e mantyen lòd yo (CIMO) e yon kontenjan fòs Minustah a ki pral la. Men vrè misyon 2 fòs sa yo, se ranfòse estrateji nan katye popilè Bèlè ak Fò Nasyonal pou kontinye masakre pèp la.

PNH ak Minustah kontinye ap touye pèp la
Nan divès operasyon Polis nasyonal (PNH) la ak Minustah te fè nan plizyè katye popilè kouwè Site Solèy, Bèlè ak Delmas 2, yo te tiye plizyè dizèn jèn gason, e pami yo gen Emmanuel Coriolan. Popilasyon Site Solèy yo di ajan PNH yo ak sòlda Minustah yo pase tout yon lajounen ap tire sou kay yo. Nan zòn Bèlè ri Sen Maten ajan PNH yo ak Minustah yo rive touye yon andikape ki sou bekiy.

Pòtpawòl militan Bèlè yo, Samba Boukman, denonse masak sa yo fòs fè nwa yo ap fè sou mas pèp la nan katye popilè yo. Li di yo pap kraponnen, y ap kontinye batay la jiskaske prezidan Aristide retounen.

Kidnapin yo ap kontinye
Pandan dènye semèn mwa jen an kidnapin yo se pa sèlman nan lari y ap kidnape moun kounye a, kidnapè yo antre andedan lakay moun, nan lekòl al pran pwofesè. Se konsa samdi 25 jen an, 3 kidnapè ak gwo zam lou nan men yo te antre nan IHECE sou Lalue a, e kidnape pwofesè Amos Durosier pandan li t ap fè yon kou. Amos Durosier se direktè yon enstitisyon gouvènman defakto Gérard Latortue fenk kreye ki rele Inite de lit kont koripsyon (ILCK). Li te jwenn liberasyon li aprè bandi yo te jwenn ranson..

Madi 28 jen an, yo te kidnape yon responsab nan dwàn Pòtoprens ki rele Jean Philippe nan zòn bò lakay li sou Avni Poupela, e li jwenn liberasyon l kont yon ranson tou.

Nan zòn Mibalè, nan depatman Sant, kidnapè yo pran yon fanm, yo mande 25 mil dola pou yo libere l, mari l fè konnen li pa kapab rasanble tout lajan sa a. Genyen plizyè lòt ka kidnapin kote yo pè pale de yo sou presyon kidnapè yo.

Plas piblik yo abandone
Pa genyen okenn pwopte nan plas piblik yo nan kapital la. Plizyè plas piblik kouwè Channmas, Kanape Vè, Fontamara, Sen Maten, Ayewopò, etc.yo pa pran swen yo, yo pa fè netwayaj kouwè sa te konn fèt sou administrasyon gouvènman Lavalas la. Fatra finn anvayi plas yo, gazon pa netwaye, yo pa awoze yo, moun k ap pase yo rive menm fè bezwen yo la.

Koripsyon defakto nan komisyon kominal Pétionville
Prezidan komisyon kominal Pétionville la, Maurice Prosper, pa rive antann li ak yon lòt manm komisyon an ki rele Figaro Gaston, youn akize lòt de malvèsasyon. Maurice Prosper fè konnen li pa bay enpòtans ak akizasyon Figaro Gaston lage sou do l, kouwè : gabji administratif, gaspiyaj lajan Leta, li di li deja depoze dosye l nan ministè Enteryè. Li di se Gaston Figaro k ap gaspiye byen Leta kouwè yon machin Mitsubishi ki koute Leta 27 mil 500 dola li te achte ba li nan mwa out 2004, li kraze l nan zòn Fon Parisyen. Administrasyon kominal la bay Gaston Figaro 10 mil goud pou li achte tiyo pou fè kanalizasyon pou yon lekòl kominal, li pa fè travay la e li pa janm bay rapò sou lajan sa a. Figaro te mande administrasyon an 135 mil goud pou peye kay li rete, administrasyon an te refize ba l lajan sa a. Gaston Figaro lanse l nan yon operasyon teren nan Vivi Mitchel e l ap bay pou kont li pèmi konstriksyon, yon bagay ki kontrè ak yon avi direksyon kominal lan. Pou tout rezon sa yo, prezidan komisyon an, Maurice Prosper di li deside pote afè a devan lajistis. Gaston Figaro bò kote pa l te mande Inite lit kont koripsyon al mennen ankèt pa yo nan meri a.

Etazini ap bay 3 milyon pou «rekonstwi» Ayiti!
Mèkredi 29 jen an, komisyon relasyon entènasyonal chanm reprezantan Etazini vote yon pwopozisyon lwa ki vize pou mete an plas yon pwogram pou rekonstwi ekonomi ak enfrastrikti peyi Dayiti k ap dire 5 lane. Daprè lwa sa a, Etazini ap genyen pou l mete 3 milyon dola disponib pou Ayiti, sòti lane 2006 pou rive lane 2011. Se sèlman repibliken yo ki te vote lwa sa, demokrat yo te voye l jete, yo reklame yon gouvènman demokratik ann Ayiti. Epi tou 3 milyon sa a se pa menm lajan pòch pou Latortue!

PNH sou kontwòl Minustah
Rezolisyon 1608 Konsèy sekirite Nasyonzini an te pran nan mwa jen an, plase Polis nasyonal (PNH) la sou kontwòl Minustah. Konsèy sekirite a bay Minustah manda pou l kontwole tout manm polis la e tout lòt moun ki pou rantre nan polis la, Konsèy la retire tout kontwòl gouvènman defakto a sou polisye yo ak tout aspiran polisye. Pòtpawòl Minustah a Damien Onsès Cardona te pote kèk eksplikasyon pou jistifye desizyon Konsèy sekirite a: «Polis nasyonal Dayiti a ap gade otorite l ak endepandans li». Otorite defakto yo bò kote pa yo pa janm reyaji, men chèf kabinè patikilye prezidans defakto a fè konnen yo dakò pou merin Etazini yo ta debake nan peyi a, sou pretèks y ap vin ranfòse sekirite nan peyi a, nan moman eleksyon yo a.

Guehenno di sa grav
Sekretè jeneral adjwen fòs lapè Loni an Jean-Marie Guehenno fè konnen nan mèkredi 29 jen an ke sitiyasyon an nan sèten zòn nan peyi a pi grav pase nan kèk rejyon ki te devaste nan Dafou nan peyi Soudan avèk klima ensekirite a ak vyolans. Li di menm ranfòsman fòs Loni yo pa kapab garanti sekirite pou òganizasyon eleksyon yo.

CICR reprann aktivite l nan Site Solèy
Komite entènasyonal Kwawouj (CICR) anonse madi 28 jen an, li deside reprann aktivite li yo nan Site Solèy. CICR genyen 3 semèn depi l te sispann aktivite li yo nan Site a aprè 2 volontè te blese anba bal. Responsab CICR la, Walde Saugeron fè konnen desizyon an pran aprè plizyè rankont li te fè avèk tout sektè kouwè PNH, Minustah e gwoup ame nan Site a.

Fignolé Jean-Louis mande depa moun li yo!
Oganizasyon ki rele tèt li «Rezolisyon pou soutni operasyon 15 desanm 2002» reklame yon lòt fwa ankò madi 28 jen an depa gouvènman defakto Alexandre/Latortue a pou enkonpetans, gabji ak koripsyon ki se mak fabrik rejim lan. Youn nan responsab òganizasyon sa a, ki te nan ansyen opozisyon kont prezidan Aristide la, Fignolé Jean Louis di pa genyen anyen k ap mache nan peyi a, se yon sitiyasyon kawotik jeneralize. Fignolé Jean Louis akize kèk gwo otorite nan palè nasyonal ki ap vann djob ak moun ki bay plis lajan, ak plizyè milye chèk k ap sòti nan administrasyon piblik pou moun ki pa egziste, chèk zonbi. Premye minis defakto a Gérard Latortue te deja di genyen 2 mil chèk zonbi k ap sòti nan PNH la chak mwa.

Egzekisyon somè yo ap kontinye
Paran Brusso Rubens ak Nadia Sanon denonse jou 28 jen an disparisyon pitit yo epi yo al jwenn kadav la nan mòg lopital jeneral. Daprè temwayaj kèk manm fanmi an, se lapolis ki te arete 2 jèn sa yo mèkredi 22 jen an nan aswè. Nadia Sanon te genyen 4 mwa depi li ansent.

Yon lòt jèn ki rele Pouchon Louis te disparèt semèn pase a, lapolis te arete l nan zòn Taba, depi lè sa a fanmi msye pa janm genyen nouvèl li. Youn nan frè li yo fè konnen li pase nan tout komisarya polis e li pa jwenn li. .

Konpayi ayeryèn yo manke pasaje
Konsila Etazini nan peyi Dayiti deside yon lòt fwa ankò redwi pèsonèl li ann Ayiti. Li pran desizyon sa a aprè yon anplwaye l te jwenn lanmò l nan yon katye popilè nan kapital la. Liy ayeryèn yo fè konnen yo chaje ak pwoblèm tou, paske genyen anpil pasaje ki t ap vin pase vakans yo ann Ayiti, ki prefere ale nan lòt peyi. Yo di yo prè pou yo pran yon seri desizyon, si pa genyen anyen ki fèt pou mete fen a sityasyon sa a..

Lapolis antre lopital Medsen san Fwontyè
Polis nasyonal antre nan lokal òganizasyon Medsen san Fwontyè (MSF) nan ri Duncombe nan kapital la, sou pretèks yo t ap chache yon bandi ki te blese yon jou avan, nan yon operasyon PNH/Minustah. Polisye yo antre nan lopital la san otorizasyon e san jij de pè. Se sou entèvansyon yon responsab lopital la ki pa t vle kite yo antre nan sal kote malad yo ye, yo te sètoblije al chache yon jij de pè. Lè jij la te rive li di li pa t jwenn okenn «bandi». Chèf misyon Medsen san Fwontyè a, Ally Bènessi di lopital la se pa yon sant de refij pou bandi, se yon kote yo bay malad swen yo merite. Li di tou yo pran tout dispozisyon pou yo pa kite polisye antre nan lopital la, kouwè sa te konn fèt nan lopital jeneral, kote lapolis antre yo pran yon malad yo ale ak li.

Nòt pou laprès Fanmi Lavalas
Fanmi Lavalas ap infòme opinyon nasyonal ak entènasyonal, li pa bay manda ak sitwayen sa yo: Gérald Gilles, Yvon Feuillé ak Rudy Hériveaux pou angaje òganizasyon an nan okenn negosyasyon politik.

Fanmi Lavalas sezi tande nan laprès, otorite defakto yo ta aksepte bay yon pòs ministeryèl ak òganizasyon an nan kad yon operasyon kole pyese gouvènman defakto a.

Fanmi Lavalas demanti ak tout fòs li rimè sa yo ki gen pou objektif simaye konfizyon ak kraze gwo mobilizasyon politik mas pèp la tanmen depi kidnapin 29 fevriye 2004 la pou egzije respè manda prezidansyèl la jan atik 134-1 ak 41 konstitisyon an mande sa.

Fanmi Lavalas kwè li pa korèk pou l asosye l e menm fè l konplis yon gouvènman kriminèl, ilegal k ap bwè san pèp la, nan fè egzekisyon somè, asasinen pitit pèp la nan katye popilè yo pa bann ak pa makòn, nan fè revokasyon abitrè ak arestasyon san manda.

Fanmi Lavalas raple li toujou rete soude ak revandikasyon pèp la ki se :

  1. Mete fen ak represyon politik nan katye popilè yo.
  2. Libere tout prizonye politik yo ;
  3. Retou lòd konstitisyonèl k ap pase nan retou fizik prezidan Aristide.

Pou Fanmi Lavalas
Jonas Coffy,
Félito Doran,
James Derosin,
Lesly Fareau,
Joseph Joel John,
Job Glorius,
Sorel François,
Jean Bertrand Mathurin,
Marc Foreste Casséus,
Lesly Gustave,
Roger Millien,
Joseph Leprince Augustin

Deklarasyon Samba Boukman
Militan konsekan Lavalas, n ap kontinye kònnen lanbi mobilizasyon an manch long pou respè vòt nou, ak konstitisyon peyi a. Aprè plis pase 3 syèk esklavaj, Premye Janvye 1804, Ayiti pran endepandans li. 16 Desanm 90 Ayiti konnen premye eleksyon lib e demokratik. Noumenm militan konsekan Lavalas, nou sezi tande sousekretè Deta Ameriken M. Roger Noriega, lonje dwèt madichon l sou Prezidan konstitisyonèl peyi a Jean Bertrand Aristide, kòm moun k ap bay vyolans jarèt.

Jounen jodi a, nou pa ka konprann pou M. Roger Noriega ap pale de vyolans, pandan ke li asosye l ak Gwoup 184 rasis, pou l rekonèt yon gwoup moun gen dwa pran zam, pou ranvèse yon prezidan ki eli, selon konstitisyon peyi l. M ta renmen anbasadè Roger Noriega eksplike n, ki règ nan demokrasi pa yo a, keseswa, Kanada, Ozetazini oubyen Lafrans, ki bay yon opozisyon dwa pase vòt popilè a anba pye, tou senpman, paske lidè opozisyon sa a dòmi reve l sou pouvwa.

Noumenm militan konsekan Lavalas, nou konstate pandan administrasyon amerikèn nan ak rès kominote entènasyonal la, kòmanse ap fè demanch pou bon jan negosyasyon tanmen ant gouvènman Sud Afriken an ak Prezidan Jean Bertrand Aristide pou trase chimen lapè, daprè jounal «Le Figaro». Nou konprann se van panik sa a, ki fè anbasadè Noriega pèdi tèt li ansanm ak tout lòt akolit li yo nan Gwoup 184 la.

N ap mande M. Noriega, ki pi gwo vyolans ki genyen pase sa, lè 65% popilasyon an pa ka jwenn yon pla cho pa jou. San nou pa bliye : dlo potab, sante, edikasyon, lojman sosyal, travay elatriye…

Lè n gade ki kantite efò peyi Karikòm yo, Black Caucus, peyi Latino Ameriken konsekan yo, Lafrik, fè pou te jwenn solisyon sou kriz peyi a. Malgre sa, sa pa anpeche patizan anbasadè Noriega, ak yon gwoup boujwa san nasyonalite, ki la depi plis pase 200 zan ki gen monopòl peyi a nan men yo, nan fè kontrebann ; sik, farin, diri, pwa, lwil, mayi, zèl kodenn, pye kochon elatriye... yon fason pou detwi pwodisyon nasyonal la, pou mas peyizan yo pa jwenn anyen nan richès peyi a.

E n ap kontinye kònnen lanbi mobilizasyon an nan 4 kwen peyi a, pou egzije liberasyon tout prizonye politik Lavalas yo. Noumenm militan konsekan Lavalas, nou kondane tout operasyon maspinay k ap fèt nan katye popilè yo sou militan Lavalas yo, sou pretèks y ap chache bandi. E n ap pwofite voye senpati nou bay tout paran ak zanmi, frè ak sè nou ki viktim pandan operasyon Minustah ak lapolis.

Nou menm militan konsekan Lavalas objektif nou, se mobilize san pran souf, pou retou fizik Prezidan Jean Bertrand Aristide, pou respè vòt nou ak konstitisyon peyi a. Rivyè a laj ak sekou Bondye n ap travèse l kanmenm.

Pòtoprens, 1ye jiyè 2005