1 Février, 2006

February 1, 2006

1 Fevriye, 2006
Vol. 23 No. 47

Atak kont kanpay Lespwa a
Mèkredi 25 janvye a, pandan toune elektoral kandida Lespwa a, René Préval nan Wanament, òganizasyon Baz 52 a t ap tire anpil kout zam nan vil la. Sitiyasyon sa a te pwovoke yon gwo tansyon nan vil la kote tout aktivite yo te paralize.Sa te anpeche responsab legliz katolik yo nan Wanament chante yon mès an memwa 25 ayisyen ki te mouri toufe nan yon konntenè an Repiblik dominikèn.

Popilasyon Tirivyè touye yon chèf gang
Yon gwoup peyizan nan lokalite nan Palmis ki chita ant Tirivyè Latibonit touye ak kout manchèt samdi 21 janvye a, yon prezime chèf gang ki te rele Blanc Raymond e yo blese adjwen li Wislor alyas Ben Laden.

Daprè abitan yo, Blanc Raymond te konn pran tè peyizan yo pou vann ak akolit li yo. Yon peyizan te resevwa plizyè bal nan janm. Sitiyasyon sa a te soulve kòlè popilasyon an e pase alaksyon, yo touye prezime chèf gang lan.

Siyati yon akò 2 regroupman politik
2 regroupman politik Fizyon sosyo demokrat yo ak GFCD divalyeris Hubert De Ronceray a siyen yon akò lendi 23 janvye a, kote yo yo antann yo pou youn sipòte lòt nan dezyèm tou "eleksyon" yo.

Nouvo kòmandan Minustah a pran fonksyon
Lendi 23 janvye a, nouvo kòmandan Minustah, jeneral brezilyen, José Elito Carvalho de Siqueira pran fonksyon l nan yon seremoni ki te dewoule nan baz militè batayon brezilyen nan Taba. Seremoni sa a te dewoule an prezans jeneral chilyen an Eduardo Aldunate ki te asire enterima aprè lanmò jeneral Bacellar, anbasadè Brezil la Paulo Cordeiro ak plizyè lòt manm kò diplomatik la. Pa t genyen okenn ofisyèl gouvènman defakto Alexandre/Latortue a nan seremoni an.

Ambasadè chilyen an fenk louvri je li?
Anbasadè Chili a Marcel Young fè konnen kominote entènasyonal la genyen anpil pwoblèm avèk pil e pakèt prizonye politik k ap pouri nan prizon san jijman. Li deklare y ap fè anpil demach pou yo wè si yo ta rive korije sitiyasyon sa a. "Kominote entènasyonal la trè konsène e trè fristre ak sitiyasyon sa a".

Diplomat chilyen an voye jete enfòmasyon k ap sikile ki ta fè kwè genyen kèk manm Minustah ki ta enplike nan kidnapin, pandan li admèt genyen kèk sòlda ki ka komèt kèk erè.

Minustah kontinye ap tire sou popilasyon Site Solèy
Kòmandan Minustah a k ap kòdone diferan operasyon militè twoup nan depatman Lwès la, Mamounda, di se chak jou genyen akwochaj. "Kout zam w ap tande yo, se yon reyaksyon kout zam y ap tire kont nou, e sa ap kontinye lajounen kou lannuit. Sou kesyon dega yo, mwen pa kapab konfime. Toujou kout zam k ap tire kont nou epi nou reyaji".

Asasina 5 moun nan Matisan
Dimanch 22 janvye a, bandi ouvè kout zam sou yon bann kanaval ki rele Soul Rasta ki t ap mete animasyon nan katryèm avni Bòlòs e yo touye 5 moun. Nan demen lendi popilasyon an te leve ap boule kawoutchou, monte barikad, bloke sikilasyon nan zòn lan.

Etazini di li pap voye twoup
Nan yon editoryal jounal Washington Post te pibliye semèn pase a, li te mande administrasyon Bush la pou l angaje l pi plis ann Ayiti, pou l sipòte pwosesis demokratik la.. Washington te refize bay misyon Loni an ann Ayiti 5 elikoptè pou fasilite pwosesis elektoral la. Pòtpawòl depatman Deta a, reyaji pou l di Etazini pa wè enterè pou l voye twoup li yo ann Ayiti pou vin asire sekirite 2 semèn anvan "eleksyon" yo. Li fè konnen Minustah ap fè yon bon travay, Etazini pa bezwen voye twoup ann Ayiti.

Defakto yo kreye yon lòt komisyon
Gouvènman defakto a anonse madi 24 janvye a kreyasyon yon komisyon entèministeryèl pou mennen ankèt sou iregilarite ki ta genyen nan pwosesis elektoral la. Komisyon sa a genyen ladann: minis Jistis ak sekirite piblik la, Henri Dorléans, minis Enteryè ak kolektivite teritorya la, Paul Gustave Magloire, minis Kondisyon fanm ak dwa fanm yo, Adeline Magloire Chancy ak sekretè Deta jenès ak spò a, Paul Berne.

Daprè Henri Dorléans, komisyon an deja mennen ankèt sou pwosesis elektoral la nan plizyè depatman peyi a, kouwè Grandans, Sid, Nò, Sidès elatriye. Li fè konnen yo dekouvri plizyè iregilarite nan nivo enpresyon kat idantifikasyon nasyonal la, sant vòt yo ki sitiye twò lwen elektè yo. Se sa ase?

Vizit yon delegasyon entènasyonal
Sòti 19 pou rive 21 janvye, yon delegasyon kominote entènasyonal la te vizite peyi Dayiti pou evalye sitiyasyon politik la. Delegasyon sa a te genyen ladann: visminis e kèk gwo fonksyonè nan ministè Afè etranjè yo, Almay, Ajantin, Brezil, Kanada, Chili, Espay, Etazini, Frans, Gwatemala, Meksik, Pewou, Repiblik dominikèn e Irigwe. Pandan vizit sa a ki te dire 2 jou, delegasyon an te rankontre avèk prezidan defakto a Alexandre Boniface, direktè jeneral KEP la, Jacques Bernard, prezidan KEP la Max Mathurin, plizyè kandida pou prezidan, reprezantan sosyete sivil la.

Rankont sa yo te dewoule nan lotèl Montana e se reprezantan spesyal sekretè jeneral Loni an ann Ayiti anbasadè Juan Gabriel Valdés e sekretè jeneral adjwen OEA a, Albert Randin ki te dirije rankont yo.

Carli mande Dorleans pa fè divèsyon
Sekretè jeneral Komite avoka pou respè libète endividyèl (Carli), Renan Hédouville fè konnen dènye chanjman minis Jistis defakto a, Henri Dorléans fè nan aparèy jidisyè a se yon desizyon politik. Desizyon sa a genyen pou objektif detounen atansyon popilasyon an sou movè fonksyonman aparèy jidisyè a. Daprè Renan Hédouville, Dorléans ta fè yon pi bon bagay si l te okipe l dosye prizonye politik avèk tout lòt sitwayen k ap jemi sou baz detansyon prevantiv pwolonje.

Pwotestasyon etidyan Lekòl nasyonal enfimyè
Etidyan finisan Lekòl nasyonal enfimyè yo nan Pòtoprens fèmen pòt plizyè sèvis. Sitiyasyon sa a vin paralize fonksyonman enstitisyon an. Depi 3 mwa etidyan yo kòmanse yon mouvman pwotestasyon kont minis Sante piblik Josette Bijou, ki mande etidyan yo pou yo pase yon lòt ekzamen ofisyèl pou yo kapab jwenn diplòm yo. Etidyan yo fèmen pòt administrasyon an ak kontabilite. Pòtpawòl etidyan yo, Vivianne Alexandre akize Josette Bijou ki vle fèmen pòt tout lekòl piblik sante yo nan peyi a. Li te bay minis lan yon iltimatòm pou vandredi 27 janvye pou l te satisfè revandikasyon yo..

Fowom sosyal mondyal nan Venezyela
Plizyè milye reprezantan mouvman sosyal, òganizasyon sitwayen, militan pou lapè ak entelektyèl te patisipe madi 24 janvye a nan Caracas nan Venezuela nan yon "mach kont lagè e enperyalis" ki sèvi kòm aksyon inogiral sizyèm Fowòm sosyal mondyal la.

Plis pase 67 mil delege enskri pou 2 mil aktivite nan fowòm lan. Patisipan yo sòti 170 peyi, yo genyen pou yo debat plizyè tèm kouwè: enperyalis, rezistans popilè e entegrasyon latino ameriken.

Chanm komès Sidès mande bòykote pwodwi dominiken yo
Nan yon nòt pou laprès li mete deyò jedi 19 janvye a, an reyaksyon kont movè tretman Ayisyen yo ap sibi an Repiblik dominikèn, chanm komès ak endistri e pwofesyonèl Sidès (CCIPSE), mande tout ayisyen, sektè prive, "klas politik" la an patikilye, pa achte pwodui ki sòti an Repiblik dominikèn. Chanm komès Sidès la mande chak ayisyen pa ale nan peyi Sendomeng kòm touris pou pwoteste kont agresyon ak imilyasyon konpatriyòt nou yo ap sibi laba a. Li mande pou pa siyen kontra ak konpayi dominiken yo, li denonse tout fòm vyolans kèlkeswa pati politik ak lidè politik k ap sibi l nan moman an. Daprè chanm Komès la, se sèlman yon gouvènman inyon nasyonal ki kapab rebay peyi a plas granmoun li .

ANFVC denonse magouy Latortue
Asosiyasyon nasyonal fanm viktim koperativ an fayit yo (ANFVC) kritike yon lòt fwa, madi 24 janvye a fason otorite defakto yo te jere dosye sosyetè viktim yo. Nan konferans pou laprès, prezidant asosiyasyon an, Margareth Fortuné akize Premye minis defakto Gérard Latortue ki pran desizyon pou l bay pati politik yo 55 milyon goud nan 100 milyon ki te la pou repare sosyetè yo. Pati politik yo pran lajan sa a san yo pa di anyen. Lè Latortue te rive sou pouvwa nan mwa mas 2004, li te pwomèt, li pral repare sosyetè yo, alòske li t ap akize otorite Lavalas yo. Margareth Fortuné fè konnen Latortue fè pi mal pase moun ki te la anvan li a. Li denonse otorite defakto k ap negosye an kachèt avèk Bank nasyonal kredi (BNC) e avèk ansyen dirijan koperativ Kèzini, David Chery pou l ka fè debloke plis pase 2 milyon 5 san mil dola sou byen koperativ yo an favè gouvènman defakto anvan l kite pouvwa a.

Aktè yo ap pleyen pou kondisyon eleksyon yo
Yon semèn anvan premye tou "eleksyon" yo ki fikse pou madi 7 fevriye a, enstitisyon k ap mennen machin elektoral yo kouwè : Minustah, OEA, KEP la fè konnen tout bagay prèske pare pou eleksyon yo ta fèt nan dat yo te prevwa a. Men pati politik yo, kandida yo, plizyè manm KEP la, elektè yo ak plizyè obsèvatè ap kritike fason y ap jere pwosesis elektoral la. Plizyè milye elektè ap plenyen poutèt yo poko ka jwenn kat idantifikasyon nasyonal yo k ap pèmèt yo al vote; elektè ki pran kat pa yo fè konnen yo pap kapab mache plizyè dizèn kilomèt pou y al vote. Abitan Site Solèy di yo pa pral vote nan Pak endistriyèl, se nan Site a pou yo vote.

Manm BED ak BEK kouwè ajan elektoral ap fè grèv pou mande touche plizyè mwa ayere salè ak materyèl pou yo genyen pou fè travay yo.

Kandida pou depite pou Leyogàn sou banyè RDNP, Anthony Dumond denonse sitiyasyon elektè yo nan Leyogàn. "Fòk nou di w ke se yon katastwòf lè w gade gen plis pase yon milye moun ki deplase sòti nan seksyon Sitwonye pou yo vini retire kat elektoral yo. E laplipa ladan yo retounen bredouy, donk yo di ke kat poko vini e alò depi an jiyè yo fè kat yo. Donk noumenm n ap mande nou èske mesye yo te prè pou yo te fè eleksyon? Ki tip de eleksyon ke yo ap fè, èske se yon fason ke pou yo ka ruine kandida yo, donk nou pa konnen…"