Enstalasyon nouvo gouvènman an
Apre senatè yo ak
depite yo te fin apwouve deklarasyon politik jeneral li, Premye minis Jacques
Edouard Alexis, seremoni envestiti nouvo gouvènman an ki genyen 18 minis
te fèt nan vandredi 9 juin an nan palè nasyonal.
Retounen Ayiti nan Karikòm
Pandan 2 lane rejim
defakto Alexandre/Latortue a, Karikòm te ekskli Ayiti, e se konsa Sekretarya
Karikòm lan envite nouvo prezidan ayisyen an, René Préval nan 27tyèm konferans
Chèf gouvènman Karikòm yo, k ap fèt Sent Kitts e Nevis, sòti 3 pou rive 6 jiyè
kote Ayiti ap reprann membèship li nan oganizasyon an.
Ansyen Premye jamayiken an, Percival
Patterson te vizite Ayiti madi 6 juin an.
Sitiyasyon an pa amelyore nan Mapou
Sitiyasyon an
toujou rete près menm jan an pou sinistre nan Gonayiv ki 2 zan apre pasay
siklon Jeanne. Nan Mapou tou, yon lokalite nan Sidès a kote gwo inondasyon te
fèt. Nan Gonayiv pa genyen kouran, dlo potab genyen gwo pwoblèm sante, pil
fatra nan tout lari, ou ta di nan vil Gonayiv pa genyen otorite. Popilasyon an
denonse responsab defakto yo ki pa fè anyen pou yo, malgre lajan ki te debloke
pou viktim yo, ansyen Premye minis defakto a Gerard Latortue, ki se moun
Gonayiv, e ki pa respekte pwomès li te fè yo, pou : relokalize sinistre yo,
etc.
Nan Mapou, viktim yo toujou kontinye
ap viv anba tant, apre 2 lane. Yon abitan deklare: «Nou abandone nan lanfè nou,
nou genyen tout kalite pwoblèm : grangou, chomaj, sante.»
Jonas Petit demisyone
Madi 6 jen an, nan
yon nòt, reprezantan ai Fanmi Lavalas la, Jonas Petit fè konnen li demisyone
nan pòs sa a, men li toujou rete atache avèk pati a. Jonas Petit fè konnen li
te pati kite peyi a aprè koudeta 29 fevriye 2004 la, e li retounen nan peyi a
pou l vin reprann aktivite li yo epi kontinye milite nan Fanmi Lavalas pou
restriktire l. Jonas Petit ekri « Pèsyade yon travay konsa mande yon sèten
rekil pou byen konprann sitiyasyon politik peyi a e sitiyasyon Fanmi Lavalas an
patikilye, apre 2 lane absans. Nan sans sa a, mwen kwè, se ta yon bon bagay pou
… fè yon kanpe nan ranpli wòl reprezantan nasyonal ai Fanmi Lavalas.»
Bilan PNH
Mèkredi 7 jen an,
pòtpawòl polis nasyonal la (PNH) Frantz Lerebours te prezante bilan operasyon
lapolis pou dènye semèn lan. Li pale de yon nouvèl fòm banditis k ap devlope
nan kapital la; kote bandi yo rele moun nan telefòn pou fè yo menas kòm kwa y
ap vin kidnape yo.
Frantz Lerebours deklare: «Pou 43 fè
konstate, lapolis efektye semèn sa a, 68 arestasyon kont 79 semèn dènye kote yo
te trete 63 afè; 55 pou san arestasyon konsène atent entegrite fizik e 26 pou
san klase sou akizasyon asosiyasyon malfetè» Pi fò nan arestasyon sa yo te fèt
nan komin Kafou, Kwadèboukè e Petyonvil.
Nan Kafou lapolis anrejistre 24
arestasyon, pami yo 2 kidnapè, Mackenson Desfonciers ki genyen 21 lane e Delva
Jean Zacharie ki genyen 18 lane, ki te enplike nan kidnapin 2 timoun nan zòn
Bizoton 26 avril pase a. Paran timoun yo te sètoblije bay 10 mil dola e 150 mil
goud pou timoun yo te ka jwenn libète yo 13 me pase a.
DCPJ konplis nan chantay sou fanm nan prizon!
Komite avoka pou
respè libète endividyèl (CARLI) denonse pratik abi seksyèl k ap fèt sou fanm ki
fèmen nan prizon nan Direksyon santral polis jidisyè (DCPJ) a. Nan yon nòt pou
laprès, sekretè jeneral CARLI a, Renan Hédouville ekri: «Selon kèk enfòmasyon konfime,
plizyè fanm ki fèmen nan DCPJ e ki plase menm kote ak gason yo sètoblije bay
gwo sòm lajan pou yo kapab chape anba zak dagresyon seksyèl anba men prizonye
gason, k ap fè pratik sa yo avèk konplisite sèten ajan DCPJ.»
CARLI fè konnen li raple responsab
yo, sitiyasyon sa yo ale alankont sèten prensip sou pwoteksyon tout moun ki
fèmen nan prizon.
CARLI mande otortite konsène yo:
Direktè santral polis jidisyè a, Enspeksyon jeneral polis la, komisè gouvènaman
tribinal sivil premyè enstans Pòtoprens lan, pou y al mennen yon ankèt
apwofondi sou dosye a pou yo kapab idantifye otè ak konplis e pini konfòmeman
daprè lalwa.
Lapolis ap ankète sou yon ansyen kandida
Direktè jeneral
polis nasyonal la, Mario Andresol fè konnen lapolis ap mennen yon ankèt sou yon
ansyen kandida ala prezidans k ap bati 12 kay ansanm nan zòn nan kapital la.
Mario Andresol deklare : «Antame yon pwosedi, yon ankèt kont yon kandida,
yon ansyen kandida alaprezidans pou blanchiman dajan, yon nèg k ap bati 12 kay
yon sèl kou. Alò kounye a lapolis limenm sa l gen pou l fè nan ka sa a, sa vle
di fòk li kapab envestige pou l konnen. Gen yon bagay wong k ap pase la a…»
Moun Jeremi di yo pap peye
blackout!
Depi anviwon 2 mwa genyen yon blakaout jeneral ki frape chèf lye
depatman Grandans lan. Sitiyasyon sa a bloke tout aktivite nan vil Jeremi, tout
moun ap plenyen: komèsan ap plenyen pou pwodui yo k ap gate; machann dlo, ti
kawòl, bwason gazez fè konnen tout aktivite yo bloke ; yo pa kapab brase
nan lari a, pou peye lekòl pitit yo, bay manje nan kay la. Abone elektrisite
Deta Dayiti (EDH) yo nan Jeremi di pi ga pèson pote bòdwo elektrik devan pòt
lakay yo ba yo, paske yomenm yo pap peye blakaout.
Fo batistè nan Sen Michel Latalay
Visdelege Sen Michel Latalay la, Joseph Saint-Georges denonse livrezon fo batistè ki fèt plizyè
fwa nan Sen Michel Latalaye e lanse yon apèl bay ministè Lajistis pou l
pran dispozisyon pou mete fen ak pratik
sa yo. Joseph Saint Georges te eksplike: «Sa ki ap pase, sè ke genyen ofisye
Deta sivil Sen Michel la, ke lè peyizan nan zòn yon kote ki rele Boubè nan
setyèm seksyon kominal Mamon, Sen Michel Latalaye ki vin denonse kòm si yo wè
dè zòm k ap delivre batistè. Donk misye
di mesye yo osito ke nèg yo vin tounen, vin fè menm travay sa yo ankò pou yo
rele l. E se kòm de fèt, 7 me a, ofisye Deta sivil Sen Michel la akonpaye
lapolis al pran an flagran deli 2 mesye sa yo; yonn rele Mislo Jules, lòt la
Benoit Jules k ap delivre popilasyon an ak de nesans».
Ofisye deta sivil la t
ap poze yo kesyon, e mesye yo site non gwo otorite nan sistèm jidisyè nan
Gonayiv kou wè: komisè gouvènman Gonayiv la, mèt Louiselme, non ofisye ki
responsab eta sivil seksyon Sid Gonaiv la. Visdelege a, denonse enpinite ak
koripsyon k ap ravaje sistèm jidisyè nan Gonayiv ak nan Sen Michel. Li fè
konnen depi lapolis fin arete moun epi moun sa bay lajan l ap libere tou suit.
Pòtpawòl Minustah ap defann
Edmond Mulet la
Pòtpawòl Minustah, Sophie Bouteau Delacombe te pote kèk eksplikasyon sou
deklarasyon nouvo reprezantan sekretè jeneral Loni ann Edmond Mulet ki te
deklare ke lè l antre ann Ayiti, li pral travay pou l entegre jij etranje ki
pale franse nan sistèm jidisyè ayisyen an. Deklarasyon sa a te leve plim sou do
plizyè sektè.
Sophie Bouteau
Delacombe fè konnen se jis yon refleksyon nouvo Chèf Minustah a te lanse avan l
te rive ann Ayiti, sou diferan opsyon posib pou amelyore kondisyon lavi ann
Ayiti an kolaborasyon avèk gouvènman an: «Se kèk mwayen pou Minustah avèk
otorite ayisyèn yo amelyore kondisyon yo nan domèn jistis la men nan plizyè lòt
domèn, e diskisyon sa yo ap fèt nan tèt kole avèk prezidan, avèk Premye minis
lan e avèk ekip k ap travay avèk 2 responsab sa yo, e sitou nan kad renouvèlman
manda Minustah a.» Enben Edmond Mullet se yon timoun ki pa
konnen sa li ap di ?
Komisè a ap fè dilijans pou moun «pa li yo»?
Vandredi 2 jen an,
nan yon lèt, mèt Mario Joseph denonse jij enstriksyon, Jean F. Denis Pierre
Cyprien ki te fè parèt yon òdonans menleve anfavè kontab Radyo Kiskeya a Pierre
Nissage Saint-Joy ki te touye Abeille Desardouin jou 10 mas la, nan Kafoufèy.
Mario Joseph se avoka madanm Abeille Desardouin ak 2 pitit li yo, li te
konstitye pati sivil pou mande reparasyon. Depi 15 mas pase a, li te depoze yon
plent nan Pakè tribinal sivil Pòtoprens lan kont Pierre Nissage Saint Joy. Li
di li sezi wè òdonans sa a soti san kabinè enstriksyon pa janm resevwa plent
la. Li fè konnen li etone pou l wè mache prese ki genyen nan dosye sa a, pandan
anpil lòt dosye ap pouri nan tiwa lajistis.