Liberasyon direktè jeneral IKREF la
Apre 7 jou fèmen
nan Penitansye nasyonal epi nan anèks li an nan Pako, direktè jeneral inite
santral ransèyman finansyè an, IKREF, Jean Yves Noël, jwenn liberasyon lendi 29
me a. Se jij Jean Peres Paul ki te òdone liberasyon l sou demand avoka li yo.
Jean Yves Noël te jwenn arestasyon l lendi 22 me a sou plent isye tribinal
sivil Pòtoprens lan, Réginald Saint Jean, li akize l kòm moun ki te anlve epi
sekestre l pandan l t al siyifye yon desizyon jistis nan yon bank nan kapital
la.
Arestasyon direktè jeneral IKREF la
te soulve kèk pwotestasyon nan kèk òganizasyon nan sosyete sivil la kidonk
laboujwazi: yo te mande pou limyè fèt sou afè sa a.
Arestasyon 480 ayisyen an Repiblik Dominikèn
Otorite dominikèn
yo arete 480 ayisyen yo di ki t ap tante antre an Repiblik Dominikèn de fason
ilegal pandan fen mwa me a. Yo fè konnen yo te arete 100 ayisyen dimanch 28 me
a, lendi 29 me yo arete 200 e madi 30 me yo arete 180.
Edmond Mulet vle ranfòse
okipasyon an
Nouvo reprezantan sekretè jeneral Nasyonzini an an Ayiti, diplomat
gwatemaltèk la Edmond Mulet, ki rantre vandredi 2 jen an, te fè yon deklarasyon
avan sa, pou l te mande entegrasyon jij peyi frankofòn yo nan sistèm jidisyè
ayisyen an. Nouvo chèf Minustah a, Edmond Mulet, mande pou
l genyen plis pouvwa pase moun ki te la avan li an, Juan Gabriel Valdes.
Deklarasyon sa yo te pwovoke anpil
reyaksyon nan tout sektè nan peyi a, e menm demagòg ki t ap konspire pou vann
peyi a kou wè batonye lòd avoka bawo Pòtoprens la, Gervais Charles, ki kalifye
pwopozisyon sa a, kòm yon «volonte pou vyole konstitisyon ayisyèn lan» Pou
minis Jistis la, Henri Marge Dorléans «Se sou titèl yo vle mete jistis ayisyèn
la». Prezidan komisyon jistis sena a, Youri Latortue bò kote denonse sa l rele
«Yon two fòt enjerans kominote entènasyonal nan afè ayisyèn». Li fè konnen fòk
yo respekte souverènte nasyonal la. Rezo nasyonal defans dwa moun yo RNDDH
mande respè endepandans pouvwa jidisyè a. Tout sektè nan sosyete a kondane
deklarasyon Edmond Mulet la, yo fè konnen se pa yon solisyon pou pwoblèm
lajistis la ann Ayiti, se yon fo solisyon pou yon pwoblèm ki reyèl.
Eleksyon minisipal yo ant jiyè e septanm
Dapre konseye elektoral, Pierre Richard Duchemin, Konsèy elektoral
pwovizwa a (KEP) ap prepare l pou l òganize eleksyon minisipal e lokal yo ant
mwa jiyè e septanm. Konseye a fè konnen responsab KEP yo rive jwenn yon antant
avèk tout patenè nan pwosesis elektoral la pou yo ka òganize eleksyon yo nan dat yo prevwa a. Pierre Richard
Duchemin deklare: «Kòm nou konnen PNUD k ap jere fon yo, Minustah k ap bay
asistans teknik ann operasyon avèk KEP la e operatè KEP la nan diferans nivo
pral mete an bran l tout sa k posib sou plan teknik, administratif, lojistik
pou yo kapab reyalize objektif yo fikse a.»
Fowòm jèn nan Bamako
Ayiti ap prezan nan fowòm jèn yo sou devlopman medya yo k ap fèt a
Bamako nan Mali soti 4 pou rive 8 jen 2006. Fowòm sa a, se
yon rankont entènasyonal k ap reyini jèn k ap soti nan 46 peyi. Delegasyon
ayisyen la ap genyen l2 manm pèsonèl plan Ayiti ak 2 jèn k ap soti nan depatman
Nòdès ak Lwès.
Sa Latortue fè ak lajan yo?
Direktris rejyonal
Bank Mondyal, Caroline Anstey drese yon bilan negatif sou kantite lajan ki te
depanse nan kad pwogram CCI a sou gouvènman defakto Alexandre/Latortue. Li fè
konnen yo pa t mete ase lajan pou kèk sektè kouwè elektrisite e bidonvil
yo ; echèk nan lajistis. Li fè konnen bayè de fon ap genyen pou reyini nan
Pòtoprens 25 jiyè k ap vini la a pou evalye sitiyasyon an. Li deklare : «Si
priyorite gouvènman ap chanje, finansman bayè de fon dwe chanje sektè yo.»
Palmantè bò kote pa yo fè konnen yo pral konvoke responsab defakto yo pou yo
vin bay eksplikasyon sou 964 milyon dola bayè de fon ta debloke nan kad CCI a
pandan 2 lane rejim defakto a.
Kidnaping ap kontinye
Lendi 29 me a,
plizyè nèg ame antre lakay pwofesè Burel Decopain, ki te fèk rantre lakay li,
ale avèk li. Burel Decopain se visdwayen afè akademik nan « Institut des
Hautes Etudes commerciales et économiques, IHECE» e pwofesè nan fakilte dwa e syans
ekonomik nan Pòtoprens. Apre etidyan te fin pran nouvèl sa a, yo te fè 2 jou yo
t ap manifeste, madi 30 ak mèkredi 31 me kont kidnapin ak jij kowompi e mande
liberasyon pwofesè yo. Kidnapè yo te rive libere pwofesè a mèkredi swa byen ta
apre fanmi l te fin bay yon bon valè lajan kòm ranson.
Dapre yon dènye bilan PNH ak
Minustah pou mwa me a sèlman, yo anrejistre yo ventèn kidnapin e arete 31
prezime kidnapè. Men genyen plizyè lòt kidnapin ki ta fèt, lapolis ak Minustah
pa konte, fanmi yo trete san bri san kont avèk kidnapè yo.
Brezil ak Chili ap kite twoup yo
ann Ayiti
Minis Afè etranjè Chili a, Alejandro Foxley te chita pale avèk prezidan
Brezil la, Luiz Inacio Lula Da Silva e Chèf diplomasi li a, Celso Amorim, madi
a Brazilya sou sitiaysyon ann Ayiti. Yo deside pou yo kite twoup yo ann Ayiti
jiska se ke pwosesis lapè a jwenn yon bout. Rankont sa a te pèmèt yo evalye
evolisyon Minustah ann Ayiti e patisipasyon yo nan reyabilitasyon ekonomik
Ayiti anplis de objektif politik yo nan kad retablisman lapè sivil ann Ayiti,
Ajantin, Chili e Brezil se 3 peyi Amerik di Sid ki pi cho devan bann ann Ayiti
nan Minustah, yo 3 a yo fòme yon gwoup ki rele ABC, yo fè konnen yo genyen kèk
pwojè ekonomik pou ede gouvènman nouvo prezidan ayisyen an René Préval.
Vizit minis Afè Etranjè Kanada
Minis kanadyen Afè etranjè an, Peter Mackay anonse sou dosye
Premye minis ratifye a, Jacques Edouard Alexis, li te rankontre avèk komisyon
afè etranjè Chanm Komin lan pou l te
poze pwoblèm lan, li deklare gouvènman li an pra l fè tout sa l kapab pou l bay
nouvo Premye minis an, Jacques Edouard Alexis viza pou l antre nan peyi Kanada.
Li deklare « Pòt Kanada pral rete louvri pou M. Alexis, paske se yon bagay
trè zenpòtan pou nou jwenn posibilite pou diskite direkteman avèk Premye minis
Dayiti a ».
Premye minis Kanada a
bò kote pa l, Stephen Harper te retire responsabilite afè sa a sou do l, li
lage sou do ansyen gouvènman liberal premye minis Paul Martin an ak konseye li
depite liberal Denis Coderre li di ki te pran sanksyon kont Jacques Edouard
Alexis.
Prezantasyon politik jeneral
Apre anpil traktasyon ki t ap fèt sou fòmasyon nouvo gouvènman an;
prezidan sena a Joseph Lambert ekri Premye minis lan pou l mande vin prezante
deklarasyon politik jeneral li madi 6 jen an.