31 Mai, 2006

May 31, 2006

31 Me, 2006
Vol. 23 No. 11

Selebrasyon 203zyèm anivèsè drapo a

Jedi 18 me 2006 la, se te selebrasyon 203zyèm anivèsè drapo ayisyen an, ki fèt ankò ane sa a pou dezyèm fwa sou okipasyon twoup LONI yo. Nan okazyon sa a, nan Akayè prezidan René Préval, mande tout ayisyen yon lòt fwa ankò pou yo mete en pratik yon klima lapè, diyite e tolerans pou twoup yo ale pi rapid e pou favorize devlopman e souverènte peyi a. Li fè konnen sa pral pèmèt ogmante richès atravè envestisman nan peyi a, sa pral fè peyi a genyen kapasite pou l devlope tèt li san l pa lonje lamen touttan bay bayè de fon entènasyonal yo.

            Li deklare: «Tout moun ki pa vle lapè, ki pa peye taks oubyen ki lage yo nan kontrebann se trèt yo ye yo se enmi souverènte a.»

            Popilasyon Akayè a te aplodi prezidan Préval men yo te mande li arestasyon Premye minis defakto a, Gérard Latortue ak plizyè manm gouvènman li an pou vyolasyon konstitisyon an, dwa moun e pou tout lòt ekzasyon yo te komèt pandan 2 lane yo pase sou pouvwa a e sitou yo te manifeste pou mande retou prezidan Aristide.

 

Ankèt an Florid sou Michel Brunache

Genyen yon ankèt k ap mennen kounye a nan Floride pou rive detèmine ki relasyon ki genyen ant pyès presye kouwè emwod, ki te disparèt lakay chèf kabinè e bofis prezidan defakto a, Alexandre Boniface nan Miramar an Florid avèk pyès lò e emwod ki te disparèt nan Ilavach la yo. Se FBI ki te fè konnen vòlè te pase lakay Michel Brunache an Florid kote yo te pote ale plizyè objè presye kou wè: objè annò, ann emwod. Miami Herald ki te rapòte enfòmasyon sa a te fè konnen yo pat dekouvri okenn tras kraze brize.

            N ap raple w, responsab konpayi Etazini ki t ap chache objè presye anba lanmè nan Ilavach te fè konnen  yo te vòlè plizyè pyès lò e ak plizyè kanon bwonz epi transpòte yo nan Panama. Se gouvènman defakto Alexandre/Latortue a ki te siyen yon kontra avèk yon konpayi Etazini pou chache objè sa yo nan lanmè Ilavach. Donk responsab gouvènman defakto a, Gérard Latortue ta dwe reponn kesyon lajistis sou disparisyon richès peyi a.

 

«Blan yo pa vle lapè»!

Mèkredi 17 me pase a, batayon jòdanyen nan Minustah te pase mayèt la bay yon batayon militè brezilyen. Apre sa, kout zam te kòmanse ap tire nan 2 ou 3 pwen. Dapre twoup brezilyen yo pa genyen okenn sòlda yo ki viktim, men yo fè konnen genyen plizyè «bandi» ki tonbe.

            Responsab kontenjan brezilyen an nan Site Solèy te vin rankontre avèk responsab yo nan Site a. Yonn nan moun Site Solèy, Evans te deside angaje yon diskisyon dirèk avèk kòmandman brezilyen an nan yon blennde fòs Minustah sou yonn nan plas santral nan site a. Dapre enfòmasyon ki t ap sikile nan site a ta fè kwè sòlda brezilyen yo ta arete Evans; patizan Evans yo menm ta pran ann otaj yon kolonèl brezilyen ki rele Oldair, pou fè libere Evans ki te deklare: «Se lapè nou vle nan peyi a; blan yo pa vle lapè, yo dwe ale.» Minustah bò kote pa l, nan yon kominike li fè soti 22 me a demanti enfòmasyon ki ta fè kwè yo te pran yon ofisye kontenjan brezilyen an ann otaj nan Site Solèy. Vèsyon sa a, se jeneralman vèsyon GNBis yo. Dapre vèsyon kèk moun nan Site Solèy : Militè brezilyen te pèdi yon zam, yon M-16, Kwadèboukè. E, sèten moun fè konnen, zam lan desann dwat Site Solèy. Se konsa militè brezilyen yo ki ranplase jòdanyen yo al konvoke Evans pou l vin di dekiprevyen ak zam lan.

Se konsa, patizan Evans yo fè konnen pa gen pwoblèm, Evans ap vini ak yon moun pa li nan kanpman brezilyen ki tabli Site Solèy, bò mache a. Men, fò brezilyen yo kite yon wo grade ak yon lòt militè nan baz Evans. Choz di, choz fèt. Yo mennen Evans nan yon tank pou l palabre. Alapapòt Evans fè konnen li pa konn afè zam pèdi. Plis pase inèd tan pase e popilasyon an poko wè Evans. Sa w tande a, yon kòmansman manif anti-okipasyon kòmanse. Kèk kou dam pati. Patizan Evans dezabiye ofisye brezilyen an ki te nan men yo. E finalman, brezilyen yo lage Evans e patizan Evans yo lage brezilyen an.

 

Ensekirite nan kapital la

Pandan mwa me a, genyen 2 ka ki fè pale e soulve reyaksyon nan divès sektè. Vandredi 19 me a, bandi touye madanm yon ansyen prezidan Dayiti, Lucienne Heurtelou Estimé ki se vèv Dumarsais Estimé, nan ri Difò nan sant kapital la. 72 zè apre, dimanch 21 me a, yon ajan sekirite anbasad Etazini nan Pòtoprens, Wendo Bernard tonbe anba bal nan Fontamara 27. Asasina ajan sekirite anbasad Etazini sa a vin ajoute sou 2 lòt ajan sekirite menm anbasad la ki te tonbe nan lannuit premye pou louvri 2 mas 2006, nan zòn Boudon. Anbasad Etazini fè konnen l ap travay ansanm avèk polis Nasyonzini an UNPOL e Polis nasyonal la pou rive dekouvri nan ki sikonstans ajan sa yo jwenn lanmò yo.

 

Yon nouvo chèf pou Minustah a

Sekretè jeneral Nasyonzini an, Kofi Annan nonmen yon gwatemaltèk, Emond Mulet kòm reprezantan espesyal li e chèf Minustah, ki ranplase Juan Gabriel Valdés. Nouvo chèf Minustah ap genyen plizyè asistan: asistan espesyal sekretè jeneral Loni an, Lawrence G. Rossini; reprezantan PNUD lan ann Ayiti, Adama Guindo; kòmandan twoup Loni yo, lyetnan jeneral, José Elito Carvalha Sequeira e chèf UNPOL la Graham Muir.

            Emond Mulet te anbasadè Gwatemala nan Linyon ewopeyèn, nan Bèljik e Liksanbou, li te reprezante peyi l nan reyinyon preparatwa somè Amerik Latin ak Karayib la nan Linyon ewopeyèn.

 

Gérard Latortue al fè «godfather»!

Premye minis defakto a, Gérard Latotue pati kite peyi a madi 23 me a pou Florid. Te genyen yon diplomat etranje ak yon minis nan kabinè li a ki te akonpanye nan ayewopò entènasyonal la a 9 vè dimaten. Men dapre Biwo li, ki te fè soti yon kominike, se pa sove Gwo Gera sove, li t al patisipe nan batèm yon pititpitit li e se limenm ki parenn. Kominike a fè konnen: « Premye minis enterimè a genyen pou responsabilite pou l kondui afè kourant yo jiska se ke yon nouvo gouvènman antre an fonksyon e li genyen pou retoune fen semèn pwochen.»

 

Direktè UCREF la denonse move kondisyon prizon yo!

Lendi 22 me a, lapolis arete direktè jeneral Inite santral ransèyman finansye (UCREF), Jean Yves Noël sou lòd kabinè enstriksyon pou sekestrasyon yon fonksyonè lajistis. Kabinè enstriksyon te tande Jean Yves Noël epi transfere soti nan Penitansye nasyonal pou mete l nan anèks lanan Pako. Arestasyon sa a soulve reyaksyon plizyè òganizasyon GNBis ki di y ap defann dwa moun kouwè: Rezo nasyonal defans dwa moun (RNDDH), Pierre Espérance ap dirije; Sant ekimenik dwa moun (CEDH), Jean Claude Bajeux ap dirije. Antouka, apre anpil presyon jij Paul aksepte bay Noël yon men leve ekwou, donk yo lage l. Noël fè konnen, apre liberasyon ke prizon an rèd, prizonye yo nan move eta, yo paka rete nan kondisyon sa a. Sinon lè yo lage y ap vin kriminèl. Se kounye a li wè sa?

 

Patizan Lavalas yo mande retou Jean Bertrand Aristide

Depi envestiti prezidan Repiblik la, René Préval, patizan Lavalas yo deklanche dimanch 14 me a, tout yon seri mobilizasyon pou mande retou fizik prezidan yo a, Jean Bertrand Aristide nan peyi Dayiti san pèdi tan. Plizyè santèn patizan Lavalas te monte tant yo devan palè lejislatif 3 jou yonn dèyè lòt, lendi, madi e mèkredi ap manifeste pou mande yon sèl bagay : retou lidè ki ann egzil depi 2 lane ann Afrik di Sid. Pandan vizit prezidan Préval nan Palman an, manifestan yo te ba l mesaj sa a yon lòt fwa ankò : « Nou te vote Préval, pou lidè nou an Aristide retounen. Aristide ap retounen kanmenm, menm si genyen moun ki fache ».

            Manifestan yo te soutni kandidati Premye minis Jacques Edouard Alexis e yo te lanse yon mizangad bay tout palmantè ki ta ap fè dilatwa pou pa ta vote l.Manifestan yo pa t rete sèlman devan palman ayisyen an, yo te mobilize nan Site Solèy e devan Palèd jistis la pou mande liberasyon tout prizonye politik Lavalas yo k ap kwoupi nan prizon depi plis pase 2 lane san chaj kont yo.

            Pandan mobilizasyon sa yo, yo mande revokasyon direktè Kès asistans sosyal la (CAS) yo akize ki gaspiye lajan ki la pou malere yo nan kanaval Jakmèl e yo mande arestasyon Gérard Latortue pou vyolasyon dwa moun.

 

Amnesty International akize lapolis

Nan yon rapò li pibliye Lond 23 me 2006 la, Amnesty international lonje dwèt li sou lapolis ak gwoup ame yo nan vyolasyon dwa moun Ayiti. Li denonse pèsistans yon seri de pratik ann Ayiti ki ale alankont dwa fondamantal moun yo, kou wè gwoup ame ilegal yo ak kèk polisye ki te enplike nan fè masak sou popilasyon e kidnapin pandan lane 2005 lan. Li denonse evazyon ak liberasyon nan kondisyon trè sispèk ansyen manm fòs ame Dayiti (FADH) ak manm gwoup ame yo.

            Nan rapò sa a Amnesty International fè konnen genyen plizyè ansyen militè e paramilitè ki te patisipe nan masak ki te fèt nan prizon e ki jwenn mwayen pou yo sove, genyen yo libere san kondisyon, san okenn motif. Pou l fini, Amnesty international denonse deteryorasyon kondisyon lavi popilasyon an k ap kontinye.

 

Rankont Karikom nan Jamayik

Minis Finans Karikòm yo te reyini nan Kingston sou koz reta ki genyen nan mete kanpe yon fon devlopman, ki endispansab pou entegrasyon rejyonal, k ap genyen pou objektif pote yon èd finansye e teknik pou peyi yo, zòn ou sektè defavorize yo. Pòtpawòl blòk la, Léonard Robertson fè konnen fon devlopman sa a se yon mekanis fondamantal k ap pèmèt yo redui enpak mache inik karayibeyèn (MUC) sou lòt peyi yo. Genyen 6 peyi ki deja antre nan MUC la, Babad, Beliz, Guiyàn, Jamayik, Sirinam e Trinidad. MUC la pral fasilite mouvman machandiz, sèvis ak travay nan Karayib la, men yo prevwa yon pwogram devlopman pou peyi ki pi pòv yo. Genyen plizyè lòt peyi k ap prepare yo pou siyen akò a kou wè : Antigwa, Babouda, Dominik, Sen Kristòf, Sent Lisi e Sen Vensan e Grenadin.

 

 

Charles Rangel ap plede koz Ayiti

Reprezantan demokrat pou Eta Nouyòk la, nan kongrè Etazini an, Charles Rangel mande kòlèg li yo pou yo voye yon gwo mesaj bay Etazini, Kanada ak tout peyi pou yo akòde plis èd a nouvo chèf leta ayisyen an, René Préval pou pèp ayisyen ka rale yon souf apre plizyè ane boulvès. Mesaj sa a y ap transmèt la, ap fè konnen, kongrè Etazini an prè pou l franchi tout etap ki nesesè yo pou l kapab pouse biznisman yo al envesti.

            Charles Rangel fè konnen  li rete konfyan, kongrè ak prezidan Etazini an pral adopte yon lwa tousuit k ap ede de fason konsiderab devlopman ekonomik Ayiti. Dapre kongresman lan, lwa sa a ta dwe bay bon rezilta sou nouvo gouvènman ayisyen e fèt tout lòt gouvènman sou latè konprann Etazini kwè nan kapasite Ayiti e nan obligasyon li genyen pou l reyisi e kominote entènasyonal la dwe kenbe angajman yo te pran anvè Ayiti, paske yo te kidnape prezidan li Jean Bertrand Aristide.

            Lwa sa a dwe genyen ladan yon atik ki pou pouse envestisè Etazini yo vin envesti ann Ayiti e kèk dispozisyon ki pou fasilite enpòtasyon pwodui manifaktire Ayiti yo

 

Nou mande padon pou kalte «avoka sa a»!

Prezidan fransè a, Jacques Chirac antame mèkreti 24 me yon toune an Amerik Latin, nan peyi Brezil e Chili pou fè pwomosyon echanj ant antrepriz fransèz yo ak antrepriz 2 peyi sa yo.

            Pati sosyalis franse a te pwofite okazyon sa a pou l fè yon kominike soti madi 24 me a, pou l mande Jacques Chirac plede koz Ayiti. Li fè konnen Lafrans genyen yon responsabilite istorik patikilyè pou l fè l « avoka Ayiti nan Fon monetè entènasyonal (FMI) e Bank mondyal, e li espere vizit prezidan fransè nan Brezil dwe akonpaye ak kèk kèk inisyativ konkrèt anfavè Ayiti. Nou pa bezwen avoka kidnapè sa yo!

 

Kanada ap pran Jakmèl?

Chèf koperasyon kanadyèn lan, François Montour, ki te akonpanye gouvènè jeneral Kanada a, Michaëlle Jean, pandan vizit li nan vil Jakmèl, madi 16 me pase a, kritike jesyon kouran an nan vil Jakmèl. François Montour fè konnen sant semi otonòm elektrisite Dayiti a (EDH) nan Jakmèl te genyen mwayen pou bay 24 trè kouran chak jou, e se sèlman 16 zè l ap bay. Li di li pa konprann sa k ap pase nan EDH la nan Jakmèl. Sa k pase ki fè yo pa kapab bay lòt 8 tè kouran? François Montour anonse twazyèm faz pwojè EDH Jakmèl yon nouvo gwoup, pou l kapab ogmante 20 a 25 pousan kapasite pwodiksyon rezo a nan Jakmèl. Kanada pral finanse pwojè reyabilitasyon baraj idwoelektrik la, e twazyèm faz pwojè a ap koute anviwon 7 milyon dola kanadyen.

 

Fèt Sent Iv, patwon avoka yo

Vandredi 19 me a, avoka yo te selebre patwon yo, Sent Iv. Nan okazyon sa a, yo te fè chante yon mès nan Palè Jistis la, nan Pòtoprens ; se monseyè Eustache Saint Hubert ki te selebre e te montre nesesite pou avoka yo fè onè a patwon yo pandan y ap mete yo bò kote moun ki pa genyen gwo mwayen yo.

           

Diskisyon konpayi telefon

Depi konpayi telefòn mobil Digicel la antre sou mache a nan kòmansman mwa me a, genyen yon deba ki louvri sou sektè telekominikasyon nan peyi a. Lòt konpayi telefòn ki te deja ap fonksyone sou teren an refize entèkonekte ak Digicel. Comcel/Voila soulve plizyè revandikasyon ki poko satisfè, kouwè Digicel yo bay pi bon tretman, inegalite tretman nan kesyon franchiz ak modalite pèman yo, pataj la pa byen fèt nan enfrastrikti yo, genyen anpil feblès nan lwa ki reglemante sektè sa a e kondisyon entèkoneksyon an.

            Devan sitiyasyon sa a, Konsèy nasyonal telekominikasyon (Konatel) pral pwopoze yon dokiman pou reglemante sektè telekominikasyon an. Se yon konsiltan Konatèl, Schiller Jean-Baptiste ki te anonse pwopozisyon sa a, nan ouvèti yon kolòk sou refòm sektè sa a nan lotèl Montana nan Pòtoprens vandredi 19 me a.

 

Eleksyon yo an Repiblik Dominikèn

Madi 16 me pase a, an Repiblik Dominikèn plis pase 5 milyon dominikèn te al vote, pou eli 178 depite, 32 senatè e plis pase 1900 responsab minisipal. Eleksyon yo te genyen anpil iregilarite ak vyolans ki fè 8 moun mouri, dapre chif ofisyèl yo. Pati politik yo kritike Jent elektoral (JEC) la k ap bay rezilta yo an kont gout. Pati liberasyon dominikèn lan (PLD) k ap mennen nan eleksyon nan 20 pwovens sou 32, mande JCE a pibliye rezilta ofisyèl eleksyon yo.

            Pati revolisyonè dominiken (PRD) e Pati refòmis sosyal kretyen (PRSC) akize PLD pou abi pouvwa, prezidan PRSC a, Federico Antun fè konnen PLD itilize pouvwa pou l tante enfliyanse rezilta yo nan plizyè lokalite.